Se pou nou yon bon patnè lè n ap preche kay an kay
1. Ki byenfè nou jwenn lè n ap preche ansanm ak yon lòt pwoklamatè?
1 Yon lè, Jezi te voye 70 disip li yo al preche, e li te “voye yo de pa de”. (Lik 10:1.) Li klè, dispozisyon sa a te pèmèt youn ede lòt lè yo t ap preche, e sa te pèmèt youn ankouraje lòt. Jodi a, kòman nou ka montre nou itil lè n ap preche ansanm ak yon lòt pwoklamatè?
2. Lè patnè nou ap fè prezantasyon pa l, ki sa nou ka fè pou nou koute l, e poukisa nou dwe fè sa?
2 Lè nou koute: Se pou nou koute avèk atansyon lè patnè nou ap fè prezantasyon pa l (Jak 1:19). Lè y ap li yon vèsè, se pou nou suiv nan Bib nou. Li bon pou nou gade moun k ap pale a, kit se patnè nou an, kit se moun nou rankontre a. Si nou suiv konvèsasyon an avèk atansyon, sa ka ankouraje moun nou rankontre a fè menm jan an.
3. Ki lè patnè nou ka byen kontan pou nou pran lapawòl?
3 Lè nou disène ki lè pou nou pale: Lè se pwoklamatè ki ansanm ak nou an k ap fè prezantasyon pa l, nou onore l si nou kite l dirije konvèsasyon an (Wom. 12:10). Nou ta dwe evite entèwonp moun k ap pale a. Si patnè nou an ta bliye yon bagay li te vle di oubyen si moun nou rankontre a soulve yon objeksyon oswa si l poze yon kesyon, e si patnè nou bezwen èd, n ap fè efò pou nou bay plis enfòmasyon sou sa patnè nou an te di, olye pou nou abòde yon lòt sijè (Pwo. 16:23; Ekl. 3:1, 7). Si nou pran lapawòl, sa n ap di a dwe kore temwayaj patnè nou an deja bay la. —1 Kor. 14:8.
4. Ki sa k ap ede nou gen kè kontan nan ministè a e k ap ede nou reyisi ladan l?
4 Lè swasanndis disip Jezi yo te fin preche de pa de, yo “te retounen ak kè kontan”. (Lik 10:17.) Nou menm tou, n ap gen kè kontan nan ministè a e n ap reyisi ladan l si nou koute e si nou disène ki lè pou nou pale lè n ap ede pwoklamatè k ap preche ansanm ak nou yo.