Annou pataje esperans Wayòm nan ak lòt moun
1 Nan tan kritik sa yo, anpalan de dènye jou yo, anpil moun nan monn nan ap viv sanzespwa (Efe. 2:12). Gen lòt moun, paske yo manke sajès, ki mete konfyans yo nan byen materyèl, nan dirijan imen, nan lasyans, elatriye. Ala kontan nou kontan dèske nou gen yon vrè esperans pou lavni, yon esperans ki se ‘ yon ank pou nanm nou, yon esperans ki sèten e anmenmtan ki solid ’ ! — Ebre 6:19.
2 Anba dominasyon Wayòm Bondye a, tè a pral tounen yon paradi. Moun pa nou yo ki mouri pral resisite (Tra. 24:15). Povrete, enjistis, maladi, vyeyès ak lanmò pap la ankò (Sòm 9:18 ; Mat. 12:20, 21 ; Rev. 21:3, 4). Sa se kèk nan pwomès Jewova fè ki pral reyalize talè konsa. Ki aspè nan esperans nou an ou pa wè lè pou l reyalize ?
3 Pwoklame bon nouvèl la : Nou pa dwe kenbe esperans lan pou nou. Lanmou nou gen pou Bondye ak lanmou nou gen pou pwochen nou pouse nou imite Jezi e sa pouse nou ‘ anonse pòv yo bon nouvèl la, preche liberasyon pou kaptif yo, fè avèg yo konnen yo gen pou yo retounen wè, e fè moun y ap kraze yo konnen yo gen pou yo ranvwaye yo an libète ’. (Lik 4:18.) Apot Pòl te preche bon nouvèl la nan mache, li te preche tout kote li te jwenn moun. Li te bay tout li menm nan ministè a (Tra. 18:5). Annou imite l, sa vle di, annou patisipe nan ministè a avèk zèl, sa ap anpeche “ enkyetid ki gen nan sistèm de choz sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun ” febli esperans nou antanke kretyen. — Mak 4:19.
4 Esperans nou nan Wayòm nan pap febli lè nou rankontre moun ki endiferan, moun ki prèske pa enterese nan mesaj Wayòm nan, moun ki opoze ak nou ouvètman. N ap “ kenbe deklarasyon piblik esperans nou an fèm, san nou pa vasiye ”. (Ebre 10:23.) Nou pap “ wont ” anonse “ bon nouvèl la ”. (Wom. 1:16.) Li posib pou konviksyon nou genyen ki parèt aklè ansanm ak pèseverans nou pouse kèk moun pou yo koute nou finalman.
5 Byenke li bon pou nou atire atansyon moun yo sou sitiyasyon monn nan k ap deteryore, sitiyasyon ki reyalize pwofesi ki nan Bib la, men anfèt nou pa moun k ap preche malè. Olye de sa, ministè nou an santre sou esperans Wayòm nan : bon nouvèl Wayòm Bondye a. Nou swete pou nou preche bon nouvèl sa a avèk konviksyon, avèk zèl, “ pou nou ka gen yon asirans totalkapital sou esperans lan jiska lafen ”. — Ebre 6:11.