BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/07 p. 4-5
  • Yon bèl objektif pou nouvo ane sèvis la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon bèl objektif pou nouvo ane sèvis la
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Fè konnen bèl kalite Jewova yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Preche epi bay yon temwayaj konplè
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Prepare w depi kounye a pou w fè plis nan travay predikasyon an
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Ogmante posiblite n genyen pou n louwe Jewova
    Ministè Wayòm nan — 2013
Ministè Wayòm nan — 2007
km 8/07 p. 4-5

Yon bèl objektif pou nouvo ane sèvis la

1. Ki objektif nou ka fikse pou nouvo ane sèvis la ?

1 Si nou vle fè pwogrè espirityèl, nou dwe fikse kèk objektif. Ki objektif ou fikse pou nouvo ane sèvis la ? Yon bèl objektif ou ka fikse se pou w pyonye oksilyè pandan yon mwa oubyen pandan plizyè mwa nan ane a. Etandone an jeneral aktivite sa a mande pou nou fè kèk planifikasyon alavans, kounye a se bon moman pou nou kòmanse fè sa. Poukisa nou dwe fikse objektif pou nou pyonye oksilyè ?

2. Pou ki rezon nou dwe fikse objektif pou nou pyonye oksilyè ?

2 Kèk rezon pou nou pyonye oksilyè : Lè nou pran sèvis pyonye oksilyè, sa pèmèt nou fè Papa nou ki nan syèl la plezi “ plis toujou ”, piske lè sa a nou pase plis tan nan ministè a (1 Tes. 4:1). Lè nou reflechi sou tout sa Jewova fè pou nou, kè nou pouse nou pou nou pale de li ak lòt moun (Sòm 34:1, 2). Jewova wè sakrifis pèsonèl nou fè pou nou akonpli plis travay nan ministè a e li bay sa anpil enpòtans (Ebre 6:10). Lefètke nou konnen travay di nou akonpli nan sèvis Jewova fè l plezi, sa fè nou jwenn anpil jwa. — 1 Kwo. 29:9.

3, 4. Ki byenfè n ap jwenn si nou pyonye oksilyè ?

3 Jeneralman, plis ou fè yon bagay, se plis li vin fasil pou w fè l e se plis ou vin pran plezi pou w fè l. Lè w pase plis tan nan ministè a, sa ap fè w vin pi alèz pou w pale ak lòt moun lè w ap preche kay an kay. W ap vin pi abil ni pou w kòmanse konvèsasyon ak lòt moun ni pou w sèvi ak Bib la. Plis ou pale de lafwa w se plis l ap vin solid. Anpil moun ki pa t ap kondui yon etid biblik vin anmezi pou yo kòmanse youn pandan yo pyonye oksilyè.

4 Anplis de sa, sèvis pyonye oksilyè gendwa se boustè nou bezwen an pou fè nou soti nan yon woutin espirityèl ki anpeche nou pwogrese. Gen yon frè ki te pyonye pèmanan lontan ki te santi l pase twòp tan nan travay pwofàn li. Li te deside pou l pyonye oksilyè pandan yon mwa. Men sa l di : “ Mwen te sezi wè jan yon mwa pyonye te reban m fòs espirityèlman ! Mwen te deside pou m pyonye oksilyè nètale, sa te pèmèt mwen vin pyonye pèmanan ankò. ”

5. Ki sa nou ka fè pou nou venk santiman kòmkwa nou pa alawotè pou nou pran sèvis pyonye oksilyè ?

5 Venk obstak yo : Gen kèk pwoklamatè ki ka ezite ranpli fich pou yo pyonye oksilyè, paske yo panse yo manke kapasite pou sa. Si se sa ki anpeche w pyonye oksilyè, Jewova kapab ede w, menm jan li te fè sa pou Jeremi (Jer. 1:6-10). Malgre Moyiz te gen ‘ bouch li lou e lang li lou ’, Jewova te sèvi avèk li pou l akonpli volonte l (Egz. 4:10-12). Si w santi w pa alawotè pou sa, mande Jewova pou l ba w kouraj.

6. Ki sa nou ka fè pou l posib pou nou pyonye oksilyè menm lè nou gen pwoblèm sante oubyen nou gen yon pwogram ki chaje ?

