BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/08 p. 3
  • “ Suiv tras li fidèlman ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Suiv tras li fidèlman ”
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • “ Se pou sa yo te voye m ”
    “Vin suiv mwen”
  • Èske w akonpli sèvis ou nèt?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • “ Vin swiv mwen ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Lè nou anseye avèk amou, nou imite Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 4/08 p. 3

“ Suiv tras li fidèlman ”

1. Ki sa nou ka fè pou nou vin yon minis ki efikas ?

1 Jezi pa t pase nan lekòl rabinik, poutan nan tout listwa se li ki pi gwo minis nan domèn relijye. Erezman, yo te ekri istwa ministè Jezi e yo prezève istwa sa a pou pwofi nou. Pou nou ka vin yon minis ki efikas, nou dwe “ suiv tras li fidèlman ”. — 1 Pyè 2:21.

2. Ki sa k ap ede nou kiltive yon lanmou ki sanble ak pa Kris la pou moun yo ?

2 Demontre lanmou pou lòt moun : Sa ki te motive Jezi se lanmou ak sousi li te gen pou lòt moun (Mak 6:30-34). Anpil moun nan tèritwa a ap “ soufri ” e yo bezwen laverite anpil (Wom. 8:22). Lè nou reflechi sou sitiyasyon difisil moun sa yo ap rankontre ak sou lanmou dezenterese Jewova demontre pou yo, sa ap pouse nou pèsevere nan travay predikasyon an (2 Pyè 3:9). Anplis de sa, moun yo ap reyaji pi byen devan mesaj nou an si yo rann yo kont nou gen sousi pou yo toutbonvre.

3. Nan ki okazyon Jezi te konn preche lòt moun ?

3 Pwofite tout okazyon pou nou pale : Jezi te konn pwofite tout okazyon pou l pataje bon nouvèl la ak lòt moun (Mat. 4:23 ; 9:9 ; Jan 4:7-10). Menm jan ak Jezi, nou dwe prepare nou pou nou pale de laverite pandan n ap mennen aktivite nou chak jou. Gen kèk moun ki toujou gen yon Bib ak kèk piblikasyon ansanm ak yo dekwa pou yo ka bay temwayaj nan travay yo, nan lekòl yo, lè y ap vwayaje, lè y al fè acha ak nan lòt okazyon ankò.

4. Ki sa nou ka fè pou se Wayòm nan ki tèm predikasyon nou ?

4 Mete aksan sou Wayòm nan : Se bon nouvèl Wayòm nan ki te tèm predikasyon Jezi (Lik 4:43). Menmsi nan prezantasyon n ap fè a nou ka pa pale imedyatman de Wayòm nan oubyen nou ka pa site mo Wayòm nan dirèkteman, nou bezwen toujou sonje pou nou ede moun n ap pale avè l la konprann Wayòm nan se yon nesesite. Menm lè n ap pale konsènan move sitiyasyon ki egziste nan monn nan, sa ki montre n ap viv nan dènye jou yo, men, sa n ap “ anonse ” prensipalman se ‘ bon nouvèl konsènan bon bagay yo ’. — Wom. 10:15.

5. Pou ministè nou ka efikas, ki wòl Bib la dwe jwe nan sa ?

5 Konte sou Pawòl Bondye a : Pandan tout ministè Jezi, li te konn baze ansèyman l yo sou Ekriti yo. Li pa t anseye anyen ki baze sou pawòl pa l (Jan 7:16, 18). Li te nouri tèt li ak Pawòl Bondye a e li te aplike sa l te aprann yo lè l te devan atak Satan (Mat. 4:1-4). Pou nou ka anseye lòt moun yon fason efikas, nou dwe li Bib la chak jou e nou dwe aplike sa nou li a pèsonèlman (Wom. 2:21). Lè n ap reponn kesyon moun yo poze nou nan ministè a, nou dwe site vèsè biblik pou nou kore sa nou di a, e chak fwa sa posib, nou dwe li vèsè a dirèkteman nan Bib la. Nou dwe fè moun n ap pale avè l la wè sa n ap di a se pa opinyon pèsonèl nou li ye, men li baze sou panse Bondye.

6. Ki sa Jezi te konn fè pou l te ka touche kè moun ki t ap koute l yo ?

6 Touche kè moun yo ak ansèyman n ap bay la : “ Pa janm gen yon lòt moun ki pale konsa. ” ​(Jan 7:46). Se pawòl sa yo ofisye yo te di konsènan Jezi lè prèt an chèf yo ak Farizyen yo te mande yo poukisa yo pa arete Jezi. Olye Jezi te annik bay moun li t ap enstwi yo yon bann enfòmasyon, li te anseye yo yon fason pou l touche kè yo pito (Lik 24:32). Li te sèvi ak sitiyasyon ki kouran nan lavi a kòm egzanp pou l ka rann pawòl li yo vivan (Mat. 13:34). Li pa t benyen moun k ap koute l yo ak yon pakèt pawòl (Jan 16:12). Li te atire atansyon sou Jewova olye li atire atansyon sou tèt li. Menm jan ak Jezi, nou ka vin bon anseyan sèlman si nou ‘ toujou veye sou ansèyman n ap bay ’. — 1 Timote 4:16.

7. Poukisa Jezi te pèsevere nan ministè a ?

7 Se pou nou pèsevere malgre endiferans ak opozisyon : Aktout Jezi te konn fè mirak, gen anpil moun ki pa t koute l (Lik 10:13). Menm pwòp moun nan fanmi l te panse “ tèt li pati ”. (Mak 3:21.) Malgre sa, Jezi te pèsevere. Li te toujou gen yon atitid pozitif paske li te gen yon total asirans li gen laverite ki ka libere moun (Jan 8:32). Grasa èd Jewova, nou menm tou nou detèmine pou nou pa abandone. — 2 Kor. 4:1.

8, 9. Pou nou imite Jezi, ki sakrifis nou ka fè pou bon nouvèl la ?

8 Fè tout sakrifis ki nesesè pou nou patisipe ak tout nou menm nan ministè a : Jezi te sakrifye konfò l pou ministè a (Mat. 8:20). Li te preche san pran souf, pafwa, li te konn fè sa ta nan lannuit (Mak 6:35, 36). Jezi te konnen tan li genyen pou l fè travay la limite. Etandone tan ki “ rete a vin pi kout ”, nou menm tou, nou bezwen sakrifye tan nou, enèji nou ak resous nou, konsa n ap imite Jezi. — 1 Kor. 7:29-31.

9 Kretyen nan premye syèk la te minis ki efikas paske yo te aprann nan men Jezi (Tra. 4:13). Nou menm tou nou ka byen akonpli ministè nou si nou imite pi gwo minis ki gen nan domèn relijye nan tout listwa a. — 2 Tim. 4:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje