Ann chèche preche moun ki pale lòt lang yo
1. Pandan n ap patisipe nan travay predikasyon an nan tèritwa kongregasyon nou, ki opòtinite ki ka prezante devan nou?
1 Jezi Kris te predi yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl la sou tout tè a kòm “temwayaj pou tout nasyon”. Tout moun k ap patisipe nan travay predikasyon an e k ap anseye moun yo rann yo kont jan pawòl sa yo enpòtan (Mat. 24:14; 28:19, 20). Lè n ap patisipe nan travay predikasyon an ak nan travay fè disip la, byen souvan nou ka rankontre moun ki gen lòt nasyonalite ki pale yon lang ki pa menm ak lang nou pale a. Moun sa yo tou merite tande mesaj Wayòm nan e yo bezwen pran pozisyon fèm pou laverite anvan jou terib Jewova a rive (Mal. 3:18). Ki sa nou ka fè pou nou rive preche moun ki pale lòt lang nan tèritwa kongregasyon nou?
2. Nan ki sans nou imite Jewova lè nou preche moun ki pale lòt lang yo?
2 Ann chèche gen menm pwennvi ak Jewova sou moun ki pale lòt lang yo: Pou nou montre nou gen lanmou san patipri pou tout moun nan tèritwa nou menm jan Jewova gen lanmou san patipri pou yo, nou dwe gen yon kokenn dezi pou nou ede yo vin gen konesans egzak sou vrè Dye a, Jewova, kèlkeswa lang yo pale (Sòm 83:18; Tra. 10:34, 35). Byenke se sou moun ki pale lang yo pale nan kongregasyon nou an nou konsantre atansyon nou an premye, nou dwe prete atansyon ak bezwen moun ki pale lòt lang yo tou e nou dwe chèche mwayen pou nou pataje mesaj Wayòm Bondye a avèk yo. Si nou ta neglije moun ki pale lòt lang yo, sa pa t ap ann amoni ak objektif Jewova genyen pou nou bay moun tout nasyon temwayaj. Kidonk, ki sa nou ka fè pou nou ede moun ki pa pale menm lang ak nou yo?
3. Ki zouti itil yo fè pou nou, e kòman nou ka prepare nou pou nou sèvi ak li?
3 Sèvi ak bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an: Yo fè bwochi sa a pou nou itilize lè nou rankontre moun ki pa pale menm lang ak nou. Se pou nou toujou gen bwochi sa a avèk nou. Chèche byen konnen divès pati ki ladan l, epi prepare nou pou nou sèvi ak li. Pou nou ka jwenn diferan lang moun yo pale nan tèritwa a byen rapid, make paj kote lang sa yo ye a. Si gen piblikasyon ki disponib nan lang sa a, l ap pratik pou nou chèche jwenn kèk ladan yo pou nou plase moun yo apre nou fin montre yo mesaj ki nan bwochi a.
4. Kòman nou ka sèvi ak bwochi Nations an nan ministè a?
4 Si nou rankontre yon moun nan tèritwa a ki pale yon lòt lang e nou pa fin wè ki lang l ap pale, premye sa pou nou fè se montre l kouvèti bwochi a. Apre sa, ale nan kat mondyal la ki sou po bwochi a pa anndan, lonje dwèt ou sou ou, apre sa montre l kote peyi w ap viv la ye sou kat la, ansuit fè yon jès pou w montre l ou ta renmen konnen ki kote peyi pa l la ye e ki lang li pale. Yon fwa w fin idantifye lang li pale a, ale nan “Table des matières” la, epi chèche paj ki koresponn ak lang pa l la. Montre l fraz fonse ki nan tèt paj la, fè yon jès pou w di l ou ta renmen l li mesaj ki nan paj la. Lè l fin li l, ofri l yon feyè nan lang li pale a oubyen montre l fraz yo ekri sou fon gri a, fraz ki di w dispoze retounen pou w pote yon piblikasyon nan lang li pale a pou li. Apre sa, montre l ekspresyon “m rele” a, yo ekri li ak lèt fonse, epi di l non pa w yon fason klè. Touche pati ki make ki jan “w rele” a, yo ekri l ak lèt fonse, epi tann moun nan reponn ou. Pran randevou pou w retounen vizite l.
5. Ki sa nou dwe fè pou nou pousuiv enterè moun ki pale lòt lang yo demontre?
5 Pousuiv enterè a: Nou dwe fè efò pou nou vizite moun ki montre yo enterese nan mesaj Wayòm nan kèlkeswa lang yo pale. Yonfwa nou rann nou kont yon moun vrèman enterese nan Bondye ak nan Pawòl li a, Labib, nou dwe ranpli fòmilè Veuillez suivre l’intérêt a (S-43), epi tousuit n ap bay sekretè kongregasyon an fòmilè a pou l ka voye l bay filyal la dekwa pou yon moun ki pale lang moun ki enterese a pale a ka vin vizite l. Apre sa, filyal la ap voye fòmilè a bay gwoup kote moun yo pale lang sa a. Depi gwoup la oubyen moun ki pale lang nan resevwa fòmilè a, se pou yo chèche antre an kontak ak moun nan san pèdi tan. Sekretè a ap fè yon kopi fòmilè a, l ap bay siveyan sèvis la kopi sa a pou l ka kontinye pousuiv enterè gwoup moun ki pale lang sa a demontre. Yo dwe sèvi ak fòmilè sa a sèlman lè yon moun montre li vrèman enterese.
6. Si nou rankontre yon moun ki enterese, men ki pale yon lòt lang, ki responsablite nou genyen?
6 Ka gen yon bon ti tan ki pase ant lè pwoklamatè a te bay sekretè a fòmilè S-43 a ak lè pwoklamatè ki konn lang moun ki enterese a pale a al vizite moun nan. Se sa k fè, pou pwoklamatè ki te ranpli fòmilè S-43 a ka kontinye pousuiv enterè moun ki enterese a demontre a, li ka kontinye vizite moun nan jiskaske moun nan resevwa vizit pwoklamatè ki pale lang pa l la. Nan kèk ka, pwoklamatè a ka kòmanse yon etid biblik ak moun nan. Sepandan, pandan peryòd tranzisyon an, ki sa pwoklamatè a ka fè pou l jwenn piblikasyon nan lang moun ki enterese a pale a?
7. Ki zouti ki disponib pou nou jwenn piblikasyon nan lòt lang moun nou rankontre nan tèritwa a pale?
7 Piblikasyon pou moun ki pale lòt lang: Kongregasyon an pa dwe stoke yon pakèt piblikasyon nan yon lòt lang. Sepandan, si siveyan sèvis la rann li kont gen yon gwoup moun ki pale yon lang byen presi ki montre yo enterese, li ka twouve li apwopriye pou yo stoke yon ti kantite piblikasyon nan lang sa a pou pwoklamatè yo itilize. Si pa gen piblikasyon nan lang sa a ki deja disponib nan kongregasyon an, yo ka fè kòmann. Sa ka pran yon ti tan anvan piblikasyon yo kòmande nan yon lòt lang rive. Toutfwa, yo pran dispozisyon pou pèmèt moun enprime piblikasyon apati sit www.watchtower.org la. Gen piblikasyon ki disponib nan plizyè santèn lang yo seleksyone sou sit sa a. Ni pwoklamatè yo ni moun ki enterese yo ka gen aksè ak yo imedyatman. Pa gen dout, zouti sa a kapab itil anpil lè n ap pousuiv enterè moun ki pale lòt lang yo demontre.
8. Ki wòl kongregasyon an jwe pou nou pousuiv enterè moun ki pale lòt lang yo demontre?
8 Wòl kongregasyon an jwe: Nan kèk ka, li ka rive gen yon kominote ki gen yon bon kantite moun ki pale yon lòt lang k ap etann li, e nan zòn nan ka pa gen okenn kongregasyon kote reyinyon yo fèt nan lang sa a. Nan ka sa a, nou dwe envite moun ki enterese ki pale yon lòt lang vin asiste reyinyon nan kongregasyon pa nou. Bon akèy yo resevwa ak enterè pèsonèl nou demontre anvè yo ap ankouraje yo pou yo retounen regilyèman. Okòmansman, afè lang lan ak afè kilti a ka poze yon baryè antre nou. Sepandan, vrè lanmou ki gen nan mitan kominote mondyal Temwen Jewova yo fòme a pa gen baryè (Sef. 3:9; Jan 13:35). Èske w pale yon lòt lang trè byen? Si wi, e si w dispoze al vizite moun ki pale lang sa a, fè sekretè kongregasyon w lan konn sa, e li menm l ap voye enfòmasyon sa a bay biwo filyal la. Sa a ap itil anpil lè filyal la ap chèche yon pwoklamatè ki pale yon lang byen presi pou l voye vizite yon moun ki enterese ki pale lang sa a.
9. Ki lè li ka itil pou yo fè kou pou yo aprann pwoklamatè yo pale yon lòt lang, e kòman sa ka fèt?
9 Aprann yon lòt lang: Lè n ap ede moun ki pale yon lòt lang, li pi bon pou nou ankouraje yo al nan yon kongregasyon kote reyinyon yo fèt nan lang yo pale a si gen yon kongregasyon konsa ki pa twò lwen kote moun yo rete. Sepandan, lè l pa posib pou moun yo fè sa, kèk pwoklamatè ka deside aprann lang sa a, konsa y ap anmezi pou yo pi byen ede moun ki enterese yo. Si pa gen okenn kongregasyon ki tou pre, e si gen yon bon kantite imigran oubyen yon bon kantite natif natal nan zòn nan ki pale lang sa a, filyal la ka deside òganize yon klas pou moun aprann lang sa a. Nan ka sa a, biwo filyal la ap enfòme kongregasyon ki nan zòn nan konsènan bezwen ki genyen an e y ap pran dispozisyon pou yo fè yon anons kote y ap fè pwoklamatè yo konnen yo pral òganize yon klas kote y ap anseye lang sa a. Tout moun ki aplike pou yo vin asiste kou yo pral fè nan lang sa a dwe gen pou objektif pou yo kite kongregasyon yo ye a pou y al sèvi nan gwoup sa a oubyen nan kongregasyon sa a dekwa pou yo ka bay èd yo yon fason pou aktivite predikasyon ki pral fèt nan lang sa a ka kontinye pwogrese.
10. Ki lè yo ka fòme yon gwoup nan yon lòt lang, e sou ki sa y ap baze pou yo fòme l?
10 Fòmasyon gwoup: Pou yo rive fòme yon gwoup nan yon lang byen presi, gen kat bagay ki obligatwa. 1) Fò gen ase moun ki enterese e fò gen posiblite pou aktivite predikasyon nan lang sa a kontinye pwogrese. 2) Fò gen yon gwoup pwoklamatè ki konn lang lan oubyen ki deja ap aprann lang lan. 3) Fò gen yon ansyen oubyen yon asistan ministeryèl kalifye ki dispoze pran latèt nan gwoup la e ki dispoze kondui omwen yon reyinyon nan lang sa a chak semèn. 4) Fò gen yon kolèj ansyen ki dispoze soutni gwoup la. Lè tout kondisyon sa yo ranpli nan yon degre rezonab, kolèj ansyen an ap ekri biwo filyal la pou l ba l detay sou gwoup la e l ap mande l pou l rekonèt kongregasyon yo a kòm kongregasyon k ap soutni gwoup nan lang sa a. (Gade liv Organisés, p. 106-107.) Se ansyen oubyen asistan ministeryèl ki pran latèt nan gwoup la y ap konsidere kòm “siveyan gwoup” la oubyen kòm “sèvitè gwoup” la e se li ki gen responsablite pou l pran swen gwoup la.
11. Poukisa se yon privilèj pou nou preche moun ki pale lòt lang nan tèritwa kongregasyon nou?
11 Chèche preche moun ki pale lòt lang nan tèritwa kongregasyon nou se yon pati enpòtan nan travay predikasyon n ap fè nan lemonnantye a, yon travay Jezi, Modèl nou an, te kòmanse. Nou swete pou nou pote kontribisyon pa nou nan travay sa a e pou nou fè sa avèk zèl. Konsa, n ap wè jan Jewova kontinye souke nasyon yo pou l mennen bagay apresyab yo vin jwenn li (Aga. 2:7). Se pa ti satisfaksyon nou jwenn lefètke nou patisipe nan travay sa a ak tout nou menm! Se pou Jewova beni efò n ap fè nan inite pou nou rive preche moun ki pale lòt lang nan tèritwa kongregasyon nou, toutpandan n ap toujou sonje, kèlkeswa baryè lang lan ta ka reprezante, Jewova ka fè gen akwasman pami moun ki pale lòt lang yo. —1 Kor. 3:6-9.