BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/14 p. 2-3
  • Annou kondui etid biblik ki efikas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou kondui etid biblik ki efikas
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Ann ede etidyan nou yo vin kalifye pou yo batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Dezyèm pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Veye pou nou toujou gen ‘ ladrès nan fason nou anseye ’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Premye pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 12/14 p. 2-3

Annou kondui etid biblik ki efikas

1. Ki responsablite pwoklamatè k ap kondui etid biblik yo genyen?

1 Pèsonn pa ka sèvi Jewova si Jewova pa “rale l vini”. (Jan 6:44.) Menm nan ka sa a, pwoklamatè k ap kondui etid biblik yo dwe jwe wòl pa yo nan ede moun yo vin pwòch ak Papa yo ki nan syèl la (Jak 4:8). Sa mande preparasyon. Annik li chak paragraf epi poze kesyon ki enprime yo pa sifi pou n ede etidyan yo konprann mesaj la e pou yo fè pwogrè.

2. Lè pwoklamatè yo kondui etid biblik ki efikas, ki sa y ap ede etidyan yo fè?

2 Pou pwoklamatè yo kondui etid biblik ki efikas, yo dwe ede etidyan yo 1) konprann sa Bib la anseye, 2) aksepte ansèyman Bib la bay, e 3) aplike sa Bib la anseye (Jan 3:16; 17:3; Jak 2:26). Sa ka pran plizyè mwa pou n ede yon moun fè twa bagay sa yo. Men, chak bagay sa yo reprezante yon etap nan efò etidyan an ap fè pou l vin gen relasyon ak Jewova e pou l vwe lavi l ba li.

3. Poukisa anseyan ki efikas yo poze kesyon pou fè moun nan bay opinyon l?

3 Ki sa etidyan an panse?: Pou n ka disène si etidyan an konprann sa l aprann yo e si l aksepte yo, evite pale twòp epi ankouraje etidyan an di sa l panse (Jak 1:19). Èske l konprann sa Bib la di sou sijè n ap egzamine a? Èske l ka sèvi ak mo pa l pou l esplike sijè sa a? Ki sa l panse sou sa l ap aprann nan? Èske l kwè sa Bib la di sou sijè sa a rezonab (1 Tes. 2:13)? Èske l konprann sa l ap aprann nan dwe pouse l fè chanjman nan lavi l (Kol. 3:10)? Pou n ka jwenn repons kesyon sa yo, avèk tak, nou dwe poze l kesyon k ap fè l bay opinyon l, apre sa, se pou n koute l. — Mat. 16:13-16.

4. Ki sa n dwe fè si etidyan an difisil pou l konprann sa l aprann nan Bib la oswa pou l aplike yo?

4 Byen souvan, abitid yon moun genyen ak fason l panse se bagay ki byen anrasinen e sa pran tan pou moun chanje yo (2 Kor. 10:5). Bon, e si etidyan an pa aksepte sa l ap aprann yo oswa li pa aplike yo? Nou bezwen gen pasyans pou n ka kite yon kantite tan rezonab pase pou Pawòl Bondye a ak lespri sen ka travay nan kè etidyan an (1 Kor. 3:6, 7; Ebre 4:12). Olye nou fòse l kwè nan yon ansèyman biblik ki difisil pou l konprann oswa pou l aplike, li pi bon si n al nan yon lòt sijè avè l. Toutpandan n ap kontinye anseye l sa Bib la di avèk pasyans e avèk lanmou, avèk letan sa ka pouse l fè chanjman ki nesesè nan lavi l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje