Fason pou nou fòme nouvo yo pou y al preche
1. Ki jan w te santi w premye fwa ou t al preche?
1 Èske w sonje premye fwa ou te patisipe nan predikasyon kay an kay? Sandout, lè sa a, ou te gen anpil strès. Si se ak moun ki t ap etidye Labib avèk ou a ou t ap preche oubyen ak yon lòt pwoklamatè, se sèten ou te byen kontan resevwa èd pwoklamatè sa a te ba ou. Kounye a, ou vin gen eksperyans antanke pwoklamatè, ou nan pozisyon pou w fòme nouvo yo pou y al preche.
2. Ki sa nouvo pwoklamatè yo bezwen aprann?
2 Nouvo pwoklamatè yo bezwen aprann ki jan pou yo kòmanse konvèsasyon ak moun yo rankontre, ki jan pou yo sèvi ak Bib la lè y ap preche pòt an pòt, ki jan pou yo fè nouvèl vizit, ki jan pou yo kòmanse etid biblik e ki jan pou yo kondui etid la. Anplis de sa, yo dwe aprann fason pou yo patisipe nan tout fòm predikasyon, tankou preche nan lari ak preche kote ki gen biznis. Ou ka ede yo amelyore nan domèn sa yo grasa egzanp ou bay e grasa konsèy ou ba yo.
3. Ki jan nou ka ede lòt moun grasa bon egzanp nou ba yo?
3 Anseye yo grasa bon egzanp nou bay yo: Jezi te montre disip li yo ki jan pou yo preche (Lik 8:1; 1 Pyè 2:21). Lè w fè aranjman pou w preche ak yon nouvo pwoklamatè, prepare yon prezantasyon ki senp yon fason pou pwoklamatè a ka imite prezantasyon sa a, petèt w ap itilize yon modèl ou jwenn nan youn nan piblikasyon nou yo. Ansuit, ofri tèt ou pou w fè premye pòt la oubyen de premye pòt yo yon fason pou pwoklamatè a ka tande sa w ap di. Lè nou fin fè yon pòt nou pral nan lòt pòt la, ou ka mande pwoklamatè a si l remake prezantasyon w te fè a efikas. Sa ap ede l wè enpòtans pou l travay ak lòt moun nan ministè a e l ap pi fasil pou l aksepte kèlkeswa konsèy ou ta ba li apre prezantasyon pa l la.
4. Ki jan nou ka ede yon nouvo pwoklamatè apre nou fin tande yon prezantasyon li fin fè?
4 Ba yo konsèy: Anplis de sa, Jezi te bay disip li yo enstriksyon sou fason pou yo preche (Mat. 10:5-14). Ou ka fè menm bagay la tou pou w ede yon nouvo pwoklamatè. Lè se tou pa l pou l pale, koute byen sa l ap di. Ansuit, lè nou fin kite pòt la, pa ezite felisite l sou yon pwen byen presi epi fè sa avèk senserite, menmsi ou remake gen kèk aspè nan prezantasyon l lan ki bezwen amelyore. Anvan w ba li yon konsèy, ou ka gade pou w wè si l fè amelyorasyon nan pwochen pòt la. Petèt, se ka pè li te pè. Anplis de sa, sonje tout pwoklamatè pa gen menm kapasite, e souvan gen plizyè bon fason pou moun fè yon bagay. —1 Kor. 12:4-7.
5. Ki sa nou ka di lè nou pran inisyativ pou nou bay yon nouvo pwoklamatè konsèy?
5 Li ka rive yon nouvo pwoklamatè mande w konsèy. Men, si l pa fè sa, pran inisyativ pou w ede l. Ki jan w ka fè sa avèk tak? Gen kèk pwoklamatè ki gen eksperyans ki annik mande nouvo pwoklamatè a: “Èske m ka ba w yon konsèy?” oubyen “Sa w panse de prezantasyon ou sot fè a?” Ou ka di pwoklamatè a tou: “Lè m te fè k kòmanse preche, mwen te twouve li difisil pou m [...], men mwen te twouve konsèy sa a te itil mwen [...].” Pafwa, li ka pwofitab pou nou egzamine kèk pwen nan liv Comment raisonner a ansanm. Ba li konsèy sou yon sèl aspè nan prezantasyon l lan, yon fason pou w pa dekouraje l.
6. Anrapò ak ministè a, nan ki sans ‘fè ka file fè’?
6 Fè file fè: Pòl te ankouraje Timote, yon pwoklamatè ki gen eksperyans, pou l kontinye konsantre l sou ansèyman l ap bay, yon fason pou l ka kontinye fè pwogrè (1 Tim. 4:13, 15). Menmsi ou ka gen plizyè ane depi w te kòmanse preche, ou pa dwe janm sispann amelyore kapasite ou genyen antanke pwoklamatè. Se pou w aprann nan men lòt pwoklamatè k ap preche ansanm avè w yo, menmsi yo gen mwens eksperyans pase w nan ministè a, e se pou w tou prèt pou w ede lòt pwoklamatè avèk jantiyès, sitou nouvo yo, pou yo ka vin pwoklamatè ki preche bon nouvèl la byen. —Pwo. 27:17.