Konsève yo
Ann kondui etid biblik k ap pwogrese
Paj mitan sa a se pwen kle nan seri atik ann kondui etid biblik k ap pwogrese a yo konpile ladan l. Seri atik sa a te parèt nan Ministè Wayòm nan. Nou ankouraje nou tout pou nou konsève paj mitan sa a e pou nou retounen ladan l lè n ap kondui etid biblik. Anplis de sa, yo ka atire atansyon sou pwen ki ladan l yo nan reyinyon pou predikasyon. E siveyan sèvis yo ka itilize l kòm baz pou diskou y ap fè lè y ap vizite gwoup etid liv yo.
1ye pati : Ki sa yon etid biblik ye ?
Si nou fè konvèsasyon sou Labib ak yon moun regilyèman, menmsi li tou kout, selon yon plan byen presi, e nan konvèsasyon sa yo nou sèvi ak Bib la ansanm ak yon piblikasyon ki fèt pou sa : se yon etid biblik nou tou ap kondui. Nou ka remèt rapò pou etid la lè nou gentan fè l de fwa apre nou te fin montre moun nan jan yon etid biblik fèt, e si gen rezon pou nou kwè se yon etid k ap kontinye. — km 7/04 p. 1.
Piblikasyon ki fèt pou etid biblik
◼ Ki sa Bondye vle nou fè ?
◼ Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
◼ Adorez le seul vrai Dieu
◼ Ou kapab vin zanmi Bondye ! Yo ka sèvi ak bwochi sa a pou etidye ak moun ki pa fè gwo klas oubyen ki pa li byen.
2yèm pati : Fè preparasyon pou nou kondui etid la
Nou bezwen prezante ide yo yon fason ki pou touche kè etidyan an. Sa mande pou nou fè bonjan preparasyon avèk bezwen etidyan an nan lespri nou. — km 8/04 p. 1.
Jan pou nou prepare
◼ Egzamine tit chapit la oubyen tit leson an. Apre sa, egzamine soutit yo, ansanm ak imaj, kare oswa nenpòt lòt bagay yo mete pou rann etid la pi klè.
◼ Chèche repons kesyon yo, souliye sèlman mo kle yo oubyen ekspresyon kle yo.
◼ Nan vèsè yo bay kòm referans yo, chwazi kiyès ladan yo w ap li lè w ap fè etid la. Ekri kèk remak tou kout nan maj piblikasyon ou sèvi pou w fè etid la.
◼ Prepare yon revizyon tou kout sou pwen kle yo.
Adapte etid la selon bezwen etidyan an
◼ Priye pou etidyan an, priye pou bezwen l tou.
◼ Reflechi alavans sou pwen etidyan an ka mal pou l konprann oubyen pwen li ka mal pou l aksepte.
◼ Mande tèt ou : ‘ Ki pwen l ap bezwen konprann oubyen l ap bezwen travay yon fason pou l pwogrese espirityèlman ? Ki jan mwen ka rive touche kè l ?
◼ Si sa nesesè, prepare yon egzanp, yon esplikasyon oubyen yon seri kesyon pou w ede etidyan an byen konprann yon pwen oubyen yon vèsè.
3yèm pati : Sèvi ak Ekriti yo yon fason ki efikas
Objektif nou lè n ap kondui etid biblik se “ fè disip ” pandan n ap ede moun yo konprann ansèyman ki nan Pawòl Bondye a, pou yo aksepte l e pou yo aplike l nan lavi yo (Mat. 28:19, 20 ; 1 Tes. 2:13). Poutèt sa, etid la dwe santre sou Bib la. — km 11/04 p. 4
Baze ansèyman n ap bay la sou Pawòl Bondye a
◼ Montre etidyan an kòman pou l jwenn vèsè yo nan pwòp bib li.
◼ Egzamine vèsè ki montre fondman biblik kwayans nou yo epi fè kòmantè sou yo.
◼ Sèvi ak kesyon. Olye pou w esplike etidyan an vèsè biblik yo, mande l pou l esplike w yo pito.
