BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/09 p. 1
  • Ki repons w ap bay?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki repons w ap bay?
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou w reponn kesyon
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Annou imite Sila ki te pi konn fè disip la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Byen sèvi ak kesyon
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen sèvi ak kesyon
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 9/09 p. 1

Ki repons w ap bay?

1. Poukisa nou dwe imite egzanp Jezi lè moun yo poze nou kesyon?

1 Jis jodi a moun emèveye pou yo wè jan Jezi te efikas nan fason li te konn reponn kesyon yo poze l. Lè moun yo poze nou tout kalite kesyon nan ministè a, li bon pou nou imite egzanp Jezi nan domèn sa a. — 1 Pyè 2:21.

2. Ki sa ki ka ede nou reponn kesyon yo poze nou yon fason efikas?

2 Toudabò, se pou nou koute moun yo: Jezi te pran opinyon moun ki te poze l kesyon yo an konsiderasyon. Pafwa, sa mande pou nou poze moun nan kesyon pou nou ka byen konprann sa l vrèman gen nan panse l. Yon moun ki mande nou: “Èske nou kwè nan Jezi?” ka vle mande nou an reyalite rezon ki fè nou pa fete Nwèl. Si nou rive disène sa ki vrèman enterese moun ki poze nou kesyon an, nou ka rezone ak li yon fason ki pi efikas. — Lik 10:25-37.

3. Ki zouti nou genyen ki ka ede nou jwenn repons ki baze sou Bib la e ki ka satisfè moun yo?

3 Sèvi ak Pawòl Bondye a pou nou reponn: An jeneral, li pi bon pou nou montre moun nan jan Bib la reponn kesyon l poze a (2 Tim. 3:16, 17; Ebre 4:12). Liv Comment raisonner a ak ribrik “Sujets de conversation bibliques” ki nan Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau a vrèman itil pou ede nou bay repons ki kòrèk la. Menmsi moun ki poze kesyon an pa aksepte Bib la kòm Pawòl Bondye, avèk tak, nou ka jwenn mwayen pou n aprann li sa Bib la anseye. Ankouraje l pou l egzamine seryezman sajès ki gen nan Bib la. Si nou imite Jezi, repons nou yo ap “tankou pòm annò nan eskilti ann ajan”, sa vle di pawòl nou yo ap bèl, y ap gen anpil valè, e moun ap respekte yo. — Pwo. 25:11.

4. Nan ki ka pafwa li pa nesesè pou nou eseye reponn tout kesyon yo poze nou?

4 Èske nou ta dwe reponn tout kesyon? Si nou pa konn repons yon kesyon, nou pa dwe santi nou jennen pou nou di moun nan: “Mwen pa konn repons kesyon sa a, men, mwen ka fè rechèch sou kesyon w lan e mwen ka tounen pote rezilta rechèch mwen fè a pou ou.” Lè yon moun gen modesti konsa, e li montre li enterese nan moun li rankontre a, sa ka fè moun nan mande l pou l retounen. Si nou rann nou kont moun ki poze kesyon an se yon opozan k ap chèche vini ak agiman, nou dwe imite Jezi lè nou limite repons n ap ba li (Lik 20:1-8). Menm jan an tou, si yon moun ki pa gen yon vrè enterè pou laverite ap eseye fè diskisyon, avèk jantiyès, nou dwe mete fen nan konvèsasyon an, epi sèvi ak tan sa a pou nou chèche moun ki sensè yo. — Mat. 7:6.

5. Ki modèl Jezi kite pou nou nan fason li te konn reponn kesyon yo poze l?

5 Jezi te konnen li trèzenpòtan pou l konte sou Jewova pou l akonpli misyon li te genyen pou l “rann temwayaj pou laverite” e pou l reponn kesyon moun yo te genyen, kesyon yo te vrèman bezwen repons yo (Jan 18:37). Ala yon privilèj nou genyen pou nou imite Jezi lè nou bay moun ki nan “dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl yo” repons pou kesyon yo poze! — Tra. 13:48.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje