BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/07 p. 1
  • Nou bay privilèj nou yo anpil valè !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou bay privilèj nou yo anpil valè !
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Ancheri privilèj ou genyen pou w travay ak Jewova a!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Èske w te gen privilèj deja nan kongregasyon an? Èske w ka chèche gen privilèj ankò?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Lèt Kolèj santral la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Jan ki te konn batize moun nan: Se yon egzanp k ap ede n kenbe jwa nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 8/07 p. 1

Nou bay privilèj nou yo anpil valè !

1 Pandan tout egzistans limanite, Jewova toujou bay sèvitè l yo divès kalite privilèj. Li ba yo privilèj kèlkeswa sèks yo, laj yo e kèlkeswa ran sosyal yo (Lik 1:41, 42 ; Tra. 7:46 ; Fil. 1:29). Ki privilèj Jewova ban nou jodi a ?

2 Kèk nan privilèj ou genyen : Nou gen privilèj pou se Jewova ki anseye nou (Mat. 13:11, 15). Yon lòt privilèj nou genyen se louwe Jewova nan reyinyon yo grasa kòmantè nou fè (Sòm 35:18). Lè nou gen okazyon pou nou fè kòmantè, se pou nou fè sa avèk antouzyas. Se menm jan an tou, si nou konsidere chak asiyasyon nou genyen nan kongregasyon an tankou yon onè Jewova fè nou, n ap fè tout sa nou kapab pou nou fè l byen selon kapasite nou. Netwaye Sal Wayòm nan, travay ladan l pou nou kenbe l an bon eta, se yon privilèj. Èske nou patisipe nan travay sa yo regilyèman ?

3 Malgre gen plizyè milyon moun k ap mande tèt yo si Bondye tande priyè yo, nou menm nou gen privilèj pou pèsonaj ki pi enpòtan nan linivè a koute priyè pa nou yo (Pwo. 15:29). Se Jewova pèsonèlman ki koute priyè sèvitè l yo (1 Pyè 3:12). Li pa mete okenn limit nan kantite fwa nou kapab pwoche kote l. Ala yon kado presye nou genyen lefètke nou kapab “ priye nan tout okazyon ” ! — Efe. 6:18.

4 “ Nou se konpayon travay Bondye ” : Youn nan pi bèl privilèj nou genyen se pwoklame bon nouvèl Wayòm Bondye a antanke “ konpayon travay Bondye ” ​(1 Kor. 3:9). Se yon travay ki ban nou anpil satisfaksyon e ki ban nou fòs (Jan 4:34). Jewova pa t oblije sèvi ak lèzòm pou fè travay sa a, se paske li renmen nou ki fè li ban nou akonpli misyon sa a (Lik 19:39, 40). Men, se pa nenpòt ki moun Jewova bay privilèj sa a. Pou yon moun patisipe nan ministè a li dwe ranpli yon seri kondisyon espirityèl e li dwe kontinye ranpli kondisyon sa yo (Iza. 52:11). Èske nou demontre nou bay privilèj sa a anpil valè lè nou bay ministè a yon plas enpòtan nan aktivite nou genyen chak semèn ?

5 Privilèj Jewova ban nou yo anrichi lavi nou (Pwo. 10:22). Nou pa dwe janm konsidere yo kòm bagay ki pa gen valè ! Lè nou demontre nou vrèman apresye privilèj sa yo, nou fè Papa nou ki nan syèl la plezi, li menm ki ban nou “ tout bèl don ak tout kado pafè ”. — Jak 1:17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje