BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/10 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 9/10 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye septanm

“Pafwa gen kèk moun ki zele nan relijyon yo ki fè bagay mal paske relijyon yo te ba yo move direksyon. Daprè ou menm, sa k fè yo rive twonpe moun sa yo nan degre sa a? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa Bib la ankouraje nou fè. [Li 1 Jan 4:1.] Atik sa a esplike poukisa li enpòtan pou nou konpare kwayans nou genyen yo ak sa Pawòl Bondye a di.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 10 la.

Réveillez-vous! Septanm

Li Matye 5:39. Apre sa, di moun nan: “Èske w panse Jezi te vle di lè moun ap maltrete nou nou dwe ret ap soufri an silans san nou pa fè anyen? [Kite moun nan reponn.] Atik sa a esplike sa Bib la di sou zafè pou moun defann tèt yo oubyen pou yo chèche pwoteksyon legal pou tèt yo.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 10 la.

La Tour de Garde 1ye oktòb

“Moun nan tout relijyon sou latè ap lapriyè. Èske w panse Bondye vrèman tande priyè moun fè epi li reponn yo? [Kite moun nan reponn.] Bib la ankouraje nou pou nou lapriyè. [Li Filipyen 4:6, 7.] Peryodik sa a bay repons Bib la bay pou sèt kesyon byen souvan moun konn ap poze sou lapriyè.”

Réveillez-vous! Oktòb

“Byen souvan, nou konn tande moun k ap pale jan konjwen yo, politisyen oubyen lòt moun trayi konfyans yo. Daprè ou menm, èske l vin pi difisil pou moun jwenn moun yo ka fè konfyans? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil moun ki panse vèsè sa a ki nan Bib la ap akonpli. [Li 2 Timote 3:1-5.] Peryodik sa a esplike ki kote nou ka toujou jwenn moun nou ka fè konfyans.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje