BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/09 p. 3
  • Annou bay Jewova louwanj chak jou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou bay Jewova louwanj chak jou
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Louwe Jewova, Bondye nou an!
    Ann chante pou Jewova
  • Louwe Jewova, Bondye nou an!
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Jèn, bay Jewova louwanj !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Nou dwe bay Jewova anpil louwanj
    Ministè Wayòm nan — 2003
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 7/09 p. 3

Annou bay Jewova louwanj chak jou

1. Ki sa sèvitè Bondye yo detèmine pou yo fè, e poukisa?

1 Wa David te eksprime detèminasyon li genyen pou l bay Jewova louwanj “tout lajounen” e menm pou tan endefini (Sòm 145:2, 7, 21). Nou menm tou, nou gen bonjan rezon pou nou bay Jewova louwanj chak jou. — Sòm 37:10; 145:14, 18; 2 Pyè 3:13.

2. Ki jan fanmi yo ka bay Jewova louwanj chak jou?

2 Lakay nou: Nou gen piblikasyon ki edifyan ki ede nou gen konvèsasyon sou Bondye ak sou Bib la lè nou egzamine tèks pou jounen an, lè nou reyini pou nou fè adorasyon an fanmi e lè n ap prepare reyinyon yo. Gen anpil fanmi ki pran abitid manje ansanm omwen yon fwa pa jou. Sa pèmèt yo gen konvèsasyon ki pa fèt nan prese, ki kalm, e sa ba yo okazyon pou yo bay Jewova louwanj. Lè paran yo abòde sijè espirityèl ak pitit yo lè y ap manje ansanm, sa ka ede paran yo anpil pou yo leve pitit yo nan “disiplin Jewova ak nan avètisman l bay”. — Efe. 6:4; Det. 6:5-7.

3. Ki okazyon nou genyen lè nou ansanm ak frè nou yo?

3 Avèk frè nou yo: Lè n ap preche oswa lè n ap asiste reyinyon nan kongregasyon an, nou gen bonjan okazyon pou nou bay Jewova louwanj ansanm ak kwayan parèy nou yo (Pwo. 15:30; Fil. 4:8; Ebre 13:15). Piske nou tout nou renmen Jewova, lè n ap pale youn ak lòt, li ta dwe fasil pou nou eksprime apresyasyon sensè nou genyen pou bonte Jewova. — Sòm 106:1.

4. Apa predikasyon fòmèl, ki lòt okazyon nou genyen pou nou bay Jewova louwanj?

4 Lè n ap pale ak enkwayan: Menmsi sikonstans yo pa pèmèt nou preche chak jou, si nou fè menm yon ti pale tou kout ak kòlèg nou, kamarad nou e ak lòt moun konsènan Jewova e konsènan objektif li genyen, sa ka ede moun ki gen kè ki sensè mete espwa yo nan Jewova (Sòm 27:14; 1 Pyè 3:15). Pandan yon sè t ap vwayaje nan yon avyon, li te gen posiblite pou l bay yon lòt pasaje temwayaj. Pasaje sa a te twouve pawòl sè a te di l yo te tèlman rekonfòtan, yo te tèlman ankourajan, li te bay sè a adrès li ak nimewo telefòn li pou yo te ka kenbe kontak antre yo. Ofiramezi pwoblèm yo ap ogmante e kondisyon yo ap vin pi mal, pèp Jewova a ap kontinye pote “bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon” an bay moun ki dispoze koute yo. Sa ap pèmèt yo mete espwa yo nan Jewova e sa ap pèmèt yo bay Jewova louwanj. — Iza. 52:7; Wom. 15:11.

5. Poukisa nou vle bay Jewova louwanj, e ki sa sa ka akonpli?

5 Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l ap koute sèvitè l yo k ap ba li louwanj chak jou! Menm jan ak kreyasyon vizib Jewova a ki antoure nou, nou menm tou, nou ka bay Jewova louwanj ak bouch nou lakay nou, nan kongregasyon an e lè n ap pale ak moun ki poko vin bay Jewova louwanj menm jan ak nou. — Sòm 19:1-4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje