TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 52-59
“Lage chay ou sou Jewova”
David te rankontre anpil gwo eprèv nan lavi l. Pou rive nan moman li te ekri Sòm 55 lan, li te deja fè fas ak anpil pwoblèm tankou...
Yo te manke l dega
Yo te pèsekite l
Li te santi l koupab anpil
Li te gen gwo pwoblèm nan fanmi l
Li te malad
Yo te trayi l
Menm lè pwoblèm yo te parèt twòp pou David, li te chèche yon mwayen pou l fè fas ak yo. Men konsèy Bondye te enspire l pou l bay moun k ap rankontre menm pwoblèm sa yo: “Lage chay ou sou Jewova.”
Kòman nou ka aplike vèsè sa a jodi a?
Priye Jewova ak tout kè nou lè nou gen nenpòt pwoblèm, lè nou gen enkyetid oubyen nou gen tètchaje
Chèche direksyon ak èd nan Pawòl Jewova a ak nan òganizasyon l lan
Fè tout sa nou kapab yon fason ki rezonab pou nou rezoud pwoblèm nan ann amoni ak prensip ki nan Bib la