BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/07 p. 1
  • Èske w defann Pawòl Bondye a ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w defann Pawòl Bondye a ?
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Nou dwe konvenk moun yo lè n ap anseye
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Ankouraje moun yo suiv nan Bib la
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • “Pawòl Bondye a [...] pisan”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Fason pou nou prepare prezantasyon peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 5/07 p. 1

Èske w defann Pawòl Bondye a ?

1 Nan monn nan, souvan yo kritike Bib la, men vrè kretyen yo defann Pawòl Bondye a avèk zèl. Lefètke nou konvenki “ tout Ekriti se Bondye ki enspire li ”, nou gen menm pwennvi ak Jezi Kris ki te di yon lè li t ap priye Jewova : “ Pawòl ou se verite. ” ​(2 Tim. 3:16 ; Jan 17:17). Ki jan nou kapab defann Pawòl Bondye a yon fason ki efikas ?

2 Memorize vèsè biblik : Pa gen dout nan sa, Jezi te gen abitid etidye Pawòl Bondye a avèk dilijans. Sa te pèmèt li sèvi ak Ekriti yo nan ministè l pou l anseye (Lik 4:16-21 ; 24:44-46). Ki jan nou kapab memorize vèsè biblik ? Nou kapab fè sa lè nou li Labib chak jou epi nou medite sou yon vèsè nou twouve ki patikilyèman ankourajan oswa ki kapab ede nou nan predikasyon. Lè n ap prepare reyinyon yo, nou ta dwe chèche vèsè yo site yo nan Bib la, nou ta dwe li yo, epi prepare yon kòmantè sou yo si posib. Lè nou nan reyinyon yo, nou dwe suiv nan Bib nou pandan oratè a ap li vèsè yo. Lè nou memorize vèsè biblik, sa ap prepare nou pou nou ka “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ”. — 2 Tim. 2:15.

3 Kite Bib la pale : Lè n ap preche, nou ta dwe kite Bib la pale. Nou ta dwe eseye li yon vèsè ak moun n ap pale avè l la epi fè yon ti pale sou vèsè a si sikonstans lan pèmèt nou fè sa. Si moun nan poze nou yon kesyon oswa li fè yon objeksyon, li pi bon pou nou sèvi ak Bib la pou nou reponn. Lè n al preche kay an kay, menmsi moun ki nan kay la ta okipe, nou kapab kanmenm eseye atire atansyon l sou yon panse biblik. Nou kapab di : “ Anvan m ale, pèmèt mwen atire atansyon w sou yon vèsè biblik. ” Si sa posib, li vèsè a dirèkteman nan Bib la epi fè moun nan suiv ansanm avè w pandan w ap li vèsè a.

4 Men sa yon moun yo te rankontre nan predikasyon kay an kay te di lè yo te li ansanm avèk li kèk vèsè ki montre ansèyman Trinite a pa fonde sou Labib : “ Mwen pase tout vi m pral legliz men mwen pa t konnen Bib la te di sa ! ” Li te byen kontan aksepte yon etid biblik. Jezi te di mouton l yo t ap koute vwa l (Jan 10:16, 27). Meyè fason pou moun ki onèt yo rekonèt verite a, se lè yo wè l nan Bib la. Kidonk, annou defann verite ki nan Pawòl Bondye a !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje