Predikasyon an ede nou andire
1 Pawòl Bondye a egzòte nou pou nou “ kouri kous ki devan nou an avèk andirans ”. (Ebre 12:1.) Menm jan yon moun k ap kouri bezwen andirans pou l ranpòte laviktwa nan yon konpetisyon, menm jan an tou, nou bezwen andirans pou nou jwenn pri a, lavi etènèl (Ebre 10:36). Kòman ministè nou antanke kretyen ka ede nou andire fidèlman jiska lafen ? — Mat. 24:13.
2 Nou fòtifye espirityèlman : Lè nou fè konnen bèl pwomès ki nan Bib la konsènan yon monn nouvo ki jis, sa ede nou kenbe esperans nou vivan (1 Tes. 5:8). Lè nou patisipe regilyèman nan ministè a, nou gen okazyon pou nou fè konnen laverite nou aprann nan Bib la. Nou gen opòtinite pou nou defann fwa nou, e anretou sa pèmèt nou vin fòtifye espirityèlman.
3 Pou nou anseye lòt moun avèk efikasite, nou dwe byen konprann verite biblik yo nou menm. Nou dwe fè rechèch e nou dwe medite sou sa nou aprann. Bonjan efò nou fè nan sans sa a ap ede nou apwofondi konesans nou, l ap fòtifye fwa nou, e l ap reban nou fòs espirityèlman (Pwo. 2:3-5). Se sa k fè, toutpandan n ap chèche ede lòt moun, se fòtifye n ap fòtifye pwòp tèt nou. — 1 Tim. 4:15, 16.
4 Yon patisipasyon zele nan ministè a se yon pati enpòtan nan “ ekipman sòlda Bondye bay la ”, ekipman nou bezwen pou nou ka kanpe fèm kont Dyab la ak demon yo (Efe. 6:10-13, 15). Lè nou okipe nan ministè nou, sa ede nou kenbe espri nou fikse sou bagay ki edifyan e sa ede nou evite pou monn Satan an pa kòwonp nou (Kol. 3:2). Toutpandan n ap anseye lòt moun sou chemen Jewova yo, se raple nou kontinye ap raple nou nesesite pou nou kenbe yon konduit ki sen. — 1 Pyè 2:12.
5 Bondye ban nou fòs : Anfen, patisipasyon nou nan travay evanjelizasyon an aprann nou mete konfyans nou nan Jewova (2 Kor. 4:1, 7). Ala yon benediksyon sa ye ! Lè nou devlope yon konfyans konsa, non sèlman sa ekipe nou pou nou akonpli ministè nou, men tou, sa ede nou fè fas ak tout kalite sitiyasyon nou ka rankontre nan lavi a (Fil. 4:11-13). Vrèmanvre, aprann mete konfyans nou totalman nan Jewova se kle andirans (Sòm 55:22). Nan divès fason, predikasyon an ede nou andire.