◼ Di bagay yo yon fason senp. Pa eseye esplike tout detay ki gen nan yon vèsè. Pale sèlman sou pwen ki nesesè pou fè ide a klè.
◼ Fè aplikasyon ki pratik. Ede etidyan an wè fason vèsè biblik yo aplike nan ka pa l pèsonèlman.
4yèm pati : Aprann etidyan yo fè preparasyon
Yon etidyan ki li leson yo alavans, ki souliye repons yo epi ki chèche reponn ak pwòp mo pa l, ap fè pwogrè espirityèl rapid. Se poutèt sa, yonfwa yon etid regilye fin etabli, nou bezwen prepare yon leson ansanm ak etidyan an pou montre l fason pou l fè sa. Pou pifò etidyan, l ap bon pou nou prepare tout yon chapit oswa tout yon leson ansanm avèk yo. — km 12/04 p. 1.
Souliye repons yo epi pran nòt nan maj la
◼ Esplike etidyan an fason pou l jwenn repons egzak kesyon yo poze yo.
◼ Montre etidyan an piblikasyon pa nou an kote se sèlman mo kle yo oubyen ekspresyon kle yo nou souliye.
◼ Ede etidyan an konprann chak vèsè yo bay kòm referans soutni yon pwen nan paragraf la. Epi montre l fason pou l ekri ti nòt tou kout nan maj piblikasyon l ap etidye a.
Fè yon koudèy jeneral epi fè yon revizyon
◼ Montre etidyan an fason pou l egzamine tit chapit la oubyen tit leson an, soutit yo ansanm ak imaj yo anvan li kòmanse preparasyon an afon.
◼ Ankouraje etidyan an pou l fè revizyon sou pwen kle yo nan fen preparasyon an.
5yèm pati : Prevwa kantite paragraf n ap egzamine
Kantite paragraf n ap egzamine depann de kapasite ni anseyan an, ni etidyan an ansanm ak sitiyasyon yo toule de. — km 1/05 p. 1.
Ede yo gen yon fwa ki solid
◼ Sa ki enpòtan, se pa kouri ak etid la, men se ede etidyan an byen konprann Pawòl Bondye a.
◼ Pran tout tan ki nesesè pou nou ede etidyan an konprann sa l ap aprann nan e pou l aksepte l.
◼ Pran ase tan pou nou egzamine vèsè kle yo, yo menm ki baz ansèyman yo.
Kondui etid la yon fason pou l avanse
◼ Si yon etidyan gen tandans pale twòp sou bagay pèsonèl, petèt n ap bezwen fè aranjman pou nou pale sou sa apre etid la.
◼ Pa pale twòp pandan etid la. Limite pwen oswa eksperyans n ap rakonte yon fason pou yo pa anpeche etidyan an jwenn konesans egzak sou ansèyman de baz ki nan Bib la.
6yèm pati : Lè yon etidyan poze yon kesyon
Yonfwa yon etid biblik fin byen etabli, an jeneral, li pi bon pou nou egzamine ansèyman biblik yo nan lòd olye pou nou sote yon sijè tonbe nan yon lòt. Sa ap ede etidyan an pou l bati yon bon fondman anrapò ak konesans egzak la epi pou l pwogrese espirityèlman. — km 2/05 p. 6.
Nou bezwen gen disènman
◼ An jeneral, nou ka reponn kesyon ki gen rapò ak sijè n ap etidye a menm kote a.
◼ Kesyon ki pa gen rapò ak sijè n ap etidye a, oswa ki mande pou nou fè rechèch nou ka egzamine yo yon lòt fwa. Li ka itil pou nou ekri kesyon sa yo.
◼ Si yon etidyan mal pou aksepte yon ansèyman byen presi, egzamine lòt piblikasyon ki trete sijè a afon.
◼ Si etidyan an toujou pa satisfè, kite sijè a pou yon lòt fwa epi kontinye etid la.
Nou bezwen gen modesti
◼ Si w pa konnen repons yon kesyon, pa bay pwòp opinyon w.
