BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/05 p. 4
  • Sa ministè nou an akonpli

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sa ministè nou an akonpli
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • Èske w akonpli sèvis ou nèt?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Kòman w ka fè pou w pèsevere nan ministè a ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Toujou sonje gen ijans !
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Fason nou ka fè fas ak difikilte nou jwenn nan travay predikasyon kay an kay la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 11/05 p. 4

Sa ministè nou an akonpli

1. Ki jan Jewova wè ministè nou an, e ki jan lèzòm reyaji devan l ?

1 Pawòl Bondye a prezante kretyen yo nan sèvis Jewova, kòmsi y ap defile nan yon kòtèj laviktwa (2 Kor. 2:14-16). Toutpandan n ap fè konnen Bondye, sèvis n ap ofri l la tankou ansan ki agreyab pou Jewova. Gen kèk moun ki santi bon nouvèl la, yon nouvèl ki agreyab, atire yo, alòske gen lòt moun ki rejte l. Men, atitid negatif pifò moun nou rankontre yo pa vle di travay nou an fèt anven. Annou gade ki sa ministè nou an akonpli.

2. Ki sa ministè nou an ede nou demontre ?

2 Li glorifye Jewova : Satan pretann lèzòm ap sèvi Jewova pou rezon egoyis (Jòb 1:9-11). Ministè kretyen an ban nou yon okazyon pou nou demontre atachman nou genyen pou Bondye se yon atachman ki sensè. Anpil pwoklamatè kontinye obeyi lòd pou nou preche epi pou nou fè disip malgre yo nan yon sitiyasyon ki difisil oswa malgre y ap fè fas ak endiferans pifò moun yo rankontre nan ministè a. Lè yo andire fidèlman konsa, sa fè kè Jewova kontan. — Pwo. 27:11.

3. Poukisa li vrèman enpòtan pou nou kontinye fè konnen non Bondye ak desen li yo ?

3 Anplis de sa, ministè nou an jwe yon wòl nan reyalizasyon objektif Bondye. Nan sa ki gen rapò ak destriksyon k ap vini an, destriksyon monn Satan an, men sa Jewova di : “ Nasyon yo pral konnen mwen se Jewova. ” ​(Eze. 39:7). Pou nasyon yo kapab konnen sa, li enpòtan pou sèvitè Bondye yo kontinye pwoklame non li ak desen li “ pou tout nasyon, ak tribi, ak lang, ak pèp ”. — Rev. 14:6, 7.

4. Ki jan travay predikasyon an sèvi kòm yon baz pou jijman ?

4 Li se yon baz pou jijman : Predikasyon bon nouvèl la sèvi tou kòm yon baz pou jijman. Apot Pòl te fè konnen Kris Jezi pral fè vanjans vini sou “ moun ki pa konnen Bondye e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl konsènan Jezi, Seyè nou an ”. (2 Tes. 1:8, 9.) Yo pral jije moun yo sou baz reyaksyon yo devan bon nouvèl la. Ala yon kokenn responsablite sèvitè Jewova yo genyen poutèt sa ! Pou nou pa gen yon dèt san, nou pa dwe sispann preche mesaj Wayòm nan, mesaj ki la pou sove lavi a. — Tra. 20:26, 27.

5. Ki jan nou reflete mizèrikòd Bondye nan ministè nou ?

5 Efò n ap fè pou nou ede pwochen nou yo jwenn favè Bondye reflete mizèrikòd Jewova (1 Tim. 2:3, 4). Etandone nou konnen lavi moun yo ap chanje toutan, nou pa sispann retounen vizite yo epi ankouraje yo pou yo chèche Jewova pandan gen tan toujou. Lè nou aji konsa, nou reflete “ konpasyon Bondye nou an, yon konpasyon ki mache ak tandrès ”, konpasyon Bondye ki “ pa vle pyès moun detwi, men ” ki “ vle pou tout moun rive repanti ”. — Lik 1:78 ; 2 Pyè 3:9.

6. Lefètke nou rete okipe nan sèvis Jewova a, ki jan sa pwofitab pou nou ?

6 Li pwofitab pou nou : Lefètke nou rete okipe nan sèvis Jewova, se yon pwoteksyon pou nou. Sa ede nou pou nou toujou “ gen prezans jou Jewova a nan lespri nou ” e pou nou pa kite sistèm de choz mechan ki la kounye a kontamine nou (2 Pyè 3:11-14 ; Tit 2:11, 12). Pakonsekan, se pou nou “ fèm, san nou pa brannen, pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a ”, paske nou konnen efò nou fè yo nan ministè a pa pou granmesi. — 1 Kor. 15:58.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje