BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/07 p. 1
  • Gen gwo chanjman ki pral fèt nan Toudegad !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Gen gwo chanjman ki pral fèt nan Toudegad !
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Nouvo edisyon Toudegad ki gen atik etid yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Pou lektè nou yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Wi, se Toudegad ki gen atik etid yo!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Yon Toudegad k ap parèt nan yon anglè ki pi senp
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 7/07 p. 1

Gen gwo chanjman ki pral fèt nan Toudegad !

1 Ane sa a, yo te fè yon gwo anons nan kongregasyon an : Apati janvye 2008, pral gen de edisyon Toudegad. Youn pou piblik la, lòt la pou nou menm Temwen Jewova ! Petèt ou t ap poze tèt ou kesyon sa yo : ‘ Ki diferans ki pral genyen ant de peryodik sa yo ? Ki avantaj ki genyen pou nou gen de Toudegad diferan ? Èske pral gen nouvo ribrik k ap parèt ? ’

2 Diferans ki genyen antre yo : Nimewo k ap gen dat premye sou li a, y ap rele l : nimewo pou piblik la. Piblik la ap tire pwofi nan tout atik k ap nan nimewo sa a. Nimewo k ap gen dat 15 sou li a, y ap rele l : nimewo n ap etidye a. Nou pap ofri l nan predikasyon. L ap gen tout atik etid n ap bezwen pou yon mwa ansanm ak atik segondè ki konsène kretyen ki vwe yo. Nimewo k ap pou piblik la ap enterese moun ki Temwen Jewova, men l ap enterese sitou moun ki pa Temwen ki respekte Labib. Y ap kontinye pibliye Réveillez-vous ! pou atenn plis lektè toujou, san wete moun ki pa gen menm kwayans ak nou ak moun ki fè pati relijyon ki pa kwè nan Kris yo.

3 Avantaj yo : Nan nimewo n ap etidye a, li pap nesesè ankò pou yo bay esplikasyon pou pèmèt moun ki pa Temwen konprann kèk mo tankou “ pyonye ”. Nan nimewo sa a tou, yo kapab bay enfòmasyon espesyalman pou Temwen Jewova ak etidyan k ap fè pwogrè nan domèn espirityèl. Ki avantaj k ap gen nan nimewo pou piblik la ? Lefètke sijè yo pral trete ladan l yo ak stil yo pral itilize pou ekri atik yo ap enteresan pou piblik la, yon moun ki pa Temwen ap pran plezi pou l li tout peryodik la. Byennantandi, chak Temwen Jewova ap tire pwofi lè l li toule de nimewo sa yo. Lefètke se sèlman yon Toudegad ak yon Réveillez-vous ! nou pral ofri nan ministè a chak mwa, n ap gen tout mwa a pou nou chèche prezantasyon k ap efikas.

4 Nouvo ribrik : Yo planifye mete kèk nouvo ribrik enteresan nan nimewo Toudegad k ap pou piblik la. Gen yon nouvo ribrik ki pral pale de ansèyman biblik de baz yo nan yon stil ki trè senp. Gen yon lòt ribrik ki pral montre fason Bib la kapab ede fanmi yo. Nan nimewo sa a tou, yo pral pwopoze pwogram k ap pèmèt jèn yo etidye Labib. Chak nimewo pral gen yon atik k ap egzamine pasaj biblik byen presi ki pral aprann nou kèk bagay sou Jewova.

5 Nou swete pou Jewova beni chanjman sa yo ki pral fèt anrapò ak peryodik Toudegad la. Nou espere peryodik sa a ansanm ak Réveillez-vous ! pral atenn plis moun toujou ki diy, pou yo ka konnen bon nouvèl la. — Mat. 10:11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje