Pran pwofèt yo kòm egzanp: Yowèl
1. Kòman nou ka imite imilite Yowèl te gen lakay li lè n ap preche?
1 Ki moun pwofèt Yowèl te ye? Sèl sa pwofèt la te fè konnen sèke li se “pitit gason Petouwèl”. (Yow. 1:1.) Pwofèt la, ki te enb, te atire atansyon sou mesaj Jewova a, li pa t atire atansyon sou tèt li antanke mesaje. Menm jan an tou, lè nou nan predikasyon, olye pou n ap chèche jwenn louwanj oubyen pou n ap chèche fè moun konnen nou kòm moun ki enpòtan, nou atire atansyon yo pito sou Jewova ak sou Bib la (1 Kor. 9:16; 2 Kor. 3:5). Mete sou sa, nou jwenn rekonfò nan mesaj n ap preche a. Jodi a, ki aspè nan pwofesi Yowèl la ki ka fè nou vin gen zèl e ki ka ban nou espwa?
2. Lefètke jou Jewova a tou pre, ki sa sa dwe pouse nou fè?
2 “Jou Jewova a tou pre.” (Yowèl 1:15): Byenke yo te ekri pawòl sa yo depi plizyè milye ane, se nou menm k ap viv nan epòk dènye akonplisman yo. Lefètke sitiyasyon monn nan ap deteryore chak jou, moun nan kèk tèritwa endiferan, yo pase nou nan rizib, sa montre aklè dènye jou sistèm mechan sa a rive (2 Tim. 3:1-5; 2 Pyè 3:3, 4). Lè n ap gade jan lafen an tou pre, nou gen bonjan rezon pou nou bay travay predikasyon an priyorite nan lavi nou. — 2 Pyè 3:11, 12.
3. Poukisa li enpòtan pou nou patisipe nan travay predikasyon an pandan gwo tribilasyon an ap pwoche?
3 “Jewova pral yon refij pou pèp li a.” (Yowèl 3:16): Mo tranble yo itilize nan vèsè sa a konsène sèlman jijman Jewova pral egzekite sou mechan yo lè gwo tribilasyon an. Nou jwenn konsolasyon lè nou konnen Jewova pral delivre sèvitè l yo ki fidèl nan moman sa a (Rev. 7:9, 14). Pandan n ap patisipe nan travay predikasyon an e n ap fè eksperyans jan Jewova soutni nou, li fòtifye nou, sa fè nou gen plis lafwa ak plis andirans. De kalite sa yo pral ede nou pandan gwo tribilasyon an k ap rive talè konsa.
4. Poukisa nou ka kontan e nou ka tann lavni avèk konfyans?
4 Menmsi gen kèk moun ki di mesaj Yowèl la se youn nan mesaj ki pi tris, men li bay pèp Bondye a yon bèl espwa, li fè yo konnen yo pral delivre (Yow. 2:32). Kidonk, ann fè fas ak lavni avèk konfyans epi ann preche bon nouvèl Wayòm Bondye a avèk zèl pandan n ap prete atansyon ak pawòl Yowèl te di nan Yowèl 2:23 a ki di: “Nou mèt kontan epi nou mèt fete ak Jewova, Bondye nou an.”