Devlope kapasite nou genyen pou nou rezone ak lòt moun
1. Ki pòsyon biblik nou pral egzamine, e poukisa ?
1 Diskou apot Pòl la, nan yon sinagòg nan vil Antyòch ki nan yon rejyon yo rele Pisidi, bay yon bèl egzanp sou fason pou nou rezone ak lòt moun. Nou jwenn diskou sa a nan travay 13:16-41. Pòl te konsidere fòmasyon moun ki t ap koute l yo genyen ak fason yo panse, e li te adapte prezantasyon l lan. Pandan n ap egzamine pòsyon sa a, annou chèche wè ki jan nou kapab fè menm jan nan ministè nou.
2. Ki sa nou aprann nan fason Pòl te kòmanse diskou l la ?
2 Chèche yon teren antant : Malgre mesaj Pòl la te santre sou wòl kle Jezi jwe nan reyalizasyon pwogram Bondye a, li pa t kòmanse diskou l la avèk pwen sa a. Li te pito pale ak oditwa l la, ki te gen pifò Juif ladan l, sou yon pwen yo te dakò avèk li : istwa pèp juif la (Tra. 13:16-22). Nou menm tou, n ap vin pi efikas nan touche kè moun yo si nou chèche jwenn yon teren antant avèk yo. Sa kapab mande pou nou poze yo kesyon avèk tak pou n ankouraje yo eksprime panse yo, e pou nou koute yo avèk atansyon yon fason pou n byen disène sa ki vrèman enpòtan pou yo.
3. Ki sa k fè l te difisil pou moun ki t ap koute Pòl yo aksepte Jezi se Mesi yo te pwomèt la ?
3 Pandan Pòl t ap pale sou istwa Juif yo, li te fè moun ki t ap koute l yo sonje pwomès Bondye te fè pou l ba yo yon sovè nan liy fanmi David la. Sepandan, anpil nan Juif yo t ap tann yon ewo militè ki ta dwe retire yo anba dominasyon women an, e ki ta dwe mete nasyon juif la anlè tèt tout lòt nasyon yo. Pa gen dout, yo te konnen chèf relijye juif yo te rejte Jezi, yo te livre l nan men otorite women yo, e yo te touye l. Kòman Pòl t apral konvenk yo Sila a se Mesi yo te pwomèt la ?
4. Kòman Pòl te fè pou l rezone yon fason ki efikas avèk Juif ki t ap koute l yo ?
4 Adapte prezantasyon nou : Lefètke Pòl te konnen fason moun ki t ap koute l yo panse, li te itilize Ekriti yo pou l rezone avèk yo sou sa yo te deja aksepte. Pa egzanp, li te prezante Jezi kòm desandan David e kòm sila Jan Batis te idantifye a. E pifò moun te konsidere Jan Batis kòm yon pwofèt Bondye (Tra. 13:23-25). Pòl te montre oditwa l la chèf relijye yo te “ akonpli bagay pwofèt yo te di yo ” lè yo te rejte Jezi e lè yo te kondane l amò (Tra. 13:26-28). Anplis de sa, li te esplike gen moun ki temwen Jezi te resisite, e li te atire atansyon moun ki t ap koute l yo sou pasaj biblik yo te deja konnen, pasaj ki te jwenn akonplisman yo nan rezirèksyon Jezi a. — Tra. 13:29-37.
5. a) Kòman Pòl te adapte prezantasyon l lan lè l t ap pale devan yon oditwa grèk ? b) Kòman nou kapab imite egzanp Pòl te bay la lè n ap bay temwayaj nan tèritwa kongregasyon nou an ?
5 Yon lòt bò, lè Pòl t ap pale devan yon oditwa grèk nan yon kote yo rele Areyopaj, nan vil Atèn, li te itilize yon lòt prezantasyon (Tra. 17:22-31). Sepandan, se menm mesaj la li te prezante. E nan toule de prezantasyon sa yo, efò l yo te bay bon rezilta (Tra. 13:42, 43 ; 17:34). Menm jan an tou, n ap pi efikas jodi a nan ministè nou si nou chèche jwenn yon teren antant avèk moun k ap koute nou yo, e si nou adapte prezantasyon nou selon fòmasyon moun yo e selon fason yo panse.