TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 1-6
“Fè Jewova konfyans ak tout kè w”
Jewova merite pou nou gen yon konfyans total nan li. Siyifikasyon non l fè nou gen konfyans nan kapasite l genyen pou l akonpli tout pwomès li fè yo. Lapriyè se yon bagay ki enpòtan pou n gen konfyans nan Jewova. Pwovèb chapit 3 ban nou asirans Jewova ap rekonpanse nou pou konfyans nou mete nan li lè l ‘fè tout bagay mache byen nan lavi nou’.
Yon moun ki gen sajès nan pwòp je l...
pran desizyon san l pa mande Jewova direksyon anvan
mete konfyans li nan sa l panse ak nan sa monn nan panse
Yon moun ki mete konfyans nan Jewova...
chèche gen yon relasyon sere ak Jewova lè l etidye Labib, lè l medite sou li e lè l priye
chèche direksyon nan men Jewova lè l suiv prensip ki nan Bib la lè l ap pran desizyon
PREMYÈMAN: Mwen pran desizyon m panse ki pi saj la |
DEZYÈMMAN: Mwen mande Jewova pou l beni desizyon m pran an |
PREMYÈMAN: Mwen chèche direksyon nan men Jewova pa mwayen lapriyè ak etid pèsonèl |
DEZYÈMMAN: Mwen pran desizyon ki ann amoni ak prensip ki nan Bib la |