Sit wèb ofisyèl nou an: Sèvi avè l nan etid pèsonèl ak nan etid an fanmi
Li dènye peryodik yo sou Entènèt: Nou ka li Toudegad ak Réveillez-vous! sou Entènèt plizyè semèn anvan nou resevwa yo nan kongregasyon an. Anplis de sa, nou ka koute anrejistreman peryodik yo sou Entènèt. — Ale sou sit la epi klike sou “Publications/Revues”.
Li sijè ki parèt sèlman sou sit la: Gen kèk sijè tankou “Pour nos jeunes lecteurs”, “Comptine biblique”, “Apprenons en famille” ak “Les jeunes s’interrogent”, se sou sit la sèlman yo parèt kounye a. Ale sou Entènèt, epi egzamine kèk nan sijè sa yo lè n ap fè etid pèsonèl ak lè n ap fè etid ak fanmi nou. — Ale sou sit la epi klike sou “La Bible et vous/Enfants” oubyen “La Bible et vous/Adolescents”.
Chèche jwenn dènye nouvèl sou nou: Li rapò ak eksperyans ankourajan ki parèt sou sit la epi gade videyo klip ki montre pwogrè nou fè nan travay predikasyon an nan lemonnantye. N ap jwenn rapò sou katastwòf natirèl ki te pase nan kèk peyi ak sou pèsekisyon Temwen yo ap rankontre. Rapò sa yo ap ede nou pou nou presi nan priyè n ap fè pou frè sa yo (Jak 5:16). — Ale sou sit la epi klike sou “Actualités”.
Sèvi ak Bibliyotèk ki sou Entènèt la pou n fè rechèch: Si Bibliyotèk sou Entènèt la disponib nan lang nou pale a, sèvi ak yon òdinatè oubyen ak yon aparèy mobil pou nou li tèks pou jounen an oubyen pou nou fè rechèch nan kèk piblikasyon nou genyen ki fèk parèt. — Ale sou sit la epi klike sou “Publications/Bibliothèque en ligne” oubyen tape www.wol.jw.org kote yo mete adrès pou moun navige sou Entènèt la.
[Chema nan paj 4]
(Gade piblikasyon an)
Aprann sèvi avè l
1 Klike sou foto a oubyen sou lyen ki pèmèt ou “Telechaje” l la. Foto a ap parèt sou fòma PDF. Apre sa, enprime l epi bay pitit ou li pou l ka sèvi avè l.
2 Klike sou “flèch” la pou w gade yon videyo.