BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/05 p. 7
  • Se pou nou kontinye bati youn lòt

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou nou kontinye bati youn lòt
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • Fè byen epi pataje ak lòt moun
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Annou youn bati lòt lè nou nan ministè a
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Ann “kontinye fòtifye” youn lòt
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Konvèsasyon espirityèl edifye moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 9/05 p. 7

Se pou nou kontinye bati youn lòt

1 Apot Pòl te fè tout sa l kapab pou l fòtifye frè l yo (Tra. 14:19-22). Menm jan an tou, nou sousye de frè nou yo lè y ap fè fas ak sitiyasyon difisil. E nou ta renmen ede yo. Labib montre se nou tout ki dwe enterese ak lòt moun, se pa ansyen yo sèlman (Wom. 15:1, 2). Annou konsidere de fason nou ka suiv konsèy chaje lanmou sa a ki di : “ Se pou nou kontinye rekonfòte youn lòt e se pou nou kontinye bati youn lòt. ” — 1 Tes. 5:11.

2 Disène bezwen lòt moun : Pawòl Bondye a aprann nou Dòkas “ te konn fè anpil bon aksyon ak anpil don mizèrikòd ”. (Tra. 9:36, 39.) Li te pran ka moun ki nan bezwen e li te konn fè sa l kapab pou l ede yo. Ala yon bèl egzanp li kite pou nou ! Petèt ou aprann gen yon pèsòn aje ki bezwen yon woulib pou l al nan reyinyon. Oubyen petèt gen yon pyonye ki pa gen moun pou soti nan predikasyon avè l yon aprèmidi nan semèn nan. Si w disène yon bezwen konsa, e ou ofri yon èd ki pratik, imajine kòman sa ap ankourajan pou moun sa a !

3 Konvèsasyon espirityèl : Nou kapab bati lòt moun tou ak pawòl nan bouch nou (Efe. 4:29). Yon ansyen ki gen eksperyans di : “ Si w ta renmen bay moun ankourajman, pale de bagay espirityèl. Pou w kòmanse yon konvèsasyon ki edifyan, ou kapab itilize yon senp kesyon tankou : ‘ Ki jan w te fè aprann laverite ? ’ ” Montre yon enterè sensè pou moun ki jèn nan kongregasyon an. Enterese nan moun ki dekouraje, moun petèt ki timid (Pwo. 12:25). Pa kite dyalòg sou divètisman ki gen nan monn nan anpeche nou fè konvèsasyon espirityèl ansanm ak frè nou yo. — Wom. 1:11, 12.

4 Men, ki sa w ka di pou w bati lòt moun ? Èske tou dènyèman, nan lekti biblik ou te fè oswa nan etid pèsonèl ou, ou te jwenn yon prensip ki te ogmante rekonesans ou pou Jewova ? Èske gen kèk bagay ou te tande nan yon diskou piblik oswa nan yon etid Toudegad ki te ankouraje w ? Oubyen èske gen yon eksperyans ki te rekonfòte fwa w e ki te touche kè w ? Si nou cheri pèl espirityèl sa yo, n ap toujou gen yon bagay ankourajan pou n pataje ak lòt moun. — Pwo. 2:1 ; Lik 6:45.

5 Nou swete pou youn kontinye bati lòt toutpandan n ap ofri yon èd ki pratik e n ap sèvi ak lang nou avèk sajès. — Pwo. 12:18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje