BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp20 no 3 p. 7
  • Èske yo chanje Pawòl Bondye a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske yo chanje Pawòl Bondye a?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KÒMAN N KAPAB KWÈ SA KI NAN PAWÒL BONDYE A JODI A SE MESAJ BONDYE TE FÈ EKRI A?
  • Èske yo chanje sa ki nan Bib la?
    Repons Bib la bay
  • A3 Fason nou vin gen Bib la
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Se pou n gen konviksyon ‘pawòl Bondye se laverite’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Bib la chape anba efò moun fè pou yo chanje mesaj ki ladan l lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
wp20 no 3 p. 7
Yon pati nan liv Ezayi a ki soti nan Woulo Lanmè Mòt yo ki anlè yon Tradiksyon ann arab ki egziste jodi a.

Yon pati nan liv Ezayi a ki soti nan Woulo Lanmè Mòt yo ki parèt anlè yon Tradiksyon ann arab ki egziste jodi a. Mesaj ki nan Pawòl Bondye a rete menm jan an.

Èske yo chanje Pawòl Bondye a?

Gen moun k ap mande si yo pa chanje Pawòl Bondye a. Pwofèt Ezayi te di Pawòl Bondye a ap “la pou toutan’’. (Ezayi 40:8.) Kòman n kapab kwè Bondye te byen pwoteje pwomès ki nan Pawòl li yo?

Bondye gen pouvwa pou l pwoteje Pawòl li a, epi anpeche moun chanje l. Nan tan lontan, mesye ki te konn kopye maniskri yo te konn konte chak lèt nan liv sakre yo avèk prekosyon pou yo sèten yo pa t ajoute, chanje oubyen retire anyen ladan yo. Men, lefètke lèzòm enpafè, gen kèk nan mesye ki te konn kopye maniskri yo ki te fè kèk ti erè.

KÒMAN N KAPAB KWÈ SA KI NAN PAWÒL BONDYE A JODI A SE MESAJ BONDYE TE FÈ EKRI A?

Gen plizyè milye kopi ansyen maniskri Ekriti sakre yo. Si gen yon ti diferans nan yon kopi, yo kapab konpare l ak lòt kopi pou yo jwenn sa k bon an. — Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade atik “Èske yo chanje sa ki nan Bib la?’’ ki sou jw.org.

Ann pran egzanp ansyen maniskri ki rele Woulo Lanmè Mòt yo, bedwen yo te dekouvri nan kèk gwòt toupre Lanmè Mòt nan ane 1947. Ansyen maniskri sa yo gen kèk pati nan Ekriti sakre yo ki la depi plis pase 2 000 an. Espesyalis yo te konpare ansyen maniskri sa yo ak liv ki nan Pawòl Bondye a jodi a. Ki sa yo te wè?

Biblis yo te wè sa ki nan Pawòl Bondye a jodi a se menm bagay ak sa ki te nan tèks orijinal yoa. Lè n egzamine ansyen maniskri yo avèk atansyon, yo fè n wè sa n ap li nan Bib la se pawòl Bondye. Nou kapab sèten Bondye te fè tout sa l kapab pou l byen pwoteje mesaj egzak ki nan Liv sakre l yo pou n ka jwenn li jodi a.

Se sa k fè, nou kapab li Pawòl Bondye a ak yon konfyans total e nou kapab gen asirans li egzak. Pandan sa nan lespri nou, ann egzamine sa pwofèt Bondye yo ka aprann nou sou Bondye.

a Tout Woulo Lanmè Mòt yo ann anglè (anglè), paj 16, se Geza Vermes ki pibliye l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje