Nou kontan bay tout nou menm nan sèvis Jewova a !
1 Apot Pòl te kontan “ depanse l nèt ” nan ministè a (2 Kor. 12:15). Menm jan an tou, jodi a gen anpil kretyen ki zele nan ministè a antanke pyonye. Gen lòt, malgre yo gen anpil responsablite familyal e pwogram yo chaje, yo jwenn tan pou yo patisipe nan ministè a chak semèn. Gen kèk kretyen ki gen gwo pwoblèm sante men ki pwofite de tikras enèji yo genyen an pou yo fè enterè Wayòm nan avanse. Ala ankourajan sa ankourajan pou nou wè pèp Jewova a k ap depanse l nan sèvis sakre a, malgre gen nan yo ki limite akoz vyeyès oswa lòt pwoblèm !
2 Lanmou pou pwochen nou : Lè nou fè tout sa nou kapab pou nou sèvi Jewova e nou demontre lanmou pou Bondye e pou pwochen nou, sa pèmèt nou gen yon konsyans ki pwòp. Lefètke Pòl te bay tout li menm nan predikasyon bon nouvèl la, li te kapab di ak kè kontan : “ Mwen pran nou pou sèvi m temwen jodi a menm, mwen pwòp konsènan san tout moun. ” (Tra. 20:24, 26 ; 1 Tes. 2:8). Lè nou patisipe nan ministè a selon sa sitiyasyon nou pèmèt nou fè, sa anpeche nou vin gen dèt san sou do nou. — Eze. 3:18-21.
3 Lefètke nou depanse nou nan ministè a pou nou ede lòt moun, sa fè nou gen kè kontan (Tra. 20:35). Men sa yon frè te di : “ Lè m retounen lakay mwen nan aswè, apre m fin pase yon jounen nan sèvis Jewova a, se vre, mwen santi m fatige. Men, mwen kontan e mwen remèsye Jewova poutèt li ban mwen yon lakontantman pèsonn pa ka retire nan mwen. ”
4 Lanmou Bondye : Pi gwo rezon ki fè nou bay tout nou menm nan sèvis Jewova a, se paske sa fè Jewova Papa nou ki nan syèl la plezi. Lanmou nou genyen pou Bondye pouse nou obsève kòmandman l yo, tankou patisipe nan travay predikasyon an ak nan travay fè disip la (1 Jan 5:3). Menm lè moun yo endiferan oswa yo opoze ak nou, nou kontinye travay di pou Jewova ak kè kontan.
5 Kounye a, se pa lemoman pou nou ralanti nan ministè nou. N ap viv nan epòk rekòt la (Mat. 9:37). An jeneral, yon kiltivatè travay anpil lè gen rekòt paske li gen yon tikras tan pou l ranmase rekòt la anvan l kòmanse gate. Menm jan an tou, tan ki rete anvan rekòt espirityèl la fini an pa anpil. Piske nou konnen n ap viv nan moman rekòt la, se pou nou kontinye preche avèk zèl nan ministè a. — Lik 13:24 ; 1 Kor. 7:29-31.