BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/08 p. 4
  • Ann anseye lòt moun pou yo renmen Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann anseye lòt moun pou yo renmen Jewova
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Renmen Bondye ki renmen w lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Lè nou anseye avèk amou, nou imite Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Pa kite lanmou w genyen an vin rafredi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 9/08 p. 4

Ann anseye lòt moun pou yo renmen Jewova

1. Ki sa ki atire kèk moun pou yo vin jwenn Jewova ?

1 Èske w sonje premye fwa ou te tande pale de Jewova ? Ki sa k te atire w pou w vin jwenn li ? Anpil moun ki gen kè sensè ap di w sa k te atire yo pou yo vin pwòch Kreyatè a, se lè yo te kòmanse gen konesans sou kalite san parèy li genyen yo, espesyalman konpasyon l ak lanmou l. — 1 Jan 4:8.

2, 3. Ki jan nou ka itilize liv Sa Labib anseye a pou nou ede etidyan Labib yo vin gen plis lanmou pou Jewova ?

2“ Men Bondye nou an ” : Liv Sa Labib anseye a atire atansyon sou lanmou Jewova genyen e li mete aksan sou nesesite pou nou gen relasyon pèsonèl ak Jewova. Ki jan nou ka sèvi ak piblikasyon sa a pou nou anseye lòt moun pou yo vin gen plis lanmou pou Bondye ? Lè n ap pale sou yon nouvo pwen, nou ka poze moun nan kesyon k ap fè l reflechi, kesyon tankou : “ Ki sa verite sa a aprann ou sou Jewova ? ” oubyen “ Kòman pwen sa a montre aklè Jewova se pi bon Papa yon moun ta ka anvi genyen ? ” Lè nou itilize fason sa a pou nou anseye yon etidyan, sa ap ede l kòmanse gen bon relasyon ak Jewova, yon relasyon k ap dire tout vi l.

3 Lè nou ede etidyan Labib yo konprann se yon privilèj pou yo aprann konnen sèl vrè Dye a, Dye vivan an, y ap vin di menm pawòl Izayi te di yo : “ Men Bondye nou an. ” ​(Iza. 25:9). Lè n ap esplike moun yo Pawòl Bondye a, nou bezwen mete aksan sou fason lèzòm pral jwenn benediksyon lè objektif Jewova yo reyalize grasa gouvènman l lan ki gen Jezi Kris kòm Wa. — Iza. 9:6, 7.

4, 5. Ki sa renmen Jewova vle di ?

4 Prèv ki montre nou renmen Jewova : Nou konnen renmen Jewova ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout espri nou vle di plis pase annik gen yon santiman pwofon nan kè nou pou li. Nou dwe chwazi pou nou panse fason Bondye panse e nou dwe toujou panse fason sa a (Sòm 97:10). Lanmou nou gen pou Bondye ap parèt aklè lè nou toujou obeyi tout kòmandman l yo e nou kontinye fè ni ‘ aksyon ki montre nou gen yon konduit ki sen, ni aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye ’, menm lè n ap rankontre eprèv ak opozisyon. — 2 Pyè 3:11 ; 2 Jan 6.

5 Lè nou fè volonte Bondye paske nou renmen l, se tout yon plezi sa ye (Sòm 40:8). Etidyan Labib yo dwe rann yo kont tout kòmandman Bondye yo la pou byennèt etènèl sèvitè Bondye yo (Det. 10:12, 13). Lè yon moun viv ann amoni ak konsèy Jewova bay, moun sa a montre li gen gwo apresyasyon pou tout bèl travay Jewova fè. Ede etidyan yo konprann lè yon moun mache nan chemen Jewova yo, chemen ki jis, sa epaye l anpil soufrans ak anpil tèt chaje.

6. Ki benediksyon yon moun ka jwenn paske li renmen Jewova ?

6 Moun ki renmen Jewova yo jwenn benediksyon : Jewova gen bonjan sousi pou moun ki enb yo, moun ki renmen l yo, e li revele yo “ bagay pwofon ” li yo (1 Kor. 2:9, 10). Lè moun yo rive gen yon konesans konsa sou objektif Jewova, sa fè yo gen yon vizyon klè sou lavni e yo gen yon esperans ki sèten (Jer. 29:11). Moun ki renmen Jewova yo vin anmezi pou yo benefisye bonte estrawòdinè li genyen (Egz. 20:6). Yo gen espwa pou yo viv etènèlman grasa kokenn lanmou Bondye gen pou yo. — Jan 3:16.

7. Ki jan w konsidere kesyon anseye lòt moun pou yo renmen Jewova a ?

7 Tank nou gen konesans sou Papa nou ki nan syèl la, se tank nou gen bagay pou nou pataje ak lòt moun (Mat. 13:52). Ala yon kokenn privilèj nou genyen pou nou anseye lòt moun, sitou pitit nou yo, pou yo renmen Jewova (Det. 6:5-7) ! Nou swete pou ni nou menm ni etidyan nou yo kontinye louwe Jewova e pou nou fè sa ak tout nou menm toutpandan n ap pwofite ‘ bonte Jewova genyen ann abondans ’. — Sòm 145:7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje