Pwogram pou fanmi an — Reyinyon kongregasyon an
1 Si w se yon paran kretyen, ou ta renmen pou pitit ou yo grandi yon fason pou yo renmen Jewova, pou yo sèvi l, e finalman pou yo gen lavi etènèl nan monn nouvo Bondye pwomèt la. Ki jan w ka ede yo mete adorasyon Jewova a an premye nan lavi yo ? Youn nan prensipal fason ou ka fè sa se grasa egzanp ou ba yo (Pwo. 20:7). Gen yon sè ki sonje egzanp manman l, yon Temwen, kite pou li. Men sa sè a di : “ Pa t janm gen dout pou nou konnen si nou t apral nan reyinyon. ” Sa te fè yon gwo enpak sou li.
2 Èske fanmi w konprann objektif reyinyon kongregasyon an ? Enstriksyon nou resevwa nan rasanbleman sa yo ban nou fòs pou nou kontinye fè volonte Bondye, e konpayi nou jwi lè nou ansanm ak frè nou yo se yon sous ankourajman ki trèzenpòtan (Iza. 54:13 ; Wom. 1:11, 12). Sepandan, objektif prensipal reyinyon sa yo se pou nou fè louwanj monte pou Jewova “ pami foul moun ki rasanble yo ”. (Sòm 26:12.) Reyinyon kretyen yo ban nou posiblite pou nou demontre lanmou nou pou Jewova e pou nou adore l.
3 “ Byen veye ” : Si nou byen konprann objektif sakre reyinyon nou yo, sa ap pouse nou “ byen veye ” pou ofiramezi nou pa pran abitid rate reyinyon nan entansyon pou nou okipe bagay ki gen mwens enpòtans (Efe. 5:15, 16 ; Ebre 10:24, 25). Lè w ap fè pwogram pou fanmi w, ou ka kòmanse pa make lè reyinyon yo. Apre sa, veye pou w pa kite lòt aktivite pran pye sou yo. Asire w fanmi w bay asistans reyinyon yo priyorite nan lavi yo.
4 Èske sa pa touche nou lè n ap li ki jan frè nou yo venk plizyè obstak pou yo ka asiste reyinyon yo ak kongrè yo ? Menmsi w gendwa pa nan sitiyasyon ki grav tankou sitiyasyon frè sa yo, sandout ou menm tou, ou gen pwòp defi pa w pou w relve. Satan ap fè l pi difisil chak jou pou pèp Bondye a adore Jewova. Sepandan, ou mèt sèten pitit ou pap manke pa wè efò manm fanmi w fè avèk enèji pou yo ka asiste reyinyon yo. Vrèmanvre, lè w fè sa, ou ka ba yo yon kado espirityèl yo pap janm bliye.