Annou di Jewova mèsi pou bonte ki plen lanmou li an
N ap komemore lanmò Kris 24 mas
1. Ki jan Jewova montre li gen yon bonte ki plen lanmou pou nou ?
1 Men sa salmis la te di : “ O, se pou nou di Jewova mèsi pou bonte ki plen lanmou li an e pou travay estrawòdinè li fè pou pitit gason lèzòm. ” (Sòm 107:8). Bonte ki plen lanmou Bondye a plis pase afeksyon li gen pou moun. Sa parèt klè nan pawòl louwanj enspire sa yo : “ Bonte ki plen lanmou w lan, o Jewova, kontinye soutni m. ” (Sòm 94:18). Vrèman, Jewova montre yon bonte ki plen lanmou ki estrawòdinè, lè li te bay sèl Pitit Gason li fè a pou nou ! — 1 Jan 4:9, 10.
2. Ki jan nou kapab montre rekonesans nou pou Jewova ?
2 Ki jan nou kapab di “ Bondye ki gen bonte ki plen lanmou ” an mèsi pandan Memoryal lanmò Kris la ap pwoche (Sòm 59:17) ? Nou chak, nou kapab rezève tan pou nou medite sou dènye jou yo Jezi te pase sou tè a (Sòm 143:5). L ap pwofitab tou pou nou suiv pwogram espesyal lekti Bib la pou epòk Memoryal la, jan sa parèt nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2005 lan. Si sa posib, nou ka fè lòt lekti ak lòt rechèch nan chapit 112-16 liv Le plus grand homme nan ak nan lòt piblikasyon biblik. Medite sou pasaj ou li yo, plonje ladan yo (1 Tim. 4:15). Lè nou reflechi nan lapriyè sou Pawòl Bondye a, non sèlman sa fòtifye kè nou, men tou, sa eksprime lanmou nou genyen pou Jewova — Mat. 22:37.
3, 4. a) Ki jan nou kapab imite atitid frè nou yo ki nan Liberya ? b) Kiyès ou prevwa envite nan Memoryal la ?
3 Ankouraje lòt moun pou yo di Bondye mèsi : Ane pase, te gen 16 760 607 moun ki te asiste Memoryal la nan lemonnantye. Sa gen kèk ane, nan yon vilaj nan Liberya, frè yo te ekri majistra a yon lèt pou fè l konnen yo gen entansyon selebre Soupe Seyè a nan vilaj l ap dirije a. Majistra a te bay frè yo pèmisyon pou yo itilize teren foutbòl vilaj la pou evènman sa a. Li te anonse evènman an nan zòn nan e li te envite moun yo vin asiste. Byenke se sèlman senk pwoklamatè ki te gen nan vilaj la, te gen 636 moun ki te vini nan Memoryal la.
4 Menm jan an tou, nou vle ede plis moun nou kapab pou yo vin selebre Memoryal la ansanm avèk nou. Èske li pa ta bon pou w fè lis non moun ou vle envite yo ? Imaj ki nan dènye paj Réveillez-vous ! 8 mas la ak sa ki nan dènye paj La Tour de Garde 15 mas la, lanse envitasyon pou moun vin nan Memoryal la. Ou kapab sèvi tou ak fich envitasyon yo. Ekri lè ak kote komemorasyon an ap fèt sou fich la yon fason klè, epi lese youn pou chak moun ou envite. Lè dat 24 mas la tou pre rive, fè chak moun sonje envitasyon an, epi fè aranjman pou yo vin nan Memoryal la.
5. Ki jan nou kapab ankouraje moun n ap etidye Labib avèk yo pou yo asiste Memoryal la ?
5 Ki jan nou kapab ede moun n ap etidye Labib avèk yo ki poko asiste reyinyon pou yo vin nan evènman an e pou yo tire anpil pwofi ladan l ? Pandan n ap kondui etid yo, pran kèk minit pou ede yo konprann enpòtans selebrasyon an. Ou ka jwenn bonjan enfòmasyon nan La Tour de Garde 15 mas 2004, paj 3-7, ak nan liv Comment raisonner a, paj 241-5.
6. Poukisa li enpòtan pou nou byen akeyi moun nou envite nan Memoryal la ?
6 Annou byen akeyi envite yo : Lè envite yo vini nan Memoryal la, al pale avèk yo epi byen akeyi yo (Wom. 12:13). Pran dispozisyon pou w chita bò kote moun ou te envite yo, epi asire w yo gen Bib ak kantik. N ap sitou pran inisyativ pou nou byen akeyi tout frè ak sè inaktif ki fè efò pou yo vin nan Memoryal la. Lanmou ak enterè nou demontre nou gen pou yo kapab ede yo rekòmanse frekante kongregasyon an regilyèman (Lik 15:3-7). Nan okazyon sa a, okazyon ki pi sakre a, se pou nou fè tout sa nou kapab pou nou ankouraje lòt moun pou yo vin mete ansanm avèk nou pou nou di Jewova mèsi pou ‘ bonte ki plen lanmou li an ki estrawòdinè ’. — Sòm 31:21.