BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/12 p. 1
  • Se pou nou jwenn byenfè nan travay di nou fè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou nou jwenn byenfè nan travay di nou fè
  • Ministè Wayòm nan — 2012
  • Sou menm sijè a
  • Jewova renmen moun ki “bay fwi avèk andirans”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • “ Kontinye pwodui anpil fwi ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Se ‘ Bondye ki fè plant lan pouse ’ !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Pa dekouraje!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2012
km 11/12 p. 1

Se pou nou jwenn byenfè nan travay di nou fè

1. Ki sa ki ka diminye zèl nou nan ministè a?

1 Bondye te kreye moun pou yo ‘jwenn byenfè nan travay di yo fè’. (Ekl. 2:24.) Sepandan, lè nou pa jwenn bon rezilta nan ministè a, nou ka dekouraje. E dekourajman ka fè nou pèdi jwa nou, li ka diminye zèl nou. Ki sa ki ka ede nou toujou gen yon atitid pozitif?

2. Poukisa nou dwe rezonab nan sa n ap atann sou fason moun yo reyaji devan mesaj Wayòm nan?

2 Se pou n rezonab nan sa n ap atann: Sonje, malgre se kèk grenn moun ki te byen reyaji lè Jezi t ap preche, pa gen dout, ministè Jezi sou tè a te byen reyisi (Jan 17:4). Nan egzanp Jezi te bay sou moun k ap simen an, li te predi pifò moun pa t ap aksepte mesaj Wayòm nan, ki tankou yon semans, nan kè yo toutbonvre (Mat. 13:3-8, 18-22). Sepandan, efò dilijan nou fè yo toujou pèmèt nou akonpli anpil bon bagay.

3. Nan ki sans nou ka ‘pwodui fwi’ menmsi se kèk moun ki byen reyaji devan mesaj Wayòm nan?

3 Fason pou nou pwodui anpil fwi: Ann amoni ak egzanp Jezi te bay la, moun ki aksepte mesaj la t ap ‘pwodui fwi’. (Mat. 13:23.) Apre yon ti grenn ble fin jèmen e li vin yon pye ble, fwi li pwodui a se pa lòt ti pye ble, men se lòt grenn ble. Konsa, fwi kretyen ki jwenn bon rezilta yo ap pwodui a se pa toujou nouvo disip li ye, men se repwodui semans Wayòm nan ap repwodui pandan plizyè fwa. Sa vle di, kretyen yo t ap gen pou yo pale ak anpil moun konsènan Wayòm nan. Se sa k fè, kèlkeswa jan moun yo reyaji, nou jwenn anpil “byenfè” e nou jwenn satisfaksyon. Nou kontribye pou non Jewova sangtifye (Iza. 43:10-12; Mat. 6:9). Nou gen privilèj pou nou vin konpayon travay Bondye (1 Kor. 3:9). Epi “pawòl k ap sot nan bouch nou” fè Jewova plezi. — Ebre 13:15, 16.

4. Grasa travay predikasyon an, ki bon rezilta nou ka jwenn san nou pa menm konnen?

4 Anplis de sa, travay di nou fè yo konn bay bon rezilta san nou pa menm wè sa. Li posib pou kèk nan moun ki te konn koute Jezi yo te vin disip li jis apre li te fin akonpli ministè l sou tè a. Menm jan an tou, semans Wayòm nan n ap simen an ka poko kòmanse fè rasin nan kè moun yo. Li ka pa grandi imedyatman, men li ka pote fwi pi devan. E nou ka pa menm konnen si moun nan pran pozisyon pou laverite. Anfèt, nou akonpli anpil bon bagay grasa travay predikasyon an. Kidonk, se pou nou “kontinye bay anpil fwi” e se pou nou montre nou se disip Jezi. — Jan 15:8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje