Twa konsèy pou nou amelyore fason nou anseye
1. Poukisa nou dwe chèche amelyore fason nou anseye?
1 Tout pwoklamatè se anseyan. Kit se lè nou fèk rankontre moun yo kit se nan nouvèl vizit kit se lè n ap fè etid biblik, se enfòmasyon n ap bay moun yo sou Bib la. E enfòmasyon n ap ba yo a se enfòmasyon espesyal. N ap gaye limyè sou “liv sakre” a, yon liv ki ka ede moun yo vin gen ‘sajès k ap pèmèt yo delivre a’. (2 Tim. 3:15.) Ala yon kokenn privilèj nou genyen! Nou pral egzamine twa konsèy k ap ede nou amelyore fason nou anseye.
2. Ki sa nou ka fè pou nou anseye moun yo yon fason ki senp?
2 Anseye moun yo yon fason ki senp: Lè nou byen konnen yon sijè, li fasil pou nou bliye jan enfòmasyon ki nan sijè sa a ka parèt konplike pou moun ki pa konnen anyen ladan l. Se sa k fè, lè n ap fè yon etid, pinga nou fè ansèyman n ap bay la vin pa klè paske nou bay moun nan yon bann detay ki pa nesesè. Olye nou fè sa, nou dwe mete aksan sou pwen kle yo. Lè nou pale anpil, sa pa vle di ansèyman n ap bay la pi bon kalite pou sa (Pwo. 10:19). An jeneral, li pi bon pou nou li vèsè kle yo sèlman. Lè nou fin li yon vèsè, atire atansyon moun nan sèlman sou pati nan vèsè a ki gen rapò ak sa y ap egzamine a. Nan Sèmon sou montay la, ki nan Matye chapit 5 rive nan chapit 7, nou jwenn yon seri verite ki pwofon Jezi te anseye moun yo, men li te fè sa yon fason ki senp e li pa t itilize yon pakèt mo.
3. Ki enpòtans egzanp yo genyen, e byen souvan ki kalite egzanp ki pi bon?
3 Sèvi ak egzanp: Lè nou sèvi ak egzanp, sa pouse moun yo reflechi, sa touche kè yo e sa ede yo sonje sa yo aprann. Pinga nou panse nou oblije konn rakonte istwa byen pou nou jwenn bon egzanp pou nou bay. Byen souvan, Jezi te konn itilize egzanp ki kout, egzanp ki pa konplike (Mat. 7:3-5; 18:2-4). Yon senp foto yo desine sou yon fèy papye ka itil anpil tou. Si nou fè yon bon preparasyon alavans n ap ka jwenn bon egzanp pou nou bay.
4. Ki sa nou ka fè pou nou byen sèvi ak kesyon?
4 Sèvi ak kesyon: Kesyon yo fè etidyan yo reflechi. Se sa k fè, nou dwe gen pasyans apre nou fin poze yo yon kesyon. Si nou kouri bay etidyan an repons pou kesyon nou poze l la, nou pap konnen sa l konprann vre. Si li bay yon repons ki pa kòrèk, olye nou annik korije l li ka pi bon pou nou poze l lòt kesyon pou nou ede l jwenn bon repons lan (Mat. 17:24-27). Natirèlman, pa gen okenn nan nou ki yon anseyan pafè. Se sa k fè, Bib la ankouraje nou pou nou toujou veye sou ansèyman n ap bay. Si nou fè sa, sa ap pote byenfè etènèl ni pou nou ni pou moun k ap koute nou yo. — 1 Tim. 4:16.