BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/14 p. 1
  • Pran pwofèt yo kòm egzanp: Mika

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pran pwofèt yo kòm egzanp: Mika
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • N ap mache nan non Jewova pou toutan !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Sèvitè Jewova yo gen bonjan espwa
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Ki sa Jewova atann de nou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Ki jan n ka montre nou kontinye “ap ret tann”?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 1/14 p. 1

Pran pwofèt yo kòm egzanp: Mika

1. Ki kesyon Mika te ka ap poze tèt li, e ki sa k fè se pa t pou granmesi li te preche?

1 ‘Ki lè sistèm mechan sa a ap resi rive nan bout li?’ Petèt pwofèt Mika te poze tèt li yon kesyon konsa pandan li t ap fè wayòm Izrayèl la ak wayòm Jida a konnen mesaj jijman Jewova a. Sepandan, se pa t pou granmesi pwofèt la te preche. Pawòl Jewova te di kont Samari yo te reyalize nan ane 740 anvan epòk nou an, nan epòk Mika t ap viv la (Mika 1:6, 7). Annapre, yo te detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an (Mika 3:12). Ki jan nou ka imite egzanp Mika toutpandan n ap tann pou Jewova aji nan epòk pa nou an?

2. Kòman nou ka montre nou pasyan toutpandan n ap tann jou Jewova a, e poukisa nou dwe fè sa?

2 Montre nou konn ret tann: Men sa Mika te ekri: “Pou mwen menm, se Jewova m ap tann. M ap ret tann Bondye delivrans mwen an.” ​(Mika 7:7). Byennantandi, pandan Mika t ap tann pou Jewova detwi mechan yo nan epòk li a, li pa t ret ap tann san li pa fè anyen. Antanke pwofèt Jewova, li te toujou gen anpil travay pou l fè. Toutpandan n ap tann jou Jewova a, menm jan ak Mika, nou dwe “gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye”. (2 Pyè 3:11, 12.) Pasyans Jewova demontre bay chak moun tan pou yo repanti (2 Pyè 3:9). Kidonk, se ak tout kè nou, nou suiv konsèy Bib la bay pou nou imite pwofèt yo ki te montre yo konn ret tann. — Jak 5:10.

3. Poukisa nou dwe priye Jewova pou n mande l lespri sen l?

3 Konte sou fòs Jewova: Malgre Mika te gen yon asiyasyon ki pa t fasil, li te konte sou fòs Jewova pou ede l fè travay li te gen pou l fè a (Mika 3:8). Se pa pou anyen Pawòl Jewova a ankouraje nou pou nou konte sou fòs Jewova. Jewova bay moun ki fatige yo lespri sen l pou ede yo akonpli responsablite yo genyen nan kongregasyon an (Sòm 84:5, 7; Iza. 40:28-31). Èske w te deja santi Jewova ba w fòs nan sèvis w ap ba li a? Èske w abitye mande Jewova pou l ba w lespri sen l, yon fòs ki pisan? — Lik 11:13.

4. Ki sa k fè fason Mika te mennen lavi l se yon bèl egzanp pou nou jodi a?

4 Pandan tout lavi Mika, sa k te pi enpòtan pou li se te fè sa Bondye te mande l fè. Li te detèmine pou l rete fidèl malgre te gen anpil moun ki t ap fè sa k pa bon e ki te imoral. Menm jan an tou, se chak jou nou oblije goumen pou nou rete fidèl. Kidonk, annou toujou pran detèminasyon pou nou “mache nan non Jewova Bondye nou an, pou tan endefini, wi pou toutan”. — Mika 4:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje