Suiv Kris lè nou aji yon fason ki diy
1. Ki jan tèm kongrè distri pou ane sa a ankouraje nou aji yon fason ki diy ?
1 Labib di Jewova, Souvren linivè a, abiye ak diyite (Sòm 104:1). Jezi te toujou aji yon fason ki onore Papa l e ki onore dispozisyon Papa l pran (Jan 17:4). Nou chak nou pral gen okazyon pou nou imite Jezi e pou nou bay Jewova glwa pandan kongrè distri k ap vini an ki gen kòm tèm : “ Suiv Kris ! ”
2. Ki jan preparasyon n ap fè pou nou la nan tout sesyon yo onore Jewova ?
2 Adore Bondye yon fason ki diy : N ap onore Jewova lè nou pran dispozisyon pou nou la nan festen espirityèl li prepare pou nou an. Èske w deja pale ak patwon w e ou deja pran dispozisyon pou w la nan toule twa jou kongrè a, san wete vandredi ? Èske w prevwa pou w rive nan yon lè k ap pèmèt ou gentan jwenn plas e k ap pèmèt ou chante kantik la epi koute priyè ki pral fèt nan kòmansman pwogram nan ? Èske w prevwa pote manje pou w manje nan lokal kongrè a a midi an konpayi frè ak sè w yo ? Nan kòmansman chak sesyon, lè prezidan sesyon an mande nou ak jantiyès pou nou pran plas nou anvan mizik la kòmanse, nou ta dwe met fen nan konvèsasyon nou yo rapidman epi nou ta dwe chita anvan pwogram nan kòmanse.
3. Lè nou suiv pwogram nan avèk atansyon, ki jan sa pèmèt nou adore Bondye yon fason ki diy ?
3 Lè nou suiv pwogram nan avèk anpil atansyon, se yon lòt fason nou onore Papa nou ki nan syèl la. Apre yon jounalis te fin asiste yon kongrè distri, li te ekri pou l di, si te gen lòt obsèvatè ki te la, yo t ap enpresyone lè yo ta wè “ konpòtman egzanplè moun ki te la yo te genyen pandan yo t ap suiv avèk respè e an silans sa oratè yo t ap di. Sa te parèt klè, moun sa yo enterese nan bagay espirityèl ”. Li te pale tou konsènan “ anpil timoun ki te la..., yo tout te gen bèl konduit, yon bagay ki pa fasil pou timoun genyen, e yo te menm ap chèche vèsè nan Bib la ”. Pandan pwogram nan ap dewoule, se pa moman pou n ap pale san nesesite, pou n ap transmèt mesaj sou telefòn selilè, pou n ap manje oswa pou n ap mache nan koulwa yo. Jèn yo dwe chita bò kot paran yo, yon fason pou paran yo kapab ede yo tire pwofi nan pwogram nan (Det. 31:12 ; Pwo. 29:15). Si nou fè efò pou nou suiv konsèy sa yo, n ap montre nou gen respè pou lòt moun e n ap montre nou rekonesan pou manje espirityèl enpòtan sa a y ap sèvi nou.
4. Poukisa nou ta dwe gen yon aparans ki diy lè nou nan kongrè ?
4 Yon aparans ki diy : Anpil moun te eksprime apresyasyon yo pou rapèl yo te jwenn nan diskou ki gen kòm tèm : “ Antanke kretyen, montre nou gen diyite nan tout sikonstans ”, diskou yo te bay nan kongrè distri ane pase a. Li te met aksan sou lefètke sèvitè Bondye yo dwe montre diyite nan fason yo abiye ak nan aparans yo. Ane sa a tou, n ap met anpil aksan sou kesyon sa a. Aparans nou reflete nan ki pwen nou renmen Jewova e nan ki pwen nou apresye privilèj nou genyen pou nou Temwen l. Nou ta dwe toujou abiye tankou moun “ ki di yo gen respè pou Bondye ”. — 1 Tim. 2:9, 10.
5. Lè nou nan zòn kote kongrè a ap fèt la, ki jan nou ka toujou gen yon aparans ki diy nan moman detant ?
5 Èske se sèlman lè nou nan kongrè a aparans nou ta dwe reflete diyite ? Pa bliye sa, anpil moun pral wè nou ak ensiy nou sou nou pandan nou nan zòn kote kongrè a ap fèt la. Aparans nou ta dwe fè nou parèt diferan parapò ak piblik la an jeneral. Kidonk, menm lè nou nan moman detant, tankou lè nou soti, apre kongrè a, pou n al manje, antanke minis ki vin nan zòn nan nan objektif pou nou asiste yon kongrè, nou ta dwe abiye yon fason ki konvnab. Nou pa dwe met rad tankou djin, chòt oswa mayo. Ala yon bèl temwayaj sa pral ye pou moun ki nan zòn nan ! Jewova kontan lè aparans nou reflete wòl nou jwe antanke minis.
