Annou devlope apresyasyon pou kalite Jewova yo ki san parèy
1 Nan ministè nou, nou fè plis pase annik anseye moun yo verite fondamantal yo. Nou ede yo pou yo vin konnen Jewova antanke yon pèsòn ki reyèl e pou yo devlope apresyasyon pou kalite li yo ki san parèy. Lè moun ki gen kè onèt yo aprann laverite sou Bondye, sa gen yon gwo efè sou yo, sa pouse yo fè chanjman nan lavi yo, ‘ pou yo ka mache yon fason ki diy devan Jewova, nan objektif pou yo fè l plezi konplètman ’. — Kol. 1:9, 10 ; 3:9, 10.
2 Nouvo liv pou nou fè etid biblik la : Liv Sa Labib anseye a atire atansyon sou kalite Jewova yo depi nan entwodiksyon an. Premye chapit la reponn kesyon sa yo : Èske Bondye gen sousi pou ou toutbonvre ? Ki kalite moun Bondye ye ? Èske li posib pou w pwoche bò kote Bondye ? Chapit sa a atire atansyon tou sou sentete Jewova (§ 10), jistis li ak konpasyon li (§ 11), lanmou li (§ 13), pisans li (§ 16), mizèrikòd li, konsiderasyon li gen pou moun, dispozisyon li genyen pou l padone, pasyans li ak fidelite l (§ 19). Men sa paragraf 20 an di an rezime : “ Plis w ap aprann konnen Jewova, se plis l ap vin reyèl pou ou e se plis w ap gen rezon pou w renmen l e pou w santi w pwòch ak li. ”
3 Ki jan nou ka itilize liv Sa Labib anseye a pou nou ede etidyan yo pwoche bò kote Jewova ? Apre nou fin egzamine yon paragraf ki mete aksan sou youn nan kalite Bondye yo, nou ta ka mande etidyan an : “ Ki sa sa aprann nou sou Jewova ki se yon pèsòn reyèl ? ” Oswa “ Kòman sa montre Bondye enterese nan ou pèsonèlman ? ” Lè nou itilize kesyon konsa nan etid la pafwa, n ap aprann etidyan an pou l medite sou sa li aprann, e n ap ede l ogmante apresyasyon l pou kalite Jewova yo ki san parèy.
4 Sèvi ak kare revizyon an : Nan fen chak chapit, mande etidyan an pou l kòmante ak pwòp mo pa l chak pwen ki nan kare : “ Men sa Labib anseye ” a. Atire atansyon l sou tèks yo site yo. Pou w ka rive konnen sa ki nan kè etidyan an, ou ka poze l kesyon sa a : “ Ki sa w panse de sa Labib anseye sou pwen sa a ? ” Lè w fè sa, nonsèlman ou mete aksan sou pwen prensipal yo ki nan chapit la, men tou, ou vin gen yon ide presi sou sa etidyan an kwè toutbonvre. Sa ap ede etidyan an pou l kòmanse devlope yon relasyon pèsonèl avèk Jewova.