BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/08 p. 1
  • “ Mete jouk mwen an sou nou ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Mete jouk mwen an sou nou ”
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Jezi te bay moun fòs
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • “Vin jwenn mwen, [...] e m ap ban nou fòs”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Annou chèche jwenn fòs ak satisfaksyon nan bagay espirityèl yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Yon travay ki bay rekonfò
    Ministè Wayòm nan — 2003
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 5/08 p. 1

“ Mete jouk mwen an sou nou ”

1 Nan monn sa a ki ranpli ak presyon ak enkyetid, nou vrèman soulaje lè nou reponn bèl envitasyon Jezi fè nou pou nou vin pran fòs anba jouk li a (Mat. 11:29, 30). Lè disip Jezi yo aksepte mete yo anba jouk li, yo angaje yo nan yon travay ki reprezante yon defi, men ki rekonfòtan. Travay sa a mande pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan e pou yo ede lòt moun jwenn rekonfò menm jan ak nou anba jouk Jezi a ki dous. — Mat. 24:14 ; 28:19, 20.

2 Ministè a bay rekonfò : Jezi pa t mande disip li yo pou yo ajoute sou chay yo t ap pote deja. Men li te envite yo pou yo chanje chay lou yo t ap pote a pou chay pa l la ki lejè. Nou pap kofre anba enkyetid ak dezespwa ki gen nan sistèm sa a ankò, ni nou pap kouri dèyè richès ki pa sèten (Lik 21:34 ; 1 Tim. 6:17). Menm lè nou okipe e nou oblije travay pou nou jwenn sa nou bezwen chak jou, nou santre vi nou sou sèvis n ap bay Jewova a (Mat. 6:33). Si nou toujou gen yon bon pwennvi sou sa ki pi enpòtan, n ap toujou jwenn rekonfò nan ministè a, e li pap yon fado pou nou. — Fil. 1:10.

3 Natirèlman, nou pran plezi pou nou pale ak lòt moun konsènan tout sa ki gen anpil valè nan je nou (Lik 6:45). Jewova gen anpil valè nan je tout kretyen e benediksyon li pwomèt Wayòm nan ap pote yo gen anpil valè nan je yo tou. Se sa k fè se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan pou nou pale konsènan “ bon nouvèl bon bagay yo ” lè nou nan ministè a, toutpandan nou bliye sousi nou genyen chak jou (Wom. 10:15). Byennantandi, plis nou fè yon travay se plis nou vin maton ladan l e nou jwenn plis kè kontan ladan l. Kidonk, si nou pase plis tan nan ministè a, si sitiyasyon nou pèmèt nou, n ap jwenn plis rekonfò. Epi se pa ti ankourajan sa ankourajan lè nou jwenn moun ki byen reyaji devan predikasyon bon nouvèl la (Tra. 15:3) ! Menm lè nou ta jwenn moun ki endiferan oswa ki opoze, ministè a ap ban nou rekonfò nan domèn espirityèl si nou sonje efò nou yo rejwi kè Jewova e grasa benediksyon Jewova nou ka jwenn bon rezilta. — Tra. 5:41 ; 1 Kor. 3:9.

4 Lefètke nou aksepte envitasyon Jezi a, nou gen privilèj, pou nou sèvi bò kote l kòm Temwen Jewova (Iza. 43:10 ; Rev. 1:5). Pa gen anyen ki ka pi rekonfòtan pase sa !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje