BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/11 p. 1
  • Preche ak anseye mande pasyans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Preche ak anseye mande pasyans
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Annou imite pasyans Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Annou aprann gen pasyans menm jan ak Jewova ak Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Fason w ka demontre pasyans nan maryaj ou
    Èd pou fanmi
  • Kontinye demontre pasyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 6/11 p. 1

Preche ak anseye mande pasyans

1. Ki jan Jewova montre li pasyan ak lèzòm?

1 Pasyans se yon kalite Bondye toujou demontre nan relasyon l ak lèzòm (Egz. 34:6; Sòm 106:41-45; 2 Pyè 3:9). Youn nan pi gwo egzanp ki montre li gen pasyans ak lanmou gen rapò ak travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a. Jewova gen anviwon 2 000 an depi l ap pran pasyans ak limanite, jis kounye a li kontinye atire moun ki sensè vin jwenn li (Jan 6:44). Ki jan nou ka gen pasyans menm jan ak Jewova lè n ap preche e lè n ap anseye?

2. Ki jan nou ka montre pasyans ak moun yo lè n ap preche nan tèritwa nou?

2 Predikasyon kay an kay: N ap imite pasyans Jewova lè nou preche “san rete” nan tèritwa kote moun yo poko montre yo enterese (Tra. 5:42). N ap andire avèk pasyans menm lè moun yo endiferan, yo pase nou nan rizib, e yo opoze ak travay nou an (Mak 13:12, 13). N ap montre nou gen pasyans tou, lè nou kontinye fè efò pou nou wouze semans verite yo menm lè l difisil pou nou jwenn moun ki enterese lakay yo.

3. Poukisa nou bezwen gen pasyans lè n ap fè vizit e lè n ap kondui etid biblik?

3 Etid biblik yo: Pou yon plant grandi sa pran tan, donk, sa mande pou nou gen pasyans. Nou ka pran swen l, men nou pa ka fòse l grandi anvan lè l (Jak 5:7). Menm jan an tou, se tikras pa tikras, etap pa etap, yon moun grandi nan domèn espirityèl (Mak 4:28). Etidyan nou yo ka twouve li difisil pou yo abandone fo kwayans yo te genyen nan domèn relijye oswa koutim yo te genyen ki pa biblik. Menm jan nou pa ka fòse yon plant grandi, se konsa tou nou pa ka fòse etidyan nou yo fè pwogrè anvan lè, e nou pa dwe fè presyon sou yo pou yo fè chanjman nan lavi yo. Nou bezwen gen pasyans pou nou kite ase tan pou lespri Bondye aji sou kè etidyan an. — 1 Kor. 3:6, 7.

4. Ki jan pasyans ka ede nou bay fanmi nou ki pa Temwen yo temwayaj yon fason ki efikas?

4 Fanmi ki pa Temwen yo: Byenke nou vle ak tout fòs nou pou fanmi nou ki pa Temwen yo aprann laverite, nou montre nou gen pasyans lè nou tann yon moman apwopriye pou nou pataje kwayans nou yo avèk yo. Epitou, n ap fè atansyon pou nou pa ba yo twòp enfòmasyon yon sèl kou (Ekl. 3:1, 7). Annatandan, annou kite se egzanp nou ki pale pou nou, e annou montre nou pare pou nou pale konsènan lafwa nou avèk dousè e ak gwo respè (1 Pyè 3:1, 15). Anfèt, si nou preche e nou anseye avèk pasyans, n ap pi efikas nan travay n ap fè a e n ap fè Papa nou ki nan syèl la plezi.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje