‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
1. Apati semèn 19 novanm 2012, ki piblikasyon nou pral egzamine nan etid biblik kongregasyon an?
1 Apati semèn 19 novanm 2012, nou pral egzamine liv ki gen tit: ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’ nan etid biblik kongregasyon an. Nan piblikasyon sa a yo egzamine liv Travay apot yo yon fason ki fè moun k ap li l yo viv evènman estrawòdinè ki te pase yo. Olye yo egzamine liv Travay apot yo vèsè pa vèsè nan liv Bay temwayaj la, yo atire atansyon nou pito sou leson nou ka aprann nan istwa yo rapòte nan liv Travay la. E yo ede nou wè fason nou ka aplike sa nou aprann yo nan lavi nou. — Wom. 15:4.
2. Bay kèk karakteristik liv Bay temwayaj la genyen.
2 Kèk karakteristik liv la genyen: Nan entwodiksyon liv la ki nan paj 2 a, nou jwenn yon bèl lèt Kolèj santral la ekri pou l fè nou konnen jan l ta renmen nou tire pwofi nan piblikasyon sa a. Apati chapit 2 a, nan chak chapit, n ap jwenn yon fraz ki bay ide kle yo devlope nan chapit la, e vèsè yo bay kòm referans yo se pòsyon y ap egzamine nan liv Travay la. Nan plizyè chapit gen kèk kare ki bay enfòmasyon sou kèk pèsonaj biblik, sou kèk zòn oubyen sou kèk evènman ki te pase. Yo kite anpil espas nan maj liv la pou nou make pwen ki enterese nou. Nan liv la gen anpil bèl foto ki bay detay sou kèk sèn biblik k ap ede nou viv evènman enpòtan yo. E nan dènye paj liv la, gen yon endèks, se yon lis foto ak yon ti nòt ki bay esplikasyon sou chak foto. Nan toule de po liv la, pa anndan, yo mete yon kat pou ede nou suiv pwogrè sèvitè fidèl Jewova ki t ap viv nan premye syèk la te fè lè yo te kòmanse simaye bon nouvèl la “rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. — Tra. 1:8.
3. Ki kesyon enpòtan nou pral jwenn repons pou yo nan etid nou pral fè nan liv Travay apot yo?
3 Repons yo bay pou kèk kesyon enpòtan: Lè nou egzamine liv Travay apot yo, sa ap ede nou wè repons byen klè yo bay pou kèk kesyon enpòtan sou travay n ap akonpli nan ministè nou antanke kretyen. Pa egzanp, ki travay kretyen yo fè ki pèmèt moun idantifye yo antanke disip Jezi Kris e ki mesaj yo preche? Kiyès k ap dirije travay predikasyon n ap fè toupatou sou tè a, e kòman li fè sa? Lè moun k ap simaye bon nouvèl la jwenn pèsekisyon ak opozisyon, ki posiblite sa ba yo pou yo etann ministè yo? Ki wòl lespri sen jwe nan travay n ap fè kote n ap preche moun yo e n ap anseye yo?
4. Ki jan n ap ka jwenn plis byenfè posib nan etid nou pral fè nan liv Bay temwayaj la?
4 Pou nou ka jwenn plis byenfè posib, nou bezwen prepare pati y ap egzamine nan etid biblik kongregasyon an alavans. E nou dwe prepare nou pou nou patisipe nan konvèsasyon yo pral fè a. Nou dwe la nan chak reyinyon e nou dwe reflechi sou fason pou nou aplike sa nou aprann yo nan ministè nou. Nou swete pou egzamen nou pral fè nan piblikasyon enteresan sa a ankouraje nou pou nou bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a! — Tra. 28:23.