Pran pwofèt yo kòm egzanp: Abakouk
1. Poukisa nou ka konpare tèt nou ak pwofèt Abakouk?
1 Pandan n ap fè fas ak mechanste ki pa sispann ogmante nan monn nan, nou ka santi nou menm jan ak Abakouk ki te mande Jewova: “Poukisa w kite m wè move bagay k ap fèt? E poukisa w tolere moun k ap toupizi lòt moun?” (Aba. 1:3; 2 Tim. 3:1, 13). Lè nou medite sou mesaj Abakouk la e nou reflechi sou bèl egzanp li kite pou nou nan domèn fidelite, sa ka ede nou andire pandan n ap tann jou jijman Jewova a. — 2 Pyè 3:7.
2. Jodi a, ki jan nou ka montre n ap kontinye viv paske nou fidèl?
2 N ap kontinye viv, paske nou fidèl: Olye Abakouk te kite dekourajman pote l ale, li te rete vijilan nan domèn espirityèl e li te rete okipe nan sèvis Bondye (Aba. 2:1). Jewova te bay pwofèt la asirans L ap reyalize pawòl li nan moman li fikse a epi “moun ki jis la ap kontinye viv, paske li fidèl”. (Aba. 2:2-4.) Ki sa sa vle di pou kretyen yo k ap viv nan yon moman kote yo rive byen fon nan tan lafen an? Sa k pi enpòtan se pou nou gen fèm konviksyon lafen an ap vini se pa pou n ap chèche konnen ki lè lafen an ap vini. Lafwa nou genyen ap pouse nou rete veyatif e l ap ede nou bay travay predikasyon an priyorite nan lavi nou. — Ebre 10:38, 39.
3. Poukisa nou dwe kontinye kenbe jwa nou nan sèvis n ap bay Jewova?
3 Pran plezi nan sèvis n ap bay Jewova: Lè Gòg ki soti nan peyi Magòg pral atake pèp Jewova a, lafwa nou pral pase anba eprèv (Eze. 38:2, 10-12). Lagè pote soufrans menm pou moun ki rive ranpòte laviktwa yo. Ka gen rate manje. Gen moun ki ka pèdi byen yo genyen, e moun yo ka pa gen menm mwayen ekonomik yo ankò. Ki jan n ap reyaji lè difikilte sa yo rive? Abakouk te konnen difikilte yo t ap vini, se sa k fè li te detèmine pou l kontinye kenbe jwa li nan sèvis l ap bay Jewova (Aba. 3:16-19). “Lajwa Jewova bay la” ap ede nou andire anba eprèv k ap vini yo tou. — Ney. 8:10; Ebre 12:2.
4. Ki jwa nou ka genyen depi kounye a e alavni?
4 Moun Jewova ap pwoteje pandan jou jijman l lan ap kontinye aprann konnen chemen Jewova yo ki mennen nan lavi (Aba. 2:14). Moun ki resisite yo pral aprann konnen Jewova tou. Depi kounye a, nou dwe pwofite tout okazyon nou jwenn pou n pale de Jewova e pou n fè moun konnen gwo aksyon li fè yo! — Sòm 34:1; 71:17.