Annou fè tout sa nou kapab pou nou rive preche mesye yo
1. Ki bezwen ijan ki genyen nan travay preche Wayòm nan?
1 Ofiramezi travay Wayòm nan ap etann nan dènye jou sa yo, yo vin bezwen plis frè kalifye pou pran latèt ladan l (Mak 4:30-32; Tra. 20:28; 1 Tim. 3:1-13). Sepandan, nan kèk peyi se kèk gason sèlman ki aksepte mesaj Wayòm nan parapò ak kantite fi ki aksepte l. Nan kèk peyi, se nan men madanm yo mesye yo kite kesyon fòmasyon espirityèl ak fòmasyon relijye timoun yo. Ki sa nou ka fè pou nou ankouraje plis gason pou yo vin konsyan de bezwen espirityèl yo e pou yo vin jwenn nou nan vrè adorasyon an?
2. Ki bon rezilta efò Pòl ak Pyè te fè pou yo bay mesye yo temwayaj te bay?
2 Annou chèche mesye yo: Lè yon chèf fanmi aksepte laverite, jeneralman li enfliyanse lòt moun nan fanmi an pou yo vin jwenn li nan adorasyon ki pwòp la. Pa egzanp, pandan Pòl ak Silas te nan prizon poutèt yo t ap preche, yo te bay yon gadyen prizon temwayaj. Mesye sa a ansanm ak tout moun lakay li te vin batize (Tra. 16:25-34). Pòl te preche nan vil Korent, e kòm rezilta, “Krispis, prezidan sinagòg la, te vin kwè nan Seyè a, e tout moun lakay li te vin kwè tou”. (Tra. 18:8.) Jewova te itilize Pyè pou bay Kònèy temwayaj, yon ofisye yo te dekri kòm “yon nonm ki te gen atachman pou Bondye e ki te gen krent pou Li”. Kònèy ak tout moun lakay li ak tout fanmi l ak tout zanmi pwòch li te vin batize. — Tra. 10:1-48.
3. Menm jan ak Filip, ki moun ki “nan gwo pozisyon” nou ka bay temwayaj?
3 Lè nou bay mesye ki “nan gwo pozisyon” yo temwayaj, sa ka bay bonjan rezilta (1 Tim. 2:1, 2). Pa egzanp, yon zanj Jewova te ankouraje Filip pou l pale ak “yon mesye ki gen pouvwa” ki te responsab tout trezò rèn Etyopi a. Filip te tande mesye a “ki t ap li liv pwofèt Izayi a awotvwa” e Filip te esplike l bon nouvèl konsènan Jezi a. Etyopyen sa a te vin yon disip e petèt li te simaye bon nouvèl la pandan li t ap vwayaje pou l retounen nan peyi l. Sandout, li te bay ni rèn nan ni moun ki te nan lakou rèn nan temwayaj, petèt moun sa yo pa t ap gen okazyon tande bon nouvèl la yon lòt fason. — Tra. 8:26-39.
4. Ki sa nou ka fè pou nou bay mesye yo plis okazyon pou yo tande bon nouvèl la?
4 Sa nou ka fè pou nou kontakte plis gason: Piske souvan gason yo nan travay yo lajounen, èske nou pa ta ka ajiste pwogram nou pou nou pase plis tan nan ministè a nan aprèmidi, nan wikenn ak nan jou ferye yo? Lè nou preche tèritwa ki gen biznis yo regilyèman, sa ap ban nou okazyon anplis pou nou bay mesye ki pa lakay yo souvan temwayaj. Frè yo ka fè yon efò espesyal pou yo bay gason k ap travay menm kote ak yo temwayaj enfòmèl. Nan predikasyon kay an kay, sitou nan tèritwa kote nou preche souvan yo, frè yo ka mande pou yo pale ak chèf fanmi yo.
5. Ki sa yon sè ta dwe fè lè li jwenn yon gason ki byen reyaji devan mesaj Wayòm nan?
5 Si yon sè preche yon gason e li byen reyaji devan laverite, sè a pa ta dwe retounen al fè vizit la poukont li. Li ka retounen ansanm ak mari l oswa ak yon lòt pwoklamatè. Ofiramezi moun ki enterese a ap pwogrese, jeneralman li pi bon pou sè a pase etid la bay yon frè kalifye.
6. Ki jan nou ka imite apot Pòl yon fason pou nou “ramne plis moun posib”?
6 Se pou nou chwazi sijè ki enterese mesye yo an jeneral: Apot Pòl te teni kont de moun ki t ap koute l yo e li te adapte sijè l yo yon fason pou l te ka “ramne plis moun posib”. (1 Kor. 9:19-23.) Menm jan an tou, nou dwe egzamine ki sijè ki ka atire mesye nou rankontre yo e nou ta dwe prepare nou pou nou pataje sijè sa yo avèk yo. Pa egzanp, sijè ki enterese mesye yo jeneralman se: pwoblèm ekonomik, bon gouvènman, pwoteksyon ak sekirite fanmi. Anplis de sa, yo konn enterese konnen ki bi lavi a, ki avni ki gen pou latè e poukisa Bondye pèmèt soufrans. Mesye yo ap pi byen resevwa mesaj Wayòm nan si nou montre nou gen klèvwayans lè n ap chwazi sijè pou nou abòde ak yo. — Pwo. 16:23.
7. Ki sa tout moun nan kongregasyon an ka fè pou yo fè yon bèl enpresyon sou mari ki pa kwayan ki vin nan reyinyon?
7 Se pou nou pran inisyativ pou nou ede mari ki pa kwayan yo: Byenke souvan bon konduit sè nou yo konn gen yon gwo enfliyans sou mari yo ki pa kwayan, lòt moun nan kongregasyon an ka gen yon enfliyans pozitif sou yo tou (1 Pyè 3:1-4). Lè yon mari ki pa kwayan vin nan reyinyon ak madanm li, bèl akèy li resevwa nan men moun nan kongregasyon an ka sèvi kòm yon temwayaj pisan. Lefètke li vin nan reyinyon, sa montre li manifeste yon enterè kèlkonk pou laverite e li ka dispoze aksepte yon etid biblik.
8. Ki sa frè yo ka fè pou yo ede mari ki pa kwayan e ki demontre yo pa vrèman enterese ak laverite?
8 Yon lòt bò, kèk mari ki pa kwayan ki demontre yo pa gen gwo enterè pou bagay espirityèl yo okòmansman, ka vin dispoze etidye Labib finalman lè yo jwenn yon frè yo santi yo alèz avè l. Nan yon kongregasyon, te gen frè ki te konn fè efò nan sans sa a. Yo te fikse objektif, chak fwa yo t ap vizite fanmi yon sè, pou yo pale ak mari l ki pa kwayan konsènan sijè yo konnen k ap enterese l. Konvèsasyon sa yo te konn vire sou yon sijè biblik finalman, e kounye a mesye sa a batize. Nan yon lòt sitiyasyon, gen yon frè ki te ede yon mari ki pa kwayan men ki amikal konstwi yon kloti toutotou kay li. Lefètke frè a te demontre yon enterè pèsonèl pou mesye sa a, sa te pouse l etidye Labib (Gal. 6:10; Fil. 2:4). Si w se yon frè, sa w panse si w ta chèche kontakte youn oubyen plizyè mari ki pa kwayan?
9. Ki bon rezilta sa ka bay lè yo fòme frè yo?
9 Ba yo fòmasyon pou yo ka andose responsablite pi devan: Gason ki byen reyaji devan mesaj Wayòm nan e k ap chèche vin gen plis responsablite nan sèvis Jewova a ka vin fè pati “gason kòm kado” Jewova bay yo, anpalan de ansyen yo ki itilize kapasite yo ak fòs yo nan enterè pèp Jewova a (Efe. 4:8; Sòm 68:18). Jan de bèje sa yo pran swen kongregasyon an volontèman e avèk anpil anpresman (1 Pyè 5:2, 3). Ala yon benediksyon yo vin tounen pou tout kominote frè nou yo!
10. Ki jan efò Anànyas te fè pou l ede Pòl la pwofitab pou anpil moun?
10 Pa egzanp, Sol te vin tounen “apot nasyon yo”, alòske anvan sa li t ap pèsekite kretyen yo (Wom. 11:13). Anànyas, yon disip, te yon ti jan retisan okòmansman pou l preche Sol paske li te konnen se yon pèsekitè li te ye. Sepandan, Anànyas te suiv direksyon Seyè a te ba li e li te pale ak mesye sa a ki te vin apot Pòl. Ofiramezi ane t ap pase, travay Pòl te fè nan ministè a te ede plizyè milye moun ki te tande predikasyon l lan e travay sa a kontinye ede plizyè milyon moun ki tire pwofi nan lèt li te ekri anba enspirasyon yo, yon seri lèt yo rapòte nan Bib la. — Tra. 9:3-19; 2 Tim. 3:16, 17.
11. Poukisa nou ta dwe fè tout ajisteman ki nesesè nan pwogram nou dekwa pou nou ka bay mesye yo temwayaj?
11 Kidonk, se pou nou fè tout sa nou kapab pou nou ajiste pwogram nou, si sa nesesè, pou nou rive preche mesye yo. Toutpandan n ap pousuiv objektif sa a, nou mèt gen asirans Jewova ap beni efò n ap fè ak tout nou menm pou nou fè volonte l e pou nou defann enterè Wayòm nan.