6. Antanke kretyen, lè nou aji yon fason ki diy, ki efè pozitif sa ka genyen ?
6 Bon efè sa ka genyen : Antanke kretyen, lè nou montre nou aji yon fason ki diy nan moman kongrè a, sa ban nou okazyon pou nou bay temwayaj enfòmèl e sa fè moun k ap obsève nou vin gen yon bon opinyon de nou. Men sa yon moun ki responsab lokal kote yon kongrè te fèt te di apre kongrè a : “ Nou pa janm wè moun ki gen bèl konduit konsa. Fason nou konpòte nou an, se konsa Bondye atann pou tout moun konpòte yo. ” Lè nou aji yon fason ki diy, nou montre respè youn pou lòt e nou glorifye Jewova (1 Pyè 2:12). Sa demontre nou gen krent pou Bondye e nou rekonesan pou privilèj nou genyen pou Papa nou anseye nou (Ebre 12:28). Pandan n ap tann kongrè distri pou ane sa a ki gen kòm tèm “ Suiv Kris ! ”, annou fè tout efò nou pou nou aji yon fason ki diy.
[Kare nan paj 5]
Rapèl pou kongrè distri a
◼ Orè : Pwogram nan ap kòmanse a 9:20 a.m. toule twa jou yo. Pòt yo ap ouvri apati 8:00 a.m. Lè yo kòmanse pase mizik, nou tout nou ta dwe chita nan plas nou, yon fason pou pwogram nan ka kòmanse nan lòd ak diyite. Pwogram nan ap fini a 5:05 p.m. nan vandredi ak nan samdi e a 4:10 p.m. nan dimanch.
◼ Pakin : Nan tout lokal kote asanble a ap fèt, e se nou ki gen kontwòl pakin nan, w ap kapab pake machin ou san w pa peye. Se moun ki vin an premye yo k ap jwenn espas pou yo pake machin yo.
◼ Rezèvasyon plas : Rezève plas sèlman pou moun ki vwayaje avè w nan menm machin oubyen pou moun k ap viv nan menm kay avè w.
◼ Repa : Tanpri pote manje nou olye pou nou soti deyò al achte nan men machann yo. Nou ka vin ak ti tèmòs n ap ka mete anba kote nou chita a. Men, anndan lokal kongrè a, yo pap aksepte nou vin ak gwo glasyè, ak boutèy, ak bokal oswa ak nenpòt lòt resipyan ki ka kraze, ni ak bwason ki gen alkòl.
◼ Ofrann : Yo fè anpil depans pou òganize kongrè distri a. Nou kapab montre rekonesans nou lè nou mete ofrann volontè pou travay mondyal la nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm nan oswa nan kongrè a. Moun k ap bay chèk kòm ofrann dwe fè yo sou non Association chrétienne les “ Témoins de Jéhovah d’Haïti ”.
◼ Aksidan ak ijans : Si gen yon ijans medikal nan lokal kongrè a, tanpri kontakte yon manm nan sèvis akèy la ki nan zòn kote w ye a. L ap enfòme sèvis premye sekou a tousuit. Sèvis sa a kapab chèche konnen gravite sitiyasyon an epi li kapab pote èd li.
◼ Anrejistreman : Moun pa dwe ploge okenn aparèy sou sistèm elektrik ki nan lokal la oswa sou sistèm sonorizasyon an, e yo ta dwe sèvi ak aparèy sa yo yon fason pou yo pa deranje lòt moun.
◼ Fè foto : Si w ap fè foto pandan sesyon yo, tanpri pa sèvi ak flach.
◼ Pedjè ak telefòn selilè : Pedjè ak telefòn selilè dwe pwograme yon fason pou yo pa distrè lòt moun.
◼ Fòmilè “ Suivre l’intérêt ” : Nou ta dwe sèvi ak fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) pou nou bay enfòmasyon konsènan nenpòt moun nou te bay temwayaj enfòmèl pandan kongrè distri a ki montre l enterese. Pwoklamatè yo ta dwe vin nan kongrè a ak youn oubyen de fòmilè “ Suivre l’intérêt ”. N ap jwenn fòmilè a tou nan sèvis piblikasyon nan kongrè a. Ou ka remèt fòmilè ou fin ranpli a nan sèvis piblikasyon an pou yo fè suivi, oubyen ou ka remèt li bay sekretè kongregasyon w lan lè w retounen. — Gade Ministè Wayòm fevriye 2005, paj 6.