Ministè nou an montre lanmou nou gen pou Bondye
1. Ki sa lanmou Jezi gen pou Bondye te pouse l akonpli?
1 Se lanmou ki te pouse Jezi akonpli ministè l. Chak aspè nan ministè Jezi se yon kokenn temwayaj sou lanmou li gen pou Jewova. Jezi te di: “Pou monn nan ka konnen mwen renmen Papa a, jan Papa a ban m lòd pou m fè, se konsa m fè.” (Jan 14:31). Antanke moun k ap suiv tras Jezi, nou menm tou, nou gen privilèj pou nou montre lanmou pwofon nou gen pou Bondye nan ministè nou. — Mat. 22:37; Efe. 5:1, 2.
2. Ki jan lanmou nou gen pou Jewova enfliyanse ministè nou?
2 “Se pou non w sangtifye”: Lè nou pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou pale ak lòt moun konsènan Jewova e konsènan Wayòm li an, e nou fè sa avèk zèl, nou montre nou gen lanmou pou Bondye, e konsa, nou kontribye pou non l sangtifye (Sòm 83:18; Eze. 36:23; Mat. 6:9). Grasa ministè nou, n ap kontinye montre dezi sensè nou genyen pou non Jewova sangtifye e pou volonte l fèt, menm jan Jezi te montre sa grasa ministè l. — Mat. 26:39.
3. Nan ki sans lanmou nou gen pou Jewova ap ede nou venk obstak nou rankontre yo?
3 Lanmou pouse nou venk obstak: Pa gen okenn obstak ki ka anpeche nou manifeste lanmou pou Jewova (1 Kor. 13:4, 7). Jezi te fè fas ak yon seri sitiyasyon nan lavi l ki te ka dekouraje l pou l pa kontinye akonpli ministè l. Sepandan, lè l te rankontre obstak, lanmou pwofon li te gen pou Jewova ak dezi li te genyen pou l fè volonte L te ede l venk obstak sa yo (Mak 3:21; 1 Pyè 2:18-23). Nou menm tou, n ap fè fas ak anpil difikilte, men lanmou nou genyen pou Bondye kapab ede nou venk yo. Si nou suiv egzanp Kris fidèlman, n ap santi nou alèz pou nou akonpli ministè nou e nou pap dekouraje. Malgre gen yon seri de pwoblèm ki ka afekte nou, tankou opozisyon familyal, pwoblèm sante, pwoblèm laj oubyen endiferans moun yo, sa pa dwe fè nou sispann demontre lanmou pou Jewova lè nou fè tout sa nou kapab pou nou byen akonpli ministè nou.
4. Ki privilèj nou genyen lefètke nou gen lanmou pou Jewova?
4 Vrèmanvre, lanmou pisan anpil , e se yon benediksyon lefètke nou gen kapasite pou nou montre lanmou sensè nou gen pou Bondye nan ministè nou (1 Kor. 13:13). Etandone epòk kote non Jewova pral sangtifye yon fwa pou tout la ap pwoche rapidman, se pou ‘lanmou nou gen pou Jewova a ogmante plis toujou’. — Fil. 1:9; Mat. 22:36-38.