Fason pou nou sèvi ak anrejistreman odyo yo
1. Apa piblikasyon ki ekri yo, ki lòt zouti nou genyen ki ka itil nou?
1 Anpil moun renmen sèvi ak sit Entènèt jw.org la pou yo li bèl pawòl ki verite e ki egzak (Ekl. 12:10). Men, èske nou konn sèvi ak anrejistreman odyo yo? Anrejistreman sa yo fè l posib pou nou koute yon bon valè nan enfòmasyon ki sou sit Entènèt nou an. Ki byenfè n ka jwenn grasa anrejistreman odyo yo?
2. Ki jan nou ka sèvi ak anrejistreman odyo yo nan etid pèsonèl nou oubyen nan etid an fanmi an?
2 Nan etid pèsonèl nou oubyen nan etid an fanmi an: Lè nou koute anrejistreman odyo yo, kit se anrejistreman Bib la, peryodik yo oubyen yon lòt piblikasyon pandan n ap vwayaje oubyen pandan n ap fè aktivite nou chak jou, sa ka ede nou pi byen sèvi ak tan nou (Efe. 5:15, 16). Lè n ap fè adorasyon an fanmi, nou ka koute anrejistreman odyo yon piblikasyon pandan n ap suiv lekti a nan piblikasyon an, konsa n ap ajoute plis varyete nan adorasyon an. Lè nou sèvi ak anrejistreman odyo yo nan etid pèsonèl nou, sa ka vrèman ede nou si n ta renmen amelyore fason nou li oubyen si n ap aprann yon lang.
3. Ki moun nan tèritwa nou ki ka jwenn byenfè grasa anrejistreman odyo yo?
3 Nan predikasyon: Moun nan tèritwa nou ki santi yo twò okipe pou yo fè lekti ka dispoze koute anrejistreman odyo yo. Oubyen nou ka rankontre moun ki pale lòt lang ki ka pi byen reyaji si yo tande mesaj Wayòm nan ‘nan lang manman yo’. (Tra. 2:6-8.) Nan kilti kèk peyi, koute se yon bagay ki enpòtan. Pa egzanp, nan kilti peyi Hmong, moun yo gen abitid pou yo rakonte jenerasyon ki pi jèn yo istwa yo, e moun ki pi jèn yo gen bonjan kapasite pou yo kenbe enfòmasyon yo tande yo. Se konsa, yon fason oral, yo transmèt istwa yo jenerasyon apre jenerasyon. Nan anpil kilti afriken, moun yo renmen aprann grasa istwa lòt moun rakonte yo.
4. Ki kesyon nou ka poze tèt nou sou fason pou nou ede moun nan tèritwa nou yo?
4 Nan tèritwa nou èske li pa t ap bon pou n pase youn nan anrejistreman odyo nou genyen yo pou yon moun nou rankontre ki pale yon lòt lang? Èske gen yon moun nou ka ede si n voye yon piblikasyon odyo pou li nan yon imel? Èske n ka telechaje anrejistreman odyo yon piblikasyon epi nou kopye l sou yon CD pou nou bay yon moun nou rankontre ki enterese, petèt nou ka ba li l ansanm ak piblikasyon ki enprime a? Nou ka konte kòm plasman chak bwochi ann antye nou bay yon moun sou fòma elektwonik, se menm bagay la pou feyè, liv oswa peryodik. Yo fè anrejistreman odyo yo pou n ka sèvi avèk yo nan etid pèsonèl nou e nou ka itilize yo tou pou nou plante semans verite Wayòm nan. — 1 Kor. 3:6.