Konsole moun kè yo ap fann
1 Nan listwa lèzòm, pa t janm gen yon epòk kote moun yo te bezwen konsolasyon tankou epòk pa nou an. Si nou suiv direksyon Wa nou an, Jezi Kris, nou menm tou n ap fè tout sa nou kapab pou nou “ panse moun kè yo ap fann ”. — Iza. 61:1.
2 Fason nou ka konsole lòt moun : Pou nou konsole moun yo, nou dwe sèvi ak prezantasyon ki ekilibre e ki ankourajan nan ministè nou. Lè n ap pale ak moun yo konsènan move bagay k ap pase nan monn nan, oswa konsènan fo doktrin, nou pap konsantre nou twòp sou bagay sa yo, men n ap mete aksan sou verite nou jwenn nan Bib la e sou bèl espwa Bondye ban nou grasa pwomès li fè yo, pwomès ki ka konsole nou. Sa pa vle di nou pa dwe pale de Amagedòn. Nou gen misyon nonsèlman pou nou pwoklame “ ane byenveyans Jewova a ”, men tou pou nou pwoklame “ jou vanjans Bondye nou an ” e pou nou ‘ avèti mechan an pou l kite move chemen l ap suiv la ’. Sepandan, avètisman sou Amagedòn e sou destriksyon ki pral genyen an pa dwe vwale tèm mesaj nou an ki se bon nouvèl Wayòm Bondye a. — Iza. 61:2 ; Eze. 3:18 ; Mat. 24:14.
3 Lè n ap preche kay an kay : Se pa yon bagay ki ra lè n ap preche pou nou jwenn moun ki dekouraje akoz maladi, yon moun pa yo ki mouri, enjistis oswa pwoblèm ekonomik. Antanke imitatè Kris, nou gen “ pitye ” pou moun nou rankontre nan ministè a e nou gen konpasyon pou yo (Lik 7:13 ; Wom. 12:15). Byenke nou ka li youn oswa de vèsè ki gen rapò ak pwoblèm moun nan genyen an, sepandan nou dwe montre nou anvi “ tande ” moun nan, konsa n ap pèmèt moun nan eksprime santiman l (Jak 1:19). Apre nou fin tande sa l ap di n nan, n ap anmezi pou nou konsole l pi byen.
4 Nan konvèsasyon nou genyen ak moun yo, nou kapab di yo nan yon moman ki apwopriye : “ Mwen ta renmen pataje kèk pawòl ankourajan mwen jwenn nan Bib la avè w. ” Nou dwe sèvi ak bonsans nou pou nou pa chèche konteste tout pwennvi ki pa kòrèk moun yo eksprime. Depreferans, nou ta dwe chèche ankouraje yo e nou ta dwe konsole yo lè nou sèvi ak Ekriti yo pou nou fòtifye kè yo. Pou nou fè sa, nou ka chèche kèk panse ankourajan nan liv Comment raisonner à partir des Écritures, nan paj 119-122, anba tit “ Encouragement ” an. Oubyen nou ka bay moun nan feyè De l’ aide pour les déprimés a epi egzamine panse ankourajan ki ladan l yo ansanm avè l.
5 Annou chèche okazyon pou nou konsole lòt moun : Èske w konnen yon vwazen, yon kòlèg, yon kamarad oswa yon manm fanmi w ki bezwen konsolasyon ? Sa w panse si w ta fè efò pou w vizite moun sa a lakay li, nan objektif pou w pataje ak li pawòl ki bay konsolasyon nou jwenn nan Bib la ? Si w konnen rezon ki fè moun nan bezwen konsolasyon, ou ka prepare w pou w pale avè l sou pwoblèm li genyen an. Nan objektif pou konsole lòt moun, gen moun ki ekri lèt oswa ki itilize telefòn. Lanmou nou gen pou pwochen nou ap pouse nou eksprime senpati nou genyen pou yo e l ap pouse nou sèvi ak Ekriti yo pou nou konsole yo. — Lik 10:25-37.
6 Wi, nou gen misyon pou nou konsole moun ki andèy yo, pou nou rekonfòte moun ki tris yo, e pou ede yo espere yon bèl avni. Se konsolasyon sa a moun tout kote sou tè a bezwen. Lè nou pale ak kè kontan konsènan anpil bon bagay Bondye pwomèt nou, sa ap konsole moun ki sensè yo e sa ap bay yo espwa. Se pou nou toujou sonje li nesesè pou nou panse moun kè yo ap fann.