TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 11-16
Tè a pral plen konesans sou Jewova
Fason pwofesi sa a te aplike pou Izrayelit yo
Ni pandan Izrayelit yo t ap tounen sot ann egzil nan Babilòn, ni lè yo te rive nan peyi yo a ki te rebati, yo pa t bezwen pè ni bèt sovaj yo ni moun ki te konn aji tankou bèt yo. — Esd 8:21, 22
Fason pwofesi sa a akonpli nan epòk nou an
Konesans sou Jewova chanje pèsonalite moun. Moun ki te vyolan vin tounen moun ki renmen fè lapè. Konesans sou Jewova fè gen yon paradi espirityèl sou tè a
Fason pwofesi sa a pral akonpli alavni
Tout tè a nèt pral tounen yon paradi kote k ap gen sekirite ak lapè, jan Bondye te gen sa nan objektif li te gen depi okòmansman an. Pa gen okenn moun oswa bèt k ap yon menas ankò