Nou youn ka ankouraje lòt
1. Ki okazyon espesyal vizit siveyan sikonskripsyon an ban nou ?
1 Men sa apot Pòl te ekri kongregasyon Wòm nan : “ Se pa ti anvi m anvi wè nou dekwa pou m ka pataje kèk don espirityèl avèk nou, yon fason pou nou ka vin fèm. Ann di pito, pou ka gen yon echanj ankourajman nan mitan nou, kote youn jwenn ankourajman nan lafwa lòt, ni nan pa nou, ni nan pa m. ” (Wom. 1:11, 12). Jodi a tou, lè kongregasyon an gen vizit siveyan sikonskripsyon, sa ban nou okazyon pou nou patisipe nan yon echanj ankourajman.
2. Poukisa yo anonse vizit siveyan sikonskripsyon an alavans ?
2 Kongregasyon an : An jeneral, yo anonse vizit siveyan sikonskripsyon an anviwon twa mwa alavans. Sa pèmèt nou gen tan pou nou ajiste pwogram nou, yon fason pou nou ka benefisye vizit la omaksimòm (Efe. 5:15, 16). Si w ap travay, petèt ou ta dwe mande konje pou w soutni travay predikasyon an pandan semèn vizit la. Gen kèk moun ki fè aranjman pou yo pran sèvis pyonye oksilyè nan mwa siveyan an ap vizite kongregasyon an. Si w prevwa deplase, èske w kapab fè aranjman pou w la semèn sa a ?
3. Ki sa nou chak ka fè pandan vizit siveyan sikonskripsyon an pou nou jwenn ankourajman ?
3 Lè siveyan sikonskripsyon an ap vizite kongregasyon an, objektif prensipal li se bay pwoklamatè yo ankourajman ak fòmasyon nan ministè a. Èske w pa ta ka mande pou w preche ak siveyan oswa ak madanm li si li marye ? Siveyan sikonskripsyon an pran plezi pou l travay ak diferan pwoklamatè, ni sa ki gen eksperyans yo ni sa ki manke abilite nan ministè a. Tout pwoklamatè yo kapab aprann nan prezantasyon li yo e yo kapab aplike sijesyon li bay avèk bonte (1 Kor. 4:16, 17). Lè nou envite siveyan an pran yon repa ak nou, se yon lòt okazyon nou genyen pou youn ankouraje lòt (Ebre 13:2). Piske diskou l ap bay yo adapte selon bezwen kongregasyon an, li bon pou nou koute yo avèk atansyon.
4. Ki jan nou kapab ankouraje siveyan sikonskripsyon an ?
4 Siveyan sikonskripsyon an : Apot Pòl pa t diferan parapò ak frè l yo, piske li menm tou li te konn fè fas ak difikilte ak enkyetid, e li te apresye ankourajman yo te ba li (2 Kor. 11:26-28). Lè frè ki nan kongregasyon Wòm nan te aprann Pòl ki te yon prizonye t ap vini nan vil sa a, gen nan frè yo ki t al rankontre l nan mache Apiyis la, yon zòn ki te twouve l a yon distans 74 kilomèt parapò ak vil Wòm. “ Lè Pòl remake yo, li di Bondye mèsi e li pran kouraj. ” (Tra. 28:15). Menm jan an tou, ou kapab ankouraje siveyan sikonskripsyon an. Ou kapab ba li “ yon onè ki doub ” lè w soutni avèk antouzyas pwogram aktivite li genyen avèk kongregasyon an pandan vizit la (1 Tim. 5:17). Ou kapab eksprime apresyasyon sensè ou genyen pou efò li fè pou l ede w. Lè siveyan an ansanm ak madanm li wè lafwa, lanmou ak andirans ou demontre, sa ap fè kè yo kontan. — 2 Tes. 1:3, 4.
5. Poukisa nou tout nou bezwen ankourajman jodi a ?
5 Nan ‘ dènye jou sa yo ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ’, kiyès pami nou ki pa bezwen ankourajman (2 Tim. 3:1) ? Li ta bon pou nou pran desizyon depi kounye a pou nou la e pou nou patisipe omaksimòm pandan semèn aktivite espesyal kongregasyon an ap genyen pandan vizit siveyan an. Nou tout, kit nou se siveyan sikonskripsyon, kit nou se pwoklamatè nan kongregasyon an, nou kapab patisipe nan yon echanj ankourajman nan lajwa. Konsa, n ap ‘ kontinye rekonfòte youn lòt e n ap kontinye bati youn lòt ’. — 1 Tes. 5:11.