6 Èske w ezite ranpli fich pou w sèvi kòm pyonye oksilyè paske ou gen pwoblèm sante oubyen paske ou gen yon pwogram ki chaje ? Si w malad, li ka posib pou w pyonye oksilyè, si w bati yon pwogram k ap pèmèt ou fè lè a tikras pa tikras. Si w gen yon pwogram ki chaje, ou ka twouve li apwopriye pou w voye kèk aktivite ki pa esansyèl nan yon lòt mwa. Gen kèk moun k ap travay aplentan ki rive rachte tan pou yo pyonye oksilyè lè yo pran youn oubyen de jou vakans. — Kol. 4:5.

7. Poukisa li pwofitab pou nou toujou priye sou objektif nou genyen pou nou pyonye oksilyè ?

7 Fason pou nou fè sa : Priye Jewova konsènan dezi nou genyen pou nou pyonye. Mande l pou l beni efò n ap fè pou nou etann ministè nou (Wom. 12:11, 12). Li kapab ede nou pran bon desizyon sou fason pou nou ajiste pwogram nou (Jak 1:5). Si nou pa santi dezi sa a lakay nou, mande Jewova pou l ede nou jwenn plezi nan travay predikasyon an. — Lik 10:1, 17.

8. Si w aplike Pwovèb 15:22, ki jan sa ka pèmèt ou pran sèvis pyonye oksilyè ?

8 Se tout fanmi an ki pou pale ansanm sou objektif pou yo pyonye oksilyè (Pwo. 15:22). Petèt youn nan yo kapab pyonye oksilyè grasa sipò lòt moun ki nan kay la. Pale ak lòt moun nan kongregasyon an konsènan dezi ou genyen pou w pyonye, espesyalman moun ki nan menm sitiyasyon avè w. Sa ka fè w vin pi chofe pou pran sèvis pyonye oksilyè.

9. Site mwa ou ka chwazi pou w pyonye oksilyè yo ?

9 Pandan w ap egzamine pwogram teyokratik ou pou nouvo ane sèvis la, ki lè w panse w ap anmezi pou w pyonye oksilyè ? Si w ap travay aplentan oubyen si w lekòl, ou ka chwazi mwa ki gen yon jou konje oubyen mwa ki gen senk samdi oubyen senk dimanch. Pa egzanp, mwa septanm, mwa desanm, mwa mas, ak mwa out gen senk wikenn okonplè. Mwa me gen senk samdi, e mwa jen gen senk dimanch. Si w gen pwoblèm sante, ou ka chwazi mwa kote an jeneral tanperati a bon. Petèt, ou ka anvizaje pou w pyonye tou nan mwa siveyan sikonskripsyon an pwograme pou l vizite kongregasyon an. Pandan vizit la, w ap gen privilèj pou w asiste premye pati reyinyon li fè ak pyonye pèmanan yo. Etandone Memoryal la ap tonbe 22 mas ane pwochèn, mwa mas, avril ak mwa me se kèk bon mwa pou moun chwazi pou yo pyonye oksilyè. Yon fwa ou fin chwazi yon mwa oubyen plizyè mwa kote ou vle pyonye oksilyè, fè yon pwogram ekri k ap pèmèt ou fè kantite lè yo mande a.

10. Ki sa w ka fè si l pa posib pou w pyonye oksilyè ?

10 Menmsi ou pa anmezi pou w pyonye oksilyè pandan ane sèvis k ap vini an, ou ka toujou gen lespri pyonye. Kontinye fè tout sa w kapab nan ministè a, ou mèt sèten Jewova pran plezi nan efò w ap fè ak tout kè w pou w bay tout ou menm nan sèvis li (Gal. 6:4). Soutni moun ki anmezi pou yo pyonye epi ankouraje yo. Petèt ou ka ranje pwogram ou yon fason pou w patisipe nan ministè a yon jou anplis nan semèn nan ansanm ak pyonye yo.

11. Poukisa nou dwe konsyan nou pa ka pèdi tan nan epòk n ap viv la ?

11 Pèp Jewova a konsyan li pa ka pèdi tan nan epòk n ap viv la. Gen yon travay ki dwe fin fèt : predikasyon bon nouvèl la. Lavi moun yo an danje, e tan ki rete a vin pi kout (1 Kor. 7:29-31). Lanmou nou gen pou Bondye ak lanmou nou gen pou pwochen nou ap pouse nou fè tout sa nou kapab nan ministè a. Si nou fè efò e nou fè bonjan planifikasyon, n ap ka pyonye oksilyè omwen pou yon mwa pandan nouvo ane sèvis la. Se vrèman yon bèl objektif !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje