“Vin suiv mwen”
1. Ki posiblite Etid biblik kongregasyon an pral ban nou nan mwa k ap vini yo?
1 Kat Evanjil yo ban nou anpil detay sou lavi Jezi, pitit Bondye a, t ap mennen lè l te sou tè a. Piske Kretyen yo dwe “suiv tras li pye pou pye”, nou dwe byen prepare e nou dwe byen suiv lè nou pral egzamine liv “Vin suiv mwen” an nan Etid biblik kongregasyon an, nan semèn k ap kòmanse 1ye mas la (1 Pyè 2:21; Mak 10:21). Tout aspè nan lavi Jezi ki ka ankouraje nou nan ministè a merite pou nou ba yo yon konsiderasyon espesyal.
2. Kòman egzanp Jezi bay nan domèn andirans ka pwofitab pou nou?
2 Egzanp Jezi kite pou nou: Èske w konn rankontre ak moun ki mal reyaji pandan w ap preche kay an kay? Lè nou fè fas ak reyaksyon konsa, nou rive pi byen konprann sans pawòl sa a Jezi te di: “Si yo pèsekite m, y ap pèsekite nou tou.” (Jan 15:20). Anfèt, sa pa vle di depi yon moun mal reyaji se yon pèsekisyon nou jwenn. Men, jwa Jezi te konnen ki t ap tann li te pèmèt li andire tout kalite difikilte ak tout kalite eprèv. Nou menm tou, nou ka fè efò pou nou gen apwobasyon Jewova e pou l rekonpanse nou pou fidelite nou. Si nou fè sa, sa ap ede nou “pou nou pa fatige e pou nanm nou pa faya”. (Ebre 12:2, 3; Pwo. 27:11.) Anplis de sa, toutpandan n ap pèsevere nan ministè a, nou ka gen konfyans Jezi Kris ap ede nou. —Mat. 28:20.
3. Ki jan nou ka imite egzanp Jezi nan fason li konsidere ministè a?
3 “Se pou sa Bondye te voye m”: Aktivite ki te okipe premye plas nan lavi Jezi se preche bon nouvèl Wayòm nan (Lik 4:43). Li te bay tout li menm nan ministè a. Mesaj Wayòm nan te ijan pou li. Li te toujou chèche okazyon pou l pale de Wayòm nan ak lòt moun. Piske n ap suiv Kris pazapa, jis ki kote mak pye l mennen nou? Lè n ap mennen aktivite nou chak jou, èske gen moun nou ka pataj bon nouvèl la avèk yo? Nou swete pou lanmou Kris genyen an oblije nou simaye bon nouvèl otan nou kapab! —2 Kor. 5:14.
4. Ki fason nou ka amelyore kalite ministè nou?
4 “Pa janm gen yon moun ki pale konsa”: Fason Jezi te konn anseye te fè moun ki t ap koute l yo rete bouch ouvè (Jan 7: 46; Mat. 7:28, 29). Ki sa k te fè l pa menm ak lòt anseyan yo? Li te renmen verite li t ap anseye a, li te renmen moun li t ap anseye yo, e li te itilize divès kalite metòd pou l anseye moun yo. Lè nou imite Gran Anseyan an, n ap amelyore kalite ministè nou. —Lik 6:40.
5. Ki objektif nou dwe fikse toutpandan n ap etidye liv “Vin suiv mwen” an?
5 Sa yo se kèk nan bagay espesyal nou aprann sou lavi Jezi. Ki lòt trezò nou ka jwenn ankò? Pandan w ap egzamine lavi Jezi nan Etid biblik kongregasyon an, se pou w fikse objektif pou w aprann “konnen lanmou Kris” demontre a, lè w imite l ni nan pawòl li ni nan aksyon l. —Efe. 3:19.