Repons kesyon w yo
◼ Èske nou dwe priye ak yon moun lè n ap fè etid avè l nan papòt kay li?
Nou ka jwenn anpil byenfè lè nou priye anvan nou kòmanse yon etid biblik e lè nou fini l ak lapriyè. Lè nou priye nou mande Jewova lespri sen l pou dirije nou nan konvèsasyon an (Lik 11:13). Mete sou sa, priyè nou fè a ede etidyan an pi byen konprann jan etid la se yon bagay ki serye e sa aprann li jan pou l priye (Lik 6:40). Se sa k fè li bon pou nou kòmanse priye osito sa posib. Sepandan, kòm sikonstans yo pa toujou menm, moun k ap fè etid la ta dwe gen disènman pou l deside si wi ou non li dwe priye ak yon moun lè l ap fè yon etid avè l nan papòt kay li.
Yon bagay enpòtan nou dwe konsidere se ki jan zòn kote n ap fè etid la ye. Si kote nou ye a pa gen anpil moun k ap gade, e si etid la byen etabli, nou ka fè yon priyè ki tou kout, yon fason ki pap atire atansyon sou nou, ni lè n ap kòmanse yon etid ni lè n ap fini l. Sepandan, si lè n ap lapriyè sa fè moun k ap pase ret ap gade nou oubyen sa fè etidyan an malalèz, li ka pi bon pou nou priye lè nou ka fè etid la yon kote ki plis prive. Kèlkeswa kote n ap fè yon etid, nou dwe sèvi ak bon jijman pou nou deside ki lè pou nou kòmanse priye ak moun nan. — Gade Ministè Wayòm mas 2005, paj 4.