◼ Etap pa etap, montre etidyan an jan pou l fè rechèch.
7yèm pati : Lè nou priye nan etid la
Benediksyon Jewova esansyèl pou moun n ap etidye Labib avèk yo fè pwogrè espirityèl. Pakonsekan, lè yon etid byen etabli, li bon pou nou priye ni lè n ap kòmanse ni lè n ap fini etid la. — km 3/05 p. 4.
Lè pou nou kòmanse ak lapriyè
◼ Souvan, li posib pou nou kòmanse priye avèk moun ki enterese nan kesyon relijyon depi nan premye etid la.
◼ Pou kèk lòt moun n ap etidye avèk yo, petèt n ap bezwen disène moman apwopriye pou nou kòmanse etid la ak lapriyè.
◼ Nou ka sèvi ak Sòm 25:4, 5 ak 1 Jan 5:14 pou nou esplike poukisa nou lapriyè.
◼ Nou ka itilize Jan 15:16 pou nou montre nou dwe priye Jewova nan non Jezi Kris.
Ki sa priyè a ka gen ladan l
◼ Li apwopriye pou nou bay Jewova louwanj, paske se li menm ki Sous enstriksyon an.
◼ Di pawòl ki montre enterè sensè nou genyen pou etidyan an.
◼ Eksprime rekonesans nou pou òganizasyon Jewova sèvi avè l la.
◼ Mande Jewova pou l beni efò etidyan an fè pou l aplike sa li aprann yo.
8yèm pati : Dirije etidyan yo pou yo vin nan òganizasyon an
Objektif nou lè n ap kondui etid biblik se pa sèlman aprann etidyan yo ansèyman fondamantal yo, men tou se pou n ede yo pou yo vin fè pati kongregasyon kretyèn nan [...] Pran kèk minit chak semèn lè n ap fè etid la pou nou pale ansanm ak yo sou yon pwen konsènan òganizasyon Jewova a. — km 4/05 p. 8.
Reyinyon kongregasyon an
◼ Esplike yo chak reyinyon ki fèt nan kongregasyon an. Envite yo vin asiste reyinyon depi nan premye etid la.
◼ Pale ak yo sou pwen remakab yo te abòde nan reyinyon yo.
◼ Chofe etidyan yo pou Memoryal, asanble ak vizit siveyan sikonskripsyon an.
◼ Sèvi ak foto ki nan piblikasyon yo pou nou ede yo wè sa k ap fèt nan reyinyon sa yo.
◼ Ankouraje yo pou yo li bwochi Temwen Jewova : Kilès yo ye ? Nan ki sa yo kwè ?
Sèvi ak Kasèt videyo yo pou nou ogmante rekonesans yo
◼ Les Témoins de Jéhovah : un nom, une organisation.
◼ Toute la communauté des frères.
◼ Unis grâce à l’enseignement divin.
◼ Jusqu’aux extrémités de la terre.
9yèm pati : Prepare etidyan yo pou yo bay temwayaj enfòmèl
Toutpandan moun n ap etidye Labib avèk yo kòmanse egzèse lafwa nan sa y ap aprann yo, yo santi yo pouse pou yo pale de sa. — km 5/05 p. 1
Ankouraje yo bay temwayaj
◼ Èske gen kèk zanmi yo ak kèk manm fanmi yo yo ta kapab envite vin asiste etid la ?
◼ Èske gen kòlèg travay yo, kamarad lekòl yo, oswa lòt moun yo konnen ki montre yo enterese ?
Fòme yo pou yo pataje kwayans yo
◼ Pandan etid la, lè n ap pale sou kèk pwen apwopriye, mande etidyan an : “ Ki jan w ta ka sèvi ak Bib la pou w esplike manm fanmi w verite sa a ?
◼ Ede etidyan an konprann nesesite pou li montre respè e pou l janti lè l ap pale ak lòt moun konsènan Bondye ak objektif li.
◼ Etidyan yo ka sèvi ak Bwochi Temwen Jewova : Kilès yo ye ? Nan ki sa yo kwè ? pou yo ede zanmi yo ak manm fanmi yo byen konprann kwayans nou ak aktivite nou ki baze sou Bib la.
10yèm pati : Fòme etidyan yo pou predikasyon kay an kay
Depi ansyen yo deside yon moun k ap etidye Labib ranpli kondisyon pou l sèvi antanke pwoklamatè ki poko batize, moun sa a ka kòmanse patisipe nan predikasyon ak kongregasyon an. — km 6/05 p. 1.
Prepare ansanm
◼ Montre nouvo pwoklamatè a ki kote li ka jwenn prezantasyon modèl.
◼ Ede l chwazi yon prezantasyon senp ki pratik pou tèritwa a.
◼ Ankouraje l sèvi ak Bib la nan ministè l.
◼ Fè repetisyon ansanm. Montre l kòman pou l reponn avèk tak ak objeksyon ki kouran nan tèritwa a.
Preche ansanm
◼ Kite etidyan an suiv pandan w ap fè prezantasyon nou te prepare ansanm nan.
◼ Pran an konsiderasyon tanperaman etidyan an ansanm ak kapasite l. Nan kèk ka, li ka pi bon pou w kite l fè sèlman yon pati nan prezantasyon an.
◼ Ede nouvo pwoklamatè a etabli yon pwogram k ap pèmèt li patisipe regilyèman nan ministè a.
11yèm pati : Ede etidyan yo fè vizit
Preparasyon pou yon vizit kòmanse depi premye fwa nou rankontre yon moun. Ankouraje etidyan an pou li montre bonjan enterè pou moun l ap pale avèk yo. Etap pa etap, aprann nouvo pwoklamatè a kòman pou li fè moun yo di sa yo panse, pou li koute yo lè y ap pale e pou li disène sa ki enterese yo. — km 7/05 p. 1.
Prepare nou pou nou retounen
◼ Revize sa ki te di nan premye rankont lan, epi ede etidyan an chwazi yon sijè k ap enterese moun li te rankontre a.
◼ Prepare ansanm yon prezantasyon ki tou kout, ki gen ladan l yon vèsè biblik ansanm ak yon paragraf nan yon piblikasyon.
◼ Prepare yon kesyon nou ka poze nan fen konvèsasyon an.
Suiv enterè a avèk dilijans
◼ Ankouraje etidyan an pou l pran bon abitid retounen vizite byen vit tout moun ki montre yo enterese.
◼ Ede etidyan an wè nesesite pou li gen pèseverans lè l ap chèche repran kontak ak moun ki difisil pou l jwenn yo.
◼ Aprann etidyan an kòman pou li pran randevou, epi ede li konprann nesesite pou li retounen jan li te pwomèt la.
12yèm pati : Ede etidyan yo kòmanse etid biblik e ede yo kondui yo
Li trèzenpòtan pou w imite Jezi, pou w bay yon bèl egzanp nan ministè w. Ofiramezi etidyan w lan ap suiv egzanp ou ba li nan ministè a, l ap vin reyalize objektif yon moun k ap fè vizit se pou l kòmanse etid biblik. — km 8/05 p. 1.
Ofri yon etid biblik
◼ Esplike etidyan an, an jeneral, li pa nesesè pou nou di moun nan an detay sa yon etid biblik enplike.
◼ Souvan, li pi bon pou nou annik montre moun nan jan yon etid fèt. Pou nou fè sa, n ap sèvi ak youn oswa de paragraf nan yon piblikasyon nou itilize pou nou fè etid.
◼ Fè revizyon sou youn nan sijesyon yo bay pou kòmanse etid biblik yo epi fè repetisyon sou li. — km 8/05 p. 8 ; km 1/02 p. 6.
Fòme etidyan yo pou yo vin anseyan
◼ Ankouraje etidyan yo pou yo enskri nan Lekòl ministè teyokratik.
◼ Fè aranjman pou nouvo pwoklamatè yo akonpaye nou nan lòt etid biblik, kote yo ka gen yon ti patisipasyon nan ansèyman an.