Annou anseye moun ki enb yo pou yo mache nan chemen Bondye a
1. Ki sa fè disip enplike ?
1 Yo pale de disip Kris yo nan premye syèk la kòm moun ki fè pati “ Chemen an ”. (Tra. 9:2.) Vrè krisyanis la anglobe tout aspè nan lavi yon moun (Pwo. 3:5, 6). Kidonk, lè n ap etidye Labib ak yon moun, nou bezwen fè plis pase annik transmèt moun nan konesans egzak sou doktrin ki nan Bib la. Nou dwe ede etidyan an pou l mache nan chemen Jewova a. — Sòm 25:8, 9.
2. Ki sa ki ka pouse yon etidyan Labib obsève kòmandman Bondye yo ?
2 Lanmou pou Jewova e pou Jezi : Pou yon moun ki enpafè rive fè panse li, atitid li, pawòl li ak konduit li vin ann amoni ak volonte Bondye, sa a se yon gwo defi (Wom. 7:21-23 ; Efe. 4:22-24) ! Men, lanmou pou Bondye e pou Pitit li a ka pouse moun ki enb yo pou yo leve defi sa a (Jan 14:15 ; 1 Jan 5:3). Ki jan nou ka ede etidyan nou yo pou yo kiltive lanmou sa a ?
3. Ki jan nou ka ede etidyan yo pou yo kiltive lanmou pou Jewova e pou Jezi ?
3 Ede etidyan w yo pou yo vin konnen ki jan de moun Jewova ye. Men sa yon frè te di : “ Moun yo pa ka renmen yon moun yo pa konnen. Se poutèt sa, depi nan premye etid mwen fè ak moun yo, mwen montre yo non Bondye nan Bib la, e mwen chèche okazyon pou mwen mete aksan sou kalite Jewova yo. ” Yon bèl fason nou ka fè sa, se lè nou atire atansyon yo sou egzanp Jezi (Jan 1:14 ; 14:9). Anplis de sa, byen sèvi ak kare ki nan fen chak chapit ki nan liv Sa Labib anseye a pou ede etidyan w yo reflechi sou bèl kalite Bondye ansanm ak Pitit li a genyen.
4. a) Sa k fè anpil etidyan twouve li difisil pou yo preche ? b) Ki jan nou ka ede etidyan nou yo pou yo fè premye pa yo nan ministè kretyen an ?
4 Anseye yo pa mwayen egzanp nou : Antanke anseyan e gid, grasa aksyon nou, nou montre lòt moun sa sa vle di mache nan chemen Bondye (1 Kor. 11:1). Pa egzanp, pifò etidyan Labib pa abitye abòde moun yo pa konnen pou pataje kwayans yo avèk yo. Kidonk, pou nou ede yo devlope lanmou, lafwa ak kouraj y ap bezwen pou yo patisipe nan travay predikasyon an ak travay fè disip la, sa ka mande pou nou pasyan e pou nou abil (2 Kor. 4:13 ; 1 Tes. 2:2). Dezi nou genyen pou nou gide etidyan nou yo ap motive nou pou nou bò kote yo lè y ap fè premye pa yo nan ministè kretyen an.
5. Ki jan bèl egzanp ou bay ede etidyan yo pou yo wè tout sa ki gen nan obsève kòmandman Bondye yo ?
5 Egzanp ou kapab anseye etidyan yo nan lòt aspè enpòtan ki genyen nan lavi yon kretyen. Lè w vizite yon malad, oubyen lè w salye lòt moun nan reyinyon yo avèk chalè, yo wè lanmou ann aksyon (Jan 15:12). Lè w ap patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan, oubyen lè w ap ede yon lòt moun, se anseye w ap anseye yo ki jan pou yo sèvi (Jan 13:12-15). Lè yo wè ou gen yon vi senp, yo konprann sa sa vle di ‘ chèche wayòm nan an premye ’. — Mat. 6:33.
6. Ki sa nou jwenn lè nou ede moun ki enb yo pou yo sèvi Jewova ?
6 Travay anseye lòt moun sa ki nan Pawòl Bondye a, travay fè disip la, mande anpil efò. Men, se pa ti kontan nou kontan lè nou wè moun ki enb yo “ kontinye ap mache nan laverite ” ! — 3 Jan 4.