BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/11 p. 3
  • Kalite ki pi enpòtan yon bon anseyan genyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kalite ki pi enpòtan yon bon anseyan genyen
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Lè nou anseye avèk amou, nou imite Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Lanmou: Yon kalite ki enpòtan anpil
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Annou kiltive lanmou ki pa janm fayi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • “Se pou nou kontinye mache nan lanmou”
    Annou pwoche bò kote Jewova
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 11/11 p. 3

Kalite ki pi enpòtan yon bon anseyan genyen

1. Ki kalite ki pi enpòtan yon bon anseyan genyen?

1 Ki kalite ki pi enpòtan pou yon moun genyen pou l ka yon bon anseyan Labib? Èske li dwe fè gwo klas? Èske li dwe gen anpil eksperyans? Èske li dwe gen talan? Anfèt, moun nan dwe gen menm kalite ki fè Lalwa jwenn akonplisman l lan, kalite ki pèmèt moun idantifye disip Jezi yo, kalite ki pi remakab e ki pi atiran nan kalite prensipal Jewova genyen yo (Jan 13:35; Gal. 5:14; 1 Jan 4:8). Kalite sa a se lanmou. Yon bon anseyan demontre li gen lanmou.

2. Poukisa li enpòtan anpil pou nou gen lanmou pou moun yo?

2 Renmen moun yo: Jezi, gran Anseyan an, te demontre lanmou pou moun e sa te pouse l koute moun yo (Lik 5:12, 13; Jan 13:1; 15:13). Si nou gen sousi pou moun yo, n ap ba yo temwayaj nan tout okazyon. Obstak tankou pèsekisyon ak endiferans pap dekouraje nou. N ap demontre enterè pèsonèl pou moun n ap preche yo e n ap chanje sijè nou te prepare a dekwa pou nou ka pale sou sijè ki enterese yo. N ap pran tan pou nou prepare chak etid anvan n al fè l e n ap rezève tan pou chak etidyan lè n ap fè etid la.

3. Kòman lanmou nou genyen pou verite ki nan Bib la ap ede nou nan ministè a?

3 Renmen verite ki nan Bib la: Jezi te renmen verite ki nan Bib la e li te konsidere yo kòm yon trezò (Mat. 13:52). Si nou renmen verite ki nan Bib la, n ap pale de yo avèk antouzyas e sa ap fè moun k ap koute nou yo chofe pou yo tande sa n ap di. Yon lanmou konsa ap ede nou konsantre sou enfòmasyon enpòtan n ap bay moun yo olye pou n ap enkyete nou akoz limit nou genyen, e sa ap fè nou gen mwens kè kase lè n ap patisipe nan ministè a.

4. Ki sa nou ka fè pou nou demontre lanmou?

4 Demontre lanmou: Ki sa nou ka fè pou nou demontre lanmou pou moun yo? Nou dwe reflechi sou lanmou Jewova ak Pitit li a gen pou moun e nou bezwen sonje nan ki move kondisyon espirityèl moun nan tèritwa yo ye (Mak 6:34; 1 Jan 4:10, 11). Lè nou fè etid pèsonèl nou regilyèman epi nou medite sou sa nou aprann yo, sa ap fè lanmou nou gen pou verite ki nan Bib la vin pi pwofon. Lanmou se yo fasèt nan fwi lespri a (Gal. 5:22). Kidonk, nou ka sipliye Jewova pou l ban nou èd lespri sen e nou ka mande l pou l ede nou vin gen plis lanmou (Lik 11:13; 1 Jan 5:14). Kèlkeswa nivo edikasyon nou, kèlkeswa eksperyans nou gen nan laverite, oubyen kèlkeswa talan nou genyen, nou ka yon moun ki anseye Bib la yon fason efikas si nou demontre lanmou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje