BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/14 p. 2-3
  • Santan depi n ap preche Wayòm nan!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Santan depi n ap preche Wayòm nan!
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • 1914-2014: Santan depi Wayòm nan ap dirije!
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • 100 an depi Wayòm nan ap dirije — Ki efè sa gen sou ou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Poukisa nou dwe enterese nan Wayòm Bondye a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Moun k ap preche yo: Sèvitè Bondye yo ofri tèt yo volontèman
    Wayòm Bondye a ap dirije!
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 8/14 p. 2-3

Santan depi n ap preche Wayòm nan!

1. Ki sa yo te ankouraje pèp Jewova a pou yo fè, sa gen prèske santan?

1 Men sa frè Rutherford te di, sa gen prèske santan: “Tande sa, Wa a ap dirije. Se nou menm ki pou fè piblisite pou li. Se sa k fè nou dwe pwoklame, pwoklame, pwoklame Wa a ak Wayòm li an.” Lè l te di bèl pawòl sa a, sa te ankouraje pèp Bondye a gaye mesaj Wayòm nan sou tout kò tè a. E se sa nou kontinye fè! Menm jan ak kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, nou preche bon nouvèl Wayòm nan “tout kote anba syèl la”. (Kol. 1:23.) Lè n reflechi sou 100 dènye ane yo, ki sa n te fè pou n fè moun konnen Wayòm Bondye a? Pandan n ap pwoche moman ki pral fè Wayòm nan santan depi Bondye tabli l, ki sa n ka fè pou n kontinye fè moun konnen Wayòm Bondye a?

2. Ki jan piblikasyon nou yo fè moun konnen Wayòm Bondye a?

2 Reflechi sou sa n te fè: Pandan plizyè dizèn ane, piblikasyon nou yo ap fè moun konnen Wayòm Bondye a. Depi ane 1939, prensipal peryodik nou an pote tit: Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a. Souvan, peryodik sa a pale konsènan Wayòm nan ak sa Wayòm nan pral fè. Anplis de sa, peryodik Réveillez-vous! an mete aksan sou Wayòm Bondye a kòm sèl espwa pou limanite. Se pa san rezon ki fè de peryodik sa yo se peryodik yo plis pibliye jodi a e yo plis tradui nan monn nan! — Rev. 14:6.

3. Bay kèk nan metòd nou itilize pou nou fè moun konnen mesaj Wayòm nan.

3 Pèp Jewova a te itilize plizyè metòd pou fè moun konnen Wayòm nan. Okòmansman, nou te itilize kèk nan metòd sa yo: machin ki gen opalè sou tèt yo, emisyon radyo ak fonograf pòtab. Metòd sa yo te ede nou fè tout kalite moun konnen bon nouvèl la, nan yon moman kote pa t gen anpil pwoklamatè Wayòm nan (Sòm 19:4). Nan dènye ane ki sot pase yo, nou pibliye plizyè bagay sou sit jw.org la. Konsa, sa pèmèt nou fè plizyè milyon moun konnen mesaj Wayòm nan, sa gen ladan l moun k ap viv nan peyi kote yo entèdi travay nou an.

4. Bay kèk nan metòd espesyal nou itilize pou fè travay predikasyon an.

4 Anplis de sa, pèp Jewova a itilize kèk metòd espesyal pou yo gaye mesaj Wayòm nan. Pa egzanp, apati mitan ane 1990 yo, anplis de travay preche kay an kay la, nou te preche sou plas piblik, nan pakin ak nan zòn ki gen biznis. Sa pa gen twò lontan depi nou vin ak yon fason espesyal pou nou bay temwayaj an piblik nan gwo vil ki toupatou sou tè a. Mete sou sa, gen anpil kongregasyon k ap patisipe nan bay temwayaj an piblik nan tèritwa pa yo lè yo mete charyo piblikasyon yo ansanm ak tab piblikasyon yo nan zòn ki gen anpil moun k ap pase. Natirèlman, travay predikasyon kay an kay la se prensipal mwayen nou kontinye itilize pou nou preche mesaj Wayòm nan. — Tra. 20:20.

5. Ki posiblite nouvo ane sèvis la pral bay anpil nan nou?

5 Reflechi sou sa n pral fè: Apati de nouvo ane sèvis la k ap kòmanse an septanm, ap gen anpil moun ki pral kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan. Èske w ka vin yon pyonye pèmanan tou? Si w pa kapab, detanzantan, èske w pa ta ka pran sèvis pyonye oksilyè? Kit ou kapab kit ou pa kapab, sa ki sèten sèke Jewova ap beni tout efò w fè pou w bay tout ou menm nan fè moun konnen Wayòm nan. — Mal. 3:10.

6. Poukisa mwa oktòb la pral yon mwa ki espesyal?

6 Oktòb 2014 la pral fè Wayòm nan santan depi Bondye tabli l. Se pa san rezon Toudegad pou piblik la pou mwa oktòb la pral mete aksan sou Wayòm Bondye a. Ann fè tout sa n kapab pou nou fè plis moun jwenn peryodik sa a. Toutpandan n ap reflechi ak sa k gen pou vini yo, se pou nou chak kontinye fè moun ki dispoze koute nou yo konnen “bon nouvèl konsènan wayòm Bondye a”. — Tra. 8:12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje