BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/15 p. 3-6
  • Reyinyon predikasyon ki atenn objektif yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Reyinyon predikasyon ki atenn objektif yo
  • Ministè Wayòm nan — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Tire pwofi omaksimòm nan reyinyon predikasyon yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Reyinyon predikasyon yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Konsèy sou fason pou n fè reyinyon predikasyon ki efikas
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2015
km 3/15 p. 3-6

Reyinyon predikasyon ki atenn objektif yo

1. Ki objektif reyinyon predikasyon yo genyen?

1 Yon lè, Jezi te fè yon reyinyon ak 70 nan disip li yo anvan yo t al patisipe nan yon kanpay predikasyon (Lik 10:1-11). Li te ankouraje yo lè l te fè yo sonje yo pap poukont yo, epi Jewova, “Mèt rekòt la”, t ap dirije yo. Anplis de sa, li te ba yo enstriksyon ki t ap ekipe yo pou yo fè travay la, e li te òganize yo lè l te voye yo “de pa de”. Jodi a, reyinyon yo fè anvan nou soti nan predikasyon yo gen menm objektif la. Ladan yo, nou jwenn ankourajman, nou jwenn enstriksyon ki ekipe nou e yo òganize nou pou n fè travay la.

2. Ki kantite tan yon reyinyon predikasyon dwe dire?

2 Kounye a, yon reyinyon predikasyon dire ant 10 a 15 minit, sa gen ladan l òganize gwoup yo, fè asiyasyon tèritwa yo, epi fè yon priyè. Sepandan, gen yon chanjman ki fèt nan sans sa a. Apati mwa avril, yon reyinyon predikasyon ap dire ant senk a sèt minit. Men, lè yo fè reyinyon sa a apre reyinyon kongregasyon an, li dwe pi kout toujou etandone moun ki la yo te deja jwenn bonjan enstriksyon biblik. Lè yo fè reyinyon predikasyon an kout sa pèmèt nou tout pase plis tan nan ministè a. Mete sou sa, si pyonye yo oswa pwoklamatè yo te kòmanse preche anvan reyinyon predikasyon an, se sèlman pandan yon ti tan l ap nesesè pou yo kanpe aktivite yo.

3. Ki jan yo dwe fè reyinyon predikasyon yo pou yo ka pi pwofitab pou pwoklamatè yo?

3 Yo dwe fè reyinyon predikasyon yo yon fason pou yo pi pwofitab pou pwoklamatè yo. Nan anpil kongregasyon, gen plis avantaj lè yo fè gwoup predikasyon yo reyini apa olye yo fè plizyè gwoup reyini ansanm yon sèl kote. Sa ka fè l pi fasil pou pwoklamatè yo ale nan gwoup predikasyon an e petèt nan tèritwa a. Siveyan gwoup la ka òganize pwoklamatè yo byen vit, e l ap pi fasil pou l bay pwoklamatè ki nan gwoup li a bonjan atansyon. Gwoup ansyen an ka egzamine sitiyasyon kongregasyon an pou yo ka detèmine sa k ap pi bon pou kongregasyon an. Anvan yo priye pou yo fini reyinyon an, tout moun dwe konnen nan ki tèritwa yo prale epi ak ki moun y ap preche.

4. Poukisa nou pa dwe panse reyinyon predikasyon yo gen mwens enpòtans pase lòt reyinyon yo?

4 Yo pa gen mwens enpòtans pase reyinyon kongregasyon an: Piske se pou pwofi moun ki pral preche yo yo fè reyinyon predikasyon yo, se pa tout moun nan kongregasyon an k ap vin asiste yo. Sepandan, sa pa vle di nou dwe neglije yo oubyen nou dwe ba yo mwens enpòtans pase lòt reyinyon kongregasyon an. Menm jan ak tout lòt reyinyon yo, reyinyon predikasyon yo se yon dispozisyon Jewova pran pou pouse nou gen lanmou e pou pouse nou fè bèl aksyon (Ebre 10:24, 25). Kidonk, kondiktè a dwe byen prepare pou reyinyon an ka onore Jewova e pou l ka pwofitab pou moun ki la yo. Si sa pratik, pwoklamatè ki pral preche yo dwe fè efò pou yo asiste reyinyon an.

Nou pa dwe neglije reyinyon predikasyon yo ni nou pa dwe ba yo mwens enpòtans pase lòt reyinyon kongregasyon an.

5. a) Ki wòl siveyan sèvis la jwe nan kesyon òganize reyinyon predikasyon an? b) Ki fason yon sè dwe kondui reyinyon predikasyon an?

5 Preparasyon pou kondiktè a fè: Pou yon moun ka byen prepare l pou l fè yon patisipasyon nan yon reyinyon, li bezwen resevwa asiyasyon an alavans. Se menm bagay la tou pou reyinyon predikasyon yo. Natirèlman, lè gwoup predikasyon yo reyini apa, se siveyan gwoup la oswa adjwen l lan ki kondui reyinyon an pou gwoup la. Sepandan, lè plizyè gwoup ap reyini ansanm, se siveyan sèvis la k ap asiyen yon moun pou kondui reyinyon an. Gen kèk siveyan sèvis ki bay chak kondiktè yon pwogram epi li mete yon kopi pwogram nan sou tablo enfòmasyon an. Siveyan sèvis la dwe gen bon jijman lè l ap asiyen moun pou kondui reyinyon an. Li dwe sonje kalite reyinyon sa yo depann de kapasite kondiktè a genyen pou l anseye e pou l òganize soti a. Si pa gen okenn ansyen, okenn asistan ministeryèl, oswa okenn frè batize ki kalifye ki disponib pou fè soti a pandan kèk jou, siveyan sèvis la dwe asiye yon sè batize ki kalifye pou kondui reyinyon an. — Gade atik ki gen tit: “Lè se yon sè ki oblije fè reyinyon an.”

6. Poukisa li enpòtan pou moun yo asiye pou kondui soti a byen prepare?

6 Lè nou resevwa yon asiyasyon pou Lekòl ministè teyokratik oubyen pou reyinyon sèvis, nou pran sa trèzoserye e nou byen prepare. Se kèk moun sèlman ki ta ka tann se lè yo nan wout pou y al nan reyinyon pou yo kòmanse reflechi sou sa yo pral di. Nou dwe konsidere asiyasyon nou resevwa pou n kondui yon reyinyon predikasyon menm jan ak asiyasyon sa yo. Piske kounye a reyinyon predikasyon an ap vin pi kout, li pi enpòtan toujou pou n byen prepare pou reyinyon an ka pwofitab pou moun yo e pou l ka fini alè. Mete sou sa, yon bon preparasyon gen ladan l chèche gen tèritwa alavans.

7. Site kèk bagay kondiktè a ka pale sou yo.

7 Sou ki sa pou n pale?: Etandone sitiyasyon tout tèritwa pa menm, esklav fidèl la pa bay yon plan pou chak reyinyon predikasyon. N ap jwenn kèk sijesyon nan kare ki gen tit: “Kèk bagay nou ka egzamine lè n ap fè reyinyon predikasyon.” An jeneral, reyinyon an ap fèt sou fòm yon konvèsasyon. Nan kèk okazyon, nou ka fè yon demonstrasyon ki byen prepare oubyen nou ka pase yon videyo ki apwopriye nou jwenn sou sit Entènèt jw.org la. Lè kondiktè a ap prepare pou reyinyon predikasyon an, li dwe reflechi sou sa k ap ankouraje pwoklamatè ki pral preche jou sa a ak sa k ap ekipe yo pou ministè a.

Lè kondiktè a ap prepare reyinyon predikasyon an, li dwe reflechi sou sa li pral di k ap ankouraje moun k ap soti nan predikasyon jou sa a e k ap ekipe yo pou travay la.

8. Sou ki sa li t ap pi bon pou yo pale nan reyinyon predikasyon yo fè lè samdi ak dimanch?

8 Jou samdi yo, pa egzanp, pifò pwoklamatè konn ofri Toudegad ak Réveillez-vous! Anpil moun ki soti nan predikasyon jou samdi pa preche pandan semèn nan, konsa, li ka difisil pou yo sonje prezantasyon yo te prepare pandan sware adorasyon an fanmi an. Se sa k fè, li ka itil pou kondiktè a pale sou youn nan modèl prezantasyon yo bay nan do Ministè Wayòm nan. Lòt bagay nou ka fè se pale sou fason nou ka itilize yon nouvèl, yon evènman oswa yon fèt pandan n ap fè prezantasyon peryodik yo oswa montre fason nou ka poze baz pou yon nouvèl vizit si moun nan aksepte peryodik yo. Si gen kèk pwoklamatè ki te deja itilize peryodik y ap ofri a, kondiktè a ka mande yo pou yo bay kèk sijesyon oswa kèk eksperyans ankourajan yo te fè. Lè dimanch, kondiktè a ka chwazi fè menm bagay pou piblikasyon y ap ofri nan mwa a. Piske nou ka ofri piblikasyon nou fè etid tankou bwochi Bon nouvèl la ak Koute Bondye a ak liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a nenpòt jou nan mwa a, nan reyinyon predikasyon an, kondiktè a ka fè yon ti pale tou kout sou fason yo ka ofri youn nan piblikasyon sa yo.

9. Sou ki sa kondiktè a ka pale lè kongregasyon an ap patisipe nan yon kanpay espesyal pandan wikenn nan?

9 Si kongregasyon an ap patisipe nan yon kanpay espesyal pandan wikenn nan, kondiktè a ka egzamine fason pwoklamatè yo ka ofri peryodik ki fèk parèt yo ansanm ak envitasyon an oswa ansanm ak feyè a, oubyen li ka pale sou sa nou dwe fè si yon moun montre l enterese. Yon lòt bagay kondiktè a ka fè se rakonte kèk eksperyans ki montre enpòtans kanpay sa yo genyen.

10, 11. Poukisa li enpòtan pou pwoklamatè yo prepare pou reyinyon predikasyon an ka reyisi?

10 Preparasyon pou pwoklamatè yo fè: Pwoklamatè yo dwe jwe wòl pa yo tou pou yon reyinyon predikasyon ka reyisi. Lè yo prepare alavans pou ministè a, petèt pandan adorasyon an fanmi an, y ap ka pale ak lòt pwoklamatè yo sou kèk bagay yo te prepare. Bon preparasyon vle di tou pou n gen ase peryodik ak ase piblikasyon anvan nou vin nan reyinyon predikasyon an yon fason pou tout moun ka ale nan tèritwa a san yo pa fè reta ki pa nesesè.

11 Li enpòtan anpil pou w òganize w pou rive nan soti predikasyon an kèk minit anvan l kòmanse. Natirèlman, nou dwe fè efò pou n toujou alè nan tout reyinyon kongregasyon an. Sepandan, sa ka pi deranje lòt moun toujou lè nou rive an reta nan yon reyinyon predikasyon. Kòman sa? Frè k ap fè soti a gen yon pakèt bagay li pran an konsiderasyon anvan l òganize gwoup la. Si pwoklamatè ki la yo pa anpil, li ka chwazi voye yo tout nan yon tèritwa yo te deja kòmanse. Si gen pwoklamatè ki vin apye e tèritwa yo prale a lwen, frè k ap fè soti a ka mete yo ansanm ak pwoklamatè ki gen machin. Si se yon tèritwa ki konn gen anpil vyolans, li ka mete frè preche ak sè oubyen li ka mete kèk frè preche toupre sè yo. Pwoklamatè enfim yo ta dwe preche nan zòn ki pa gen monte desann oswa nan kay ki pa gen twòp eskalye. Pwoklamatè ki nouvo ka preche avèk pwoklamatè ki gen plis eksperyans. Men, si pwoklamatè yo rive anreta, byen souvan, kondiktè a oblije fè kèk chanjman oubyen li oblije refè asiyasyon yo pou l ka bay moun ki anreta yo patnè. Se vre, yon lè konsa nou ka gen yon rezon valab ki fè nou rive anreta. Sepandan, si nou gen abitid rive anreta, nou ka mande tèt nou èske se paske nou manke apresye reyinyon predikasyon yo oubyen èske se paske nou pa byen òganize aktivite nou genyen.

12. Si w konn fè pwòp aranjman w lè w pral nan predikasyon, sou ki sa w ta dwe reflechi?

12 Pwoklamatè k ap asiste reyinyon predikasyon an ka fè pwòp aranjman yo anvan reyinyon an kòmanse oswa kondiktè a ka ba yo yon patnè. Si w konn fè pwòp aranjman w, èske w ka elaji w lè w preche ak divès pwoklamatè olye w preche ak menm moun yo ki bon zanmi w chak fwa (2 Kor. 6:11-13)? Èske w ka aranje w pou w patisipe nan ministè a ak yon nouvo pwoklamatè tanzantan pou w ka ede l pwogrese nan fason l anseye (1 Kor. 10:24; 1 Tim. 4:13, 15)? Byen suiv kèlkeswa enstriksyon yo ba ou, sa gen ladan l enstriksyon sou kote w ap kòmanse preche. Lè reyinyon an fini, veye pou n pa chanje aranjman ki te fèt yo, e se pou n ale nan tèritwa a tousuit.

13. Si tout moun ki enplike yo fè efò e yo jwe wòl pa yo, ki jan reyinyon predikasyon yo ap pwofitab pou nou?

13 Lè 70 disip Jezi te òganize pou ministè a te fin preche, yo te “retounen ak kè kontan”. (Lik 10:17.) Pa gen dout, reyinyon Jezi te fè ak yo anvan yo kòmanse preche a te ede yo jwenn bonjan rezilta. Jodi a, reyinyon predikasyon yo ka pote menm byenfè a. Si tout moun ki enplike yo fè efò e yo jwe wòl pa yo, reyinyon predikasyon yo ap ankourajan, y ap ekipe nou e n ap òganize pou nou akonpli misyon Jezi te ban nou pou n bay “yon temwayaj pou tout nasyon”. — Mat. 24:14.

Lè se yon sè ki oblije fè reyinyon an

Yon sè dwe kouvri tèt li e nòmalman li dwe chita lè l ap kondui yon reyinyon predikasyon. Sijè li chwazi egzamine yo dwe menm sijè yon frè t ap egzamine. Toutpandan l ap evite bay enpresyon l ap bay moun ki nan oditwa enstriksyon, li ka fè yon konvèsasyon avèk yo. Si l mande yon lòt sè batize pou l fè priyè a, sè sa a dwe kouvri tèt li tou. Si gen yon frè batize ki vin nan reyinyon an apre yo fin kòmanse, nòmalman sè a dwe bay frè a kontinye reyinyon an. Siveyan sèvis la dwe prevwa sitiyasyon ki pa kouran yo e li dwe bay enstriksyon ki apwopriye sou sa yo dwe fè dekwa pou yo diminye sitiyasyon anbarasan yo. Pa egzanp, yon jèn frè batize, petèt yon timoun ki poko adolesan, ka vin asiste reyinyon an lè se yon sè yo te asiye pou fè soti a, men ansyen yo panse jèn frè a poko kalifye pou l kondui reyinyon an. Nan ka sa a, siveyan sèvis la dwe fè moun ki konsène yo konnen sè li te asiye a dwe kondui reyinyon an men frè a ap fè priyè a si ansyen yo panse li kalifye pou sa. Oubyen sa ka rive gen yon frè ki sou restriksyon ki pa ka kondui reyinyon an oubyen ki pa ka priye nan reyinyon kongregasyon an pou rezon ansyen yo konnen. San ansyen yo pa revele enfòmasyon ki konfidansyèl, yo dwe fè sè k ap fè reyinyon yo konnen yo ka kondui reyinyon an e yo ka priye menmsi frè a nan asistans lan. Anplis de sa, ansyen yo dwe fè frè a konnen ki jou sè yo asiye pou yo kondui yon reyinyon predikasyon.

Kèk bagay nou ka egzamine lè n ap fè reyinyon predikasyon:

  • Yon modèl prezantasyon ki nan Ministè Wayòm nan.

  • Yon videyo ki sou sit Entènèt jw.org la ki gen rapò ak ministè a.

  • Yon aspè byen presi nan yon bon prezantasyon, tankou yon entwodiksyon, jan pou n poze baz pou yon nouvèl vizit, oubyen nou ka pale sou dispozisyon yo pran pou moun yo bay ofrann lè yo aksepte yon piblikasyon.

  • Yon vèsè ki ankourajan e ki enstriktif ki gen rapò ak ministè a.

  • Eksperyans yon pwoklamatè ki nan kongregasyon an te fè.

  • Enfòmasyon ki nan yon atik nan yon Ministè Wayòm.

  • Enfòmasyon ki nan yon reyinyon sèvis yo te fè pa gen twò lontan.

  • Enfòmasyon yo rakonte nan yon Toudegad ki gen rapò ak ministè a.

  • Enfòmasyon yo rakonte nan liv tankou Lekòl ministè teyokratik ak liv “Vin suiv mwen”.

  • Yon atik ki sou sit Entènèt jw.org la ki ka itil nan ministè a.

  • Yon pwen enteresan nan Tradiksyon monn nouvo a ki ka itil nan ministè a.

  • Fason pou n kòmanse yon konvèsasyon ak yon moun nou rankontre nan tèritwa a, tankou yon moun ki pa kwè nan Bondye, yon moun ki kwè nan evolisyon, yon moun ki nan relijyon endou, oubyen boudis.

  • Fason pou n reponn yon objeksyon byen presi moun yo konn fè nan tèritwa a.

  • Fason pou n ede patnè nou pou l pi efikas lè l ap preche.

  • Fason pou n reyaji lè moun nou rankontre a pale yon lòt lang.

  • Fason pou n patisipe nan kèk aspè byen presi nan ministè a kèk moun nan gwoup la pral patisipe ladan l, tankou chèche yon kategori moun byen presi, bay temwayaj nan telefòn, patisipe nan temwayaj an piblik, al fè vizit, oubyen kondui etid biblik.

  • Yon rapèl sou sekirite, sou nesesite pou n fleksib, pou n gen bòn mànyè, pou n gen yon atitid pozitif oubyen yon bagay ki sanble ak sa yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje