BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/11 p. 2
  • Bay temwayaj nan lari yon fason efikas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bay temwayaj nan lari yon fason efikas
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Nouvo fason pou nou bay temwayaj an piblik
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Bay yon temwayaj ki efikas nan lye piblik yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Yon nouvo fason nou bay temwayaj an piblik ki bay anpil kè kontan
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Èske n oblije sispann preche tou?
    Ministè Wayòm nan — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 6/11 p. 2

Bay temwayaj nan lari yon fason efikas

1. Bay yon fason nou ka imite Jezi.

1 Pandan Jezi t ap preche e li t ap anseye sou tè a, li pa t ezite pale ak moun li te rankontre nan lari ak lòt andwa piblik (Lik 9:57-61; Jan 4:7). Li te vle pataje mesaj li a ki enpòtan ak plis moun posib. Jodi a, bay temwayaj nan lari se yon bon fason pou nou ede moun jwenn sajès ki sot nan Bondye a (Pwo. 1:20). N ap ka jwenn plis siksè nan fè travay sa a si nou pran inisyativ pou nou pale ak moun yo e nou montre nou gen bon jijman.

2. Lè n ap bay temwayaj nan lari, kòman nou ka pran inisyativ?

2 Pran inisyativ: An jeneral, li toujou pi bon lè se nou menm ki abòde moun yo olye nou ret kanpe oubyen chita yon kote ap tann pou yo abòde nou. Lè n ap abòde yon moun, nou dwe souri ba li, nou dwe gade l avèk atansyon. Anplis, n ap montre nou kalm e n ap montre nou amikal. Si n ap preche ak yon lòt pwoklamatè, l ap pi bon si nou abòde moun nan poukont nou. Nou bezwen pran inisyativ tou pou nou fè aranjman pou nou vizite moun nou te rankontre a dekwa pou n pousuiv enterè l demontre a. Si sa apwopriye, apre nou fin pale ak moun nan, avèk jantiyès, nou ka mande l kòman nou ka repran kontak avè l pou nou kontinye konvèsasyon an. Gen kèk pwoklamatè ki preche menm kote a regilyèman, konsa sa pèmèt yo pale ak menm moun yo plizyè fwa epi pousuiv enterè moun yo demontre a.

3. Kòman nou ka gen bon jijman lè n ap bay temwayaj nan lari?

3 Se pou nou gen bon jijman: Nou dwe gen bon jijman lè n ap deside ki kote pou nou kanpe lè n ap bay temwayaj nan lari e lè n ap deside ki moun pou nou abòde. Li pa nesesè pou nou pale ak tout moun k ap pase devan nou. Montre nou se bon obsèvatè. Si nou wè yon moun ki prese, pa egzanp, li t ap pi bon pou nou kite l ale. Lè n ap preche devan yon biznis nou dwe demontre nou gen bon jijman, konsa nou pap fè mèt biznis la panse n ap deranje biznis li. Souvan, li pi bon pou nou preche moun yo lè y ap soti nan biznis la olye nou fè sa lè y ap antre ladan l. Lè n ap abòde yon moun pou nou pale avè l n ap veye pou fason nou fè sa a pa fè l pè pale avèk nou e n ap veye pou nou pa fè kè l sote. Anplis, nou bezwen gen bon jijman lè n ap ofri piblikasyon yo. Si yon moun montre li pa vrèman enterese, olye nou ofri l peryodik yo nou ka ofri l yon feyè pito.

4. Poukisa bay temwayaj nan lari se yon fòm predikasyon ki pwofitab e ki bay kè kontan?

4 Lè nou bay temwayaj nan lari, nou gen posiblite pou nou simaye grenn verite bay anpil moun nan yon ti bout tan (Ekl. 11:6). Petèt, kèk nan moun nou rankontre nan lari yo se moun nou pa ka jwenn lakay yo lè n ap preche kay an kay. Bay temwayaj nan lari se yon fòm predikasyon ki efikas e ki bay kè kontan. Poukisa n pa fè aranjman pou nou bay temwayaj nan lari?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje