Pinga nou ezite !
1. Nan ki sans nou “ pa refize fè byen ” ?
1 Lè nou dilijan nan travay preche bon nouvèl Wayòm nan, nou pa “ refize fè byen ” pou moun ki nan tèritwa nou (Pwo. 3:27). Pa gen pi bon mesaj pou nou pataje avèk pwochen nou yo pase sa ki anonse bon tan ki gen pou vini anba dominasyon Bondye a. Byenke nou ka patisipe anpil nan travay preche esperans Wayòm nan lè nou bay temwayaj enfòmèl e lè nou kite piblikasyon pou moun yo, li ta bon pou nou fikse objektif pou nou kondui yon etid biblik si nou poko ap kondui youn.
2. Ki sa ki ka fè nou ezite pou nou kòmanse yon etid biblik ?
2 Pafwa, youn nan pi gwo obstak ki anpeche nou kondui etid biblik se konsepsyon nou genyen sou afè kondui etid biblik la. Gen moun ki ezite kondui etid biblik paske yo manke konfyans nan tèt yo oswa paske yo okipe anpil. Konsèy nou pral jwenn nan atik sa a ap ede nou pou nou pa ezite devan posiblite nou genyen pou nou patisipe nan travay kondui etid biblik la. — Mat. 28:19 ; Tra. 20:20.
3. Poukisa nou kalifye pou nou anseye Bib la ?
3 Nou manke konfyans nan tèt nou : Petèt, lefètke w pa t fè gwo klas oswa akoz yon lòt rezon, ou manke konfyans nan kapasite w genyen pou w kondui etid biblik. Minis kretyen ki te efikas nan premye syèk la se te “ moun ki san enstriksyon, moun òdinè ”. Ki sa k te fè yo anmezi pou yo anseye lòt moun laverite ? Se paske “ yo te konn mache ak Jezi ”. (Tra. 4:13.) Yo te konn aprann nan men Jezi, gran Anseyan an. Ni ansèyman Jezi yo ni metòd li yo, yo konsève yo nan Bib la. Menmsi w pa fè gwo klas, fòmasyon ou resevwa nan domèn espirityèl pa konparab ak okenn lòt fòmasyon. — Iza. 50:4 ; 2 Kor. 3:5.
4. Ki sa nou kapab aprann nan egzanp Amòs ?
4 Pafwa, Jewova te konn sèvi ak pwofèt li yo pou l reprimande dirijan ki pa t suiv enstriksyon l yo oswa pou l reprimande lòt moun ki te okipe gwo pozisyon. Gen kèk pwofèt, tankou Amòs, ki pa t moun ki te gen gwo enstriksyon. Amòs te di : “ Mwen pa t ni yon pwofèt, ni pitit yon pwofèt, men se twoupo bèt mwen te konn gade, e se fig mwen te konn pèse nan pye sikomò. ” (Amòs 7:14). Sepandan, Amòs pa t ezite transmèt mesaj jijman Jewova bay Amatsya, prèt ki t ap pratike adorasyon ti bèf la (Amòs 7:16, 17). Nou dwe toujou sonje se travay Bondye n ap fè, e Bondye ap kalifye nou kòmsadwa pou nou akonpli travay li ban nou fè a. — 2 Tim. 3:17.
5. Poukisa nou dwe fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik menmsi nou okipe anpil ?
5 Nou okipe anpil : Menmsi w okipe anpil, sandout ou deja rezève tan pou w patisipe regilyèman nan ministè a. Kondui yon etid biblik kapab youn nan aspè ki bay plis kè kontan nan ministè a. Se yon privilèj ou genyen pou w wè Pawòl Jewova a k ap pwodui bon rezilta nan lavi yon moun (Ebre 4:12). Sa fè Jewova plezi lè l wè sakrifis n ap fè pou nou ede yon moun “ rive gen yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Tim. 2:4.) Menm zanj yo kontan lè yon moun repanti, li abandone move konduit li te genyen e li fè pwogrè nan domèn espirityèl. — Lik 15:10.
6. Ki privilèj nou genyen pandan n ap akonpli volonte Bondye ?
6 Bondye “ vle pou tout kalite moun sove e pou yo rive gen yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Tim. 2:4.) Ala yon bèl privilèj nou genyen pou nou fè yon travay ki ann amoni ak volonte Bondye lè nou pa ezite pou nou kondui etid